@Nalingiye Se pa rezon Enrique pa gen sèlman, li pa gen okenn merit tou nan sa PSG ap fè la, selon jan w pale a. Paske s on travay ki te kòmanse depi plis ke 10an l ap benefisye la.
Nou gen grenn nou menm😃
@sandprodz Misye anvi fè on analiz, men l tèlman pa gen okenn eleman pou soutni sa l ap di a. Opinyon pèsonèl li pran '' le dessus''. Nèg yo lage nan fè sansasyon.
@_Jetry_ Barça se pa yon ekip menm jan ak tout lòt. Se yon vizyon, yon lekòl panse kote se entèlijans kolektif ki priyorite a. Barça se on filozofi ki bati sou metòd, sou eritaj, sou prensip. Barça pa sèlman konstwi pou chase trofe, li fòme lespri... Mèsi Johan Cruyff.
@bouyonclip @Sandou96011 @ralphganthier M pa janm di ni X ni Y inosan. Men depi m timoun, mwen te tande non tankou Grenn Sonnen, Dread Wilme, Inbalatèt elt... Yo tout ale, pavre. Men sa k fè daprè ou toujou gen bandi jodi a? Sa vle di pwoblèm lan pi pwofon pase sa, non?
• Pou rapèl, Wendyyy te konn enpozel atè a tou, koup cheve l tap mennen, gwo mayo long yo li te fè yap mennen, an gwo look li tap mennen, li te abitye fè tout sa yo deja e Kounya se sou entènèt la lap layite kò l 😁
🐜❤️
@Sandou96011 @ralphganthier Responsablite a pa chita sèlman sou moun ki komèt zak la men sou kiyès ki kreye kondisyon pou w komèt zak la. Men sa, si w ret nan fristrasyon ou p ap wè l.
@Sandou96011 @ralphganthier Ralph ka pa dakò, men rele Kemi "foli entèlektyèl” plis tradui yon fristrasyon pase yon analiz. E sa anpeche l antre nan nwayo konpleksite diskou a. Wi, chak Ayisyen viktim nan fason peyi an ap efondre anba vyolans gang yo. Men èske sa dwe fè n fèmen je sou wòl elitis la?