@lilrichard191@Caleb_Jephte M panse nou dwe fè efò pou n parèt mwens ridikil ak mechan nan tweet nou yo. Moun ou mansyone ki ta dwe nan plas coach lan si yo ta bay li chwazi ant li menm ak coach lan li t ap chwazi coach lan.
@Rodjilesage@Hansitoh14 Samdi an m al gade antrènman, ekip lan yo gen plis pase 40 jwè. Dirijan ekip lan pa vle degrese ekip la, gen yon pakèt jwè ki pa janm pwogrese yo kite yo la.
@Mc_Gareth_911 Nan zòn kote m rete a gen yon towo yo bay pou Harry madanm li di menm dòmi misye fè l paka dòmi ak notifikasyon tout lannwit. Pa gen anyen misye pa jwe.
@Kaly973 Yo pa t ap vini konsa, men yon jou ou lòt yo t ap fini pa enstale yo nan kapital lan oubyen nan kèk lòt gran vil yo. Mwen menm m soti nan yon seksyon kominal nan gwoup jèn kite leve avè m yo pa gen youn nan nou ki pa t fini pa enstale l nan vil Okap.
To ou ta moun an pwovens yo t ap toujou antre nan kapital peyi an paske Leta pa t janm gen plan pou l te kreye kondisyon pou moun andeyò yo viv tankou moun. Pa t gen lekòl, lopital, kouran, aksè ak anpil lòt bezwen ki esansyèl pou lavi moun. Yo pa t ap ka kenbe yo nan kòve.
Pran pil moun an pwovens vin lage nan vil la ki vin debouche sou pil bidon vil yo , pil gang sa yo . Misye te itil jenerasyon siksedan politisyen nou yo 👉🏽 mete yon dal moun la pou fè pitit pou itilize pou manifestasyon epi ba yo zam .