Vini, Souri epi kite m ekri w on Tablo
Vini, chita epi Desine m on Powèm
Vini, Bò kote m m ap ede w pot fado
Epi nan pita w a Remèt mwen bonè m
Vini, Ak Anyen m ap Konstui w on Chato
Paske ti Ledi nan kè Thug la ou se Rèn
Vini,m louvri m, m pa gen anyen pou m kache w
Vini, pou m rakonte w tout Sekrè m
Vini!
Vi n Nou Danse
Vi n nou Ranse
Vi n nou youn pran swen lòt Vi n nou panse n
Vi n nou chante l
Vi n nou konte l
M te vid ou vini Ou Konble m
PS:Yon Ti Powèt Ki Fuck Rap yo a, ki al Viv lavi Damokles li
#Vini
#Granmèt
https://t.co/U1dL6S1HaK
⭕️ENFO | Se yon lanmò ki endiye anpil moun sou rezo sosyal yo. Stephora Anne-Mircie Joseph, 11 lane, elèv « Da Vinci School », mouri pandan yon sòti lekòl li tap fè nan yon ranch nan Hacienda, Los Caballos, ki twouve l nan sektè Chichigua Gurabo, 14 novanm 2025 lan. Daprè enfòmasyon medya dominiken yo pataje, kote aktivite a tap fèt la se yon espas lwazi, ki konn resevwa diferan evènman tankou maryaj, anivèsè, batèm elatriye... Espas la gen yon gwo pisin, yon jakouzi, yon espas babekyou, pou n site sa yo sèlman. Jiskaprezan, sikonstans lanmò Stephora poko klè. Pandan yon enspeksyon sekirite nan espas la, Ministè Piblik ak Defans Sivil dominikèn di yo remake te gen yon absans ekip sovtaj pwofesyonèl, kit famasi, branka ak lòt eleman sekirite nesesè pou zòn pisin nan. Sou baz verifikasyon sa a, otorite yo pase lòd pou yo fèmen espas la tanporèman, pandan ankèt la ap avanse. 15 jou aprè, se yon silans total, ni bò kote leta, ni bò kote lekòl la. Manman viktim nan ki se Lovelie Joseph Raphael, fè konnen jiskaprezan li pa janm jwenn okenn eksplikasyon klè sou sa ki rive pitit fi li a | @passioninfoplus@ListinDiario
An pasan eske n konprann kijan yon sitiyasyon kapab afekte plizyè moun kit pre ou lwen. Egzanp : Sitiyasyon Ayiti a rive afekte menm Ayisyen nan peyi etranje ki gen papye nòmal. E m pa panse sa ap kanpe la. Di Koze Ayiti pa konsène w , p ap anpeche l rive frape w kenpòt jan an.
#Haïti
Le Cap-Haïtien faisait partie d’un projet de refondation territoriale inscrit dans le Plan stratégique de développement d’Haïti, lancé sous le gouvernement de Joseph Michel Martelly et Laurent Salvador Lamothe. Ce programme, qui devait être financé par les fonds PetroCaribe, visait à repenser l’aménagement et le développement du territoire national.
Mais les ressources prévues n’ont jamais été utilisées comme prévu. Aujourd’hui, les deux anciens dirigeants sont sanctionnés par les États-Unis, alors que le projet est resté sans suite.
Plusieurs autres projets d’urbanisme ont été mis en place par l’État ou par d’autres structures internationales.
En mars 2020, par exemple, la Banque mondiale a approuvé un don de 56 millions de dollars pour appuyer le développement urbain du Cap-Haïtien.
LIRE PLUS : https://t.co/TCa7mWPOrO