Emmanuel Toto Constant, chef d'escadron de la mort, responsable avec Cédras de la mort de 3000 à 5000 haïtiens entre ( 1991-1994 ). Etazini depote li apre yo te fè li touye yon paket frè li pou selman 700 dola ameriken chak mwa, li tap touche nan men CIA. Se yon leson pou tret.
M te toujou klè sou sa. M pa regrete pozisyon sa. Depi nou te rantre Ayiti nan spiral tranzisyon politik, nou t ap pèdi peyi an menm si rejim konstitisyonèl yo toujou gen gwo problèm. Se mwayen pou group politisyen ki pèdi eleksyon vin dirije san aprobasyon popilè.
Pi bèl ilistrasyon ki montre klas politik sa medyok, se konsèy prezidansyel tranzisyon ki gen pifò gwo fòs politik yo ladan li.
Reprezantan tout gwo fòs politik yo afiche tout medyokrite politik nou wè yo pandan plis pase 16 mwa.
Jodia li klè klas politik retrograd sa .
@VelinaEC Li fè sa, se paske anpil ayisyen toujou renmen pran opinyon piblik la oubyen medya kòm lajistis. Se endesan pou yon minis, ULCC ki ap konbat kowipsyon epengle li nan yon rapò epi pou minis sa olye li mete li disponib pou lajistis ap eseye diskredite yon enstitisyon Repibliken.
Echèk konsèy prezidansyel tranzisyon ki gen ladan li pifò fòs politik ayisyen, se echèk yon klas politik ki retrograd, medyok epi kowonpi. Se menm fòs politik yo ki ap pare pou yo propoze lòt altènativ apre 7 fevriye 2026. Pifò politisyen se dechoukè. Yo pa te janm demokrat.
Konsèy prezidansyel tranzisyon gen tout konpetans pou li ta ka konstitiye yon " task force " piblik pou Ayiti poutan gade rezilta katastrofik li akouche nan tèt peyi an.
Li gen injenyè sivil, sosyològ, ekonomis, jiris, achitèk, administratè, medsen, injenyè agonòm epi teyolojyen.
Les meneurs d’hommes de ce pays en dehors des situations sont les plus moraux qui existent, dans la situation réelle, les plus ignobles et les plus infâmes.
Don Gilberto
@windyphele Fritz Jean pa dwe vin plenyin. Li jis dwe travay. Dayè lè li te deyò Leta epi nan opozisyon politik, li te gen tout solisyon peyi Dayiti nan men li. Li te menm ekri liv sou fason yo dwe abode problèm ki anndan Leta ayisyen. Se nan pye miray nou ap konnin vrè mason.
Jou popilasyon ayisyen konpran politik san emosyon, li ap wè pito yon peyi gen yon gouvenman konstitisyonèl ki gen reproch pase peyi sa fè yon fo revolisyon ki ka plonje li nan kao politik absoli epi kriz institisyonèl ki miltidimansyonel.
@Fritzalphonsej Kontinye fè foto pou w mete nan album. Nou tout konnin rankont sa yo p'ap garanti AYITI anyin. W'ap jwen foto yo pou w montre fanmi w epi zanmi w pi devan epi bat lestomak pou kantite gwo rankont ou te patisipe lè w te prezidan de facto. Se yon fòm revanch sosyal kont sosyete an.
@Fritzalphonsej Medya iste prezante w kòm senbol sajès politik. Se te menm kout baton pou Edgard Leblanc Fils. Sa ki evidan yo te toujou nye paske yo pa konpran politik, pifò politisyen nan klas politik mele nan konpromisyon. Nou p'ap janm serye paske pito tout ayisyen mouri pou nou jwen pouvwa.
@Fritzalphonsej Lè nou deyò pouvwa, nou chaje disèneman, nou chaje imilite politik, nou konpran kriz Leta ayisyen e wè tout solisyon. Lè nou rive sou pouvwa, nou chanpyon nan kowipsyon politik epi deriv. Nou raketè tout nan zo. Kòm mwen, m te pridan sou demagog Isi Se sa ki fè m pa desi de ou.
@RalphEFrancois@yjeanlouis@windyphele Li gen nyans nan kesyon yo. Lafrans gen yon " régime parlementaire " si nou konsidere konstitisyon senkyèm Repiblik la. Men si nou konsidere koutim konstitisyonèl, li gen yon " régime mixte ou semi-présidentiel ".
@RalphEFrancois@yjeanlouis@windyphele Kòrek! Prezidansyalis la se lè rejim prezidansyel la pote vè deriv. Menm jan Ayiti, eske nou pa ka pale de " dictature d'assemblée " paske " régime semi- présidentiel " la pote vè yon diktati palmantè ?
@RalphEFrancois@yjeanlouis@windyphele Si nou konsidere konstitisyon federal ameriken menm, Etazini gen yon " régime congressionnel ". Si nou konsidere " coutume constitutionnelle ", Etazini gen yon république fédérale présidentielle ". Men presizyon an.
@RalphEFrancois@windyphele Se pa paske anpil moun swete li gen yon rejim prezidansyel ki vle di Kont pouvwa yo dwe anile. Sa nou gen la avèk KPT an pa oken nan rejim yo paske nou ap asiste deriv yon sel pouvwa. Avèk yon rejim prezidansyel fok 3 pouvwa yo prezan.