Les enfants d'Haïti méritent un meilleur avenir. Il est temps de faire notre PLUS JAMAIS. En ce 12 janvier 2025, nous disons NON à ce drame collectif, un NON ferme et organisé, un NON historique, un NON pour la vie, un NON pour OSER L'AVENIR. #plusjamais🇭🇹
A kèk jou de Mondyal la, Grenadye yo frape fò kont Nouvèl Zeland jodi 2 jen an. 4 gòl pa 4 Grenadye diferan, 2 gadyen, 2 filè vyèj. Yon viktwa ki montre ekip la pare pou pi gwo randevou a.
Randevou vandredi 5 jen kont Pewou. Grenadye Alasoooo !
Des partis politiques et organisations de la société civile rejettent l’avant-projet de décret électoral. Ils dénoncent l’exigence de 100 000 membres pour participer aux élections, jugée trop restrictive. De son côté, le gouvernement défend une réforme visant à mieux organiser le système politique.
Yon gwo onè pou Frantzdy Pierrot!
Gouvènè Massachusetts la Maura Healey deklare jodi a kòm “Frantzdy Pierrot Day” pou salye pakou atakan Grenadye yo, ki leve nan eta Massachusetts pou rive tounen youn nan pi gwo pyon nan seleksyon Ayiti a.
Anvan li te kòmanse fè gòl pou fè gòl pou seleksyon nasyonal la, Frantzdy fè tout klas li nan Eta Massachusetts. Jodi a, de la ki pral jwe premye match Mondyal la nan Boston. ⚽
Yon bèl istwa, yon bèl jès 🤝
Alaso Pierrot 🇭🇹
Se nan linyon li te kreye. Chak 18 me raple nou sa men nou pa janm aplike l. Mwen swete lespri zansèt yo gide nou sou chimen linyon pou n bay drapo a plis valè chak jou epi pou nansyon sa toujou gen plis fyète.
Bòn fèt drapo ak tout konpatriyòt mwen yo an Ayiti kou lòt bò dlo.
Jodi a, n ap selebre fòs, listwa ak fyète nou kòm pèp. 🇭🇹
18 me 1803 se jou zansèt yo te ini anba yon sèl drapo, yon sèl vizyon. Drapo ble e wouj la rete senbòl kouraj, diyite ak libète.
Kèlkeswa kote nou ye, ann leve drapo nou byen wo ak respè, lanmou ak fyète.
Ansanm nou fò!