Depi ane pase, lekòl kay Mè ak Pè yo, kreye yon frè patisipasyon pou paran yo bay kòb pou lwe nouvo Lokal, epi pri lekòl yo byen chè, peyi a twò fasil, Leta, pastè, Mè, pè, sektè prive, bank, ki.diferans ki genyen antre yo ak viv ansanm...
@coachbenbens Lè Mario Andresol ap pale wa di se yon bagay serye, wa bay manti pa w, avan 7 fevrier wout tap debloke, aprè li chanje pawòl, li vire langue li, lap pase nou nan aa, securite a nan wout, men pa avek Alix Didier
Lè yon bandi touye yon jen ki resi rive nan examen leta, ou detwi rèv li, ou detwi tout efò li yo, leta pran plezi nan krim yo, paske l pa janm ede yon pèp ki an detrès, Paraison ak Alix Didier, nou mèt te fimen tout bòz nan mond lan, nou pap janm anpè, pitit nou ap pase konsa
Sak ta di sa, gen yon maryaj PHTK ak LAVALAS pou detwi Ayiti, se pa ti lanmou non, Aristide ak Martelly ansanm ap dirije, tonnèboule nou menm moun fou sezi, Ayiti se peyi ki sanble pi modi, se tankou premye ayisien an te nan bat Jezi, pou yon peyi ap detwi konsa tt moun fè silans
@geslysinvilier Mwen menm, mwen bay polisye a tò, depi gen mouvman nan yon zone ke l pasifik ou non, se chanje direction, oubyen tann mouvman an fini, aprè wa pase, antre nan mitan mouvman ak yon machine teinte e semènn pase lapolis te maspinen yo ak gaz, mwen konnen manif sa tap vyolan
@AmeriqueInfo7 Manyè kite polisye yo ak pitit yo mouri paske tout kawo ki gen ayiti se yo ki mèt li, se yo kap pwoteje. Konwonpi yo e se yo ki premye gang sosyete a...
Si Migne te chanje taktik ekip la depi sou 1e goal la, mwen pa tap gen pwoblèm ak li, yon antrenè tankou Mourinoh tap chanje taktik la, wòl antrenè a se adapte ekip la ak sikonstans sou teren an, se pa kontanple dega, 4-2-3-1 delibere ekip la, Isidor pa ka sou ban pou pierrot...
@berenie01 Gen yon komisè gouvènman ki bat rekò nan kase pakè a e detwi prèv, lajistis ayiti se yon bagay apa, gen fanm yo te mèt sibi yo pap pale, paske kadejakè yo toujou nan vil la e plen pouvwa, ayiti se peyi ki pwoteje opresè plis e rann viktim lan koupab, Ti djo pa konn sa lap pale...
@iamguivanel Jen pou kisa la, manje mwen dwe anba tèt mwen, si mwen pa sou manje, oubyen mwen pa genyen se yon lòt ka, men depi mwen gen manje fok vant mwen plen pou lespri mwen ka dispoze
Jwè ayisien yo te vinn pou pran mayo Vinicius, yo pat vinn jwe pou glwa ak onè, yo pa respekte pèp ki tap goumen ak yo a, yo vinn jwe match la san konvikyson, san pasyon, san karate, Bresil se 5 mondyal, mwen pa kònt nou pèdi, menm pa dakò jan nou pèdi a, jwè yo fè m wònt...