Tribinal Kou Siprèm lan vote 6-3 an favè administrasyon Trump la nan dosye TPS Ayiti a epi otorize gouvènman an kanpe li. Ki vle di de fason imedya, enjonksyon jij federal yo ak kou dapèl te mete yo leve.
Dapre premye analiz mwen fè, Tribinal la deside ke lwa TPS la limite kapasite tribinal yo pou revize pifò reklamasyon ki pa baze sou kestyon konstitisyonèl konsènan deziyasyon oswa revokasyon TPS ( pa bliye nan moman an li ap fèt sou baz APA/rasyal). Sa vle di, pou kounye a, gouvènman an gen dwa kontinye ak pwosesis pou mete fen nan TPS la. Otomatikman USCIS poste sou paj li a desizyon an, li ap efektif eli malerezman tout moun anba status sa ap pèdil.
Desizyon an gen 49 paj. Mwen pako fin li l men mwen vle pran tan mwen pou li l nèt pou m ka eksplike nou pi byen ki enpak li genyen sou dosye a ki toujou devan tribinal federal yo. M ap retounen ak plis detay apre yon analiz konplè dokiman an.