✍🏼Gen de moun ou wè w vle,c’est plus fort que toi.
Kè w konn pouki,lanati konn pouki,altè ego w konn pouki,enèji w konn pouki.
✍🏼Gen de moun ou wè w pa vle,c’est plus fort que toi.
Kè w konn pouki,lanati konn pouki,altè ego w konn pouki,enèji w konn pouki.
✍🏼Gen de moun ou wè lanati dekonekte w ak yo.
Pa kraze tèt ou! Jis di l MÈSI epi avanse.
Gen de moun ou wè lanati dekonekte w ak yo.
Se pa sa w t ap janm vle
Se pa moun ou te janm reve pèdi kote w
Men se lavi,NATI a konn pouki…
#CarlEnRime 💪🏽❤️🧠
Fòm kò w se pi bèl pwojè powetik,
Pi bèl pwezi ewotik ki egziste depi lè literati pran nesans
Kò w se maji maji,ou anvoute tout egzistansyèl mwen
Toutouni w se rezon foli,li se pati entim fantasm
Toutouni w se limit limit,li se mit pou setyèm syèl
Toutouni w…
✍️@CarlEn_Rime
Yonn nan gwo Inivèsite nan peyi Canada, pwovens Québec (Université Laval) ap ofri plizyè Fòmasyon Gratis, genyen enskripsyon fini, men rete o mwen 4 ki disponib. Fòmasyon sa yo kapab ede w anpil nan karyè w oubyen karyè yon lòt pwochen 👉 https://t.co/OOxqQAkXSy
Bòn chans💡
Youn nan bagay mwen pi rayi sou rezo sosyal yo, sitou isit la. Se lè yon moun ap diskite ak yon lòt epi li desann nan nivo pou l di:
‘Telefòn sa se mwen ki te achte l, pa mete minit sou telefòn sa ankò. Avanyè la ou gen Twitter (X), ou pa menm gen 20 moun kap suiv ou.’
Lè yon moun rive nan nivo pawòl konsa, ou pa bezwen plis analiz pou konprann ki tip de moun li ye. Sa montre yon mantalite atè plat nèt.
Paske nan lavi reyèl, valè yon moun pa mezire ak telefòn li genyen, ni ak kantite followers li sou rezo.
📌💡 Sa pa janm kesyon verite oswa diskisyon. Se jis yon fason pou yo santi yo pi gwo pandan y ap diminye lòt moun.
Men yon moun ki vrèman gen klas pa bezwen rabese pèsonn pou l santi li gen valè.
•••
Gen de moun ou wè lanati voye nan vi w,
Gen de moun ou wè lanati voye pou ou
Kòm alye,kòm zanmi,kòm zantray,kòm konfidan,kòm altè ego…
Se pa jis on senp aza.
💫Limyè al kay limyè💫
💫Lanmou al kay lanmou💫
💫Enèji al kay enèji💫
•••