Jij Federal Californie, Edward Chen, retade desizyon administrasyon Donald Trump la te pran pou anile TPS pou 350 mil Venezyelien, moun sa yo ta pral pèdi pèmi travay yo ak Estati pwoteksyon yo kont depòtasyon nan semèn ki tap vini la, daprè "plaintif" jij la mansyone TPS la gen 35 lane deja li poko janm wè kote yon administrasyon revoke desizyon administrasyon avan li a te pran sou TPS, epi li di Venezyela pa bon nan moman pou voye moun ladanl, menm plent sa te depoze pou Ayiti tou, ta sipoze gen yon desizyon ki pran sou TPS Ayiti avan lontan nan yon tribinal Boston.
#PwogramBiden : Depi lansman pwogram nan, 40,000 Ayisyen apwouve pou rantre USA. Daprè Sou-sekretè sekirite enteryè🇺🇸Blas Núñez-Neto, anviwon 28,000 Kiben, 51,000 Venezyelyen ak 23,000 Nikaragweyen deja otorize. Li bay garanti yap reponn tout aplikasyon ki depoze.✍🏾@elnuevoherald