Mon petit, ta vie n’est pas facile hein…
Tu es le seul joueur qu’on accuse de vivre avec ta femme chez toi 🤣. Ta femme devait vivre chez le voisin? 🤣
Maintenant ils t’accusent de jouer collectif🤣
Alors que l’an dernier ils t’accusaient de t’entêter dans les dribbles et actions individuelles,
Maintenant ils veulent tes dribbles et ne sont pas contents que tu joues juste, que tu fasses des passes, et que tu joues de manière utile pour ton équipe et le collectif
Gordon a fait la même passe à Raphinha il a marqué, Kvara avait fait la même à Dembélé il a marqué, tu fais la même passe à leur Gourou, il a raté. C’est cela jouer collectif.
Ton début de saison est très cohérent et bon. Ton football mûrit et nous plait. Dés que tu seras à 100%, tu seras intenable. 👌
M toujou di sa ,si se Real ki te gen dosye Negreira a sou do l , nou te vann nan zobop. Kijan pou yon klèb ap peye yon Vis Prezidan abit ekivalan 40 mil ewo pa mwa pandan preske 20 lane pou n fèmen je n sou pwoblèm etik grav sa? Anpil jounalis isit banalize sa paske se pa Real.
@nitronitroni Depi 2 zan media divize, fanatik divize, ekip la pat ka rive pi lwen. Si konpòtman an te pouse jwè yo jwe ansanm olye yo te alimante zafè kiyès ki mèt ekip la, ekip la tap lwen.
Malerezman nou rive nan yon kafou kote rekonsilasyon an pa fasil ankò ant 2 kan yo
Mwen m pa gen pwoblèm ak yon moun ki twouve sa k te di an funny, se dwa l, se chwa l, men pa mande pou m wè l funny tou paske m gen dwa sa ak chwa sa🙂
Nan maryaj lè yo di “nan sante kou maladi, nan richès kou povrete”, se pa jis yon bèl pawòl pou seremoni an, Se yon angajman pwofon ki rekonèt yon verite ase senp: vi an gen 2 fas, gen moman wo, gen moman ba, Gen lajwa, gen difikilte, sesi se sa yo k fè yon relasyon reyèl tout bon.
Lè yon moun di “nan richès sèlman”, li klèman retire mwatye nan angajman sa lol (m pa bezwen konn si l te gen milyon sou kont pa l la, se yon fay nan yon moman sakre konsa)
Sa vle di klèman l dispoze rete sèlman lè bagay yo bon, relasyon pa teste sèlman nan fasilite 🙂 li teste nan difikilte tou, Se lè gen ti moman razè a, lè gen sante k febli, lè lavi bay bon jan presyon, pou w wè vrè valè yon patnè w genyen😉
Sa gen plizyè danje ladan l:
Li montre yon vizyon relasyon ki baze sou enterè, pa sou lanmou ni respè. (Menm si se an blag li fè mesaj la pase)
Li tou fè konprann si sitiyasyon an chanje, li ka vire do l fasil ( dayè l te avèti w)
Li kraze prensip solidarite ki fè yon koup solid, li klèman kreye yon relasyon ki depann de kondisyon, olye l chita sou yon angajman… (nou pral di m egzajere, men m jis pale selon mesaj ki fè pase a🙂)
Yon moun ki rantre nan maryaj ak lide sa pa pare pou tout dimansyon relasyon koze maryaj mande a, ( li pa t oblije dakò marye tou🙂)
Paske maryaj pa yon senp kontra pou pwofi sèlman, se yon alyans pou travèse tout sezon vi sa ansanm.
Se poutèt sa pawòl sa pou mwen m di byen wi “POU MWEN” sa k repete nan moman seremoni sakre sa se yon “red flag” klè, e l pa jis yon blag mal plase; li revele klèman yon mantalite ki ka mennen gwo pwoblèm pita, Nan lanmou, ou pa sèlman chwazi solèy, nou dakò mache ansanm menm nan moman lapli ak gwo loray k ap gwonde…
Si yon moun pa pare pou tou 2, li pa vrèman pare pou maryaj😉
Osi senp kòm bonjou!
@anmweyyy 1. Majistra a te lage tout chay la sou SNGRS ak TPTC, sa ki pa totalman verite. SE MERI an ki gen responsabilite komin nan.
Sou kowòdinasyon meri an, sipoze gen yon plan ki ekri ki mete am synergie Meri a, TPTC, biwo delege depatmantal, ministè anviwonman.
E plan sa sipoze klè.
@anmweyyy 4. Kominikasyon sipoze klè, fatra pa grandi ni miltipliye, se moun ki fèl. Fok moun yo fè yon premye jesyon epi meri a ap fè final la.
Fok antrepriz kap jenere plastik yo pran responsabilite yo. Chak enstitisyon, kel prive, kel leta sipoze prezante yon plan jesyon fatra li gen.
@anmweyyy 3. Chak moun sipoze dakò pou jere fatra kap pwodui lakay yo, konsa yo ka peye yon ti mwayen lè kolek yo ap fè. Chak moun ki ap ranmase fatra lakay moun pou yo al jete sipoze gen otorizasyon pou sa, pou meri a konnen direkteman ki moun ki ladanl epi ki kote yo jetel.