@pnh_officiel Lapolis ap arete lajistis ap lage. Nèg sa se pwomosyon yo fè pou li la kounya tout bandi ki pat gen kontak pou achte zam tou gen misye la.
@cruzrojas2009@cherizier_jimmy Kòman nasyon sa fè ye konsa tout bagay se kòb nou toujou mete ladann, pandan setan gen yon pakèt moun ki tap kritike nèg la sou pretèks li fè malere paka fonksyone, kounya nou bezwenl.
@guichard_dore Se yon envestisman yo te fé pou touye Prezidan Jovenel, kounya yap antre kòb yo te envesti a. Nèg yo pa egare yo pa tap janm depanse tout kòb sa pou touye yon prezidan san se pa pi plis kòb yap fè an retou.
Sistèm edikatif nou an ak anpil fanmi nou grandi aprann nou pou nou mekanik tankou yon wobo, men yo pa aprann nou reflechi pou nou pran pwòp desizyon pa nou atravè refleksyon nou.
Bagay ki di wi, lèw gen yon rèv ki paka reyalize, se kòmsiw malad pa anndan e se tankou yon maleng kap gratew ou paka kratel, kik ou gratel oswaw pa gratel lap anpire de jou an jou, sèl tretman li gnyen se reyalizel e viv li.
Menmjan yo di lejitim defans dwe pwopòsyonél. Mw panse jistis la ta dwe pwopòsyonèl ak krim nan tou. Ou bat moun yo bat ou tou, ou touye moun yo touyew tou.