Chak dans gen kadans pa’l
Chak lanmou gen lavi pa’l
Chak mo gen pwezi pa’l
Chak pwezi gen mizik pa’l
Chak amatè vire batiman fason pa’l
Chak fanm fòl nan fason pa’l
Pa dwe gen kè kase.
Lanmou se yon kay san adrès
Yon liv ki pa fin ekri…
Lalin ap ri nan fenèt
Chak souf se mizik
Chak mo se nòt
Zèklè ap gade
Lespri an nou ki file kou Zetwal
Nou lage
Nou lib
Nou pa gen tan ni lè
@Binah-Elle 7/10/2025