Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
🇭🇹Servir son pays ne connaît pas de frontières.🇭🇹
Du 8 au 14 novembre, je porterai à Bruxelles, au cœur des institutions européennes, la voix d’une jeunesse haïtienne résolue à prendre toute sa place sur la scène internationale. 🇭🇹🇪🇺
Pour Haïti. Pour sa jeunesse.
⭕️ENFO | Nan yon videyo ki dire 1 minit 58 segonn li pataje sou platfòm rezo sosyal li yo, Abigaïl Alexandre adrese dirèk ak jenès Ayisyèn nan, ki chwazi itilize sèlman rezo yo pou di ki moun pou vote, ak ki lòt pou pa votenan pwochèn eleksyon yo. « Eleksyon pral fèt sou Facebook ak TikTok, mwen vrèman pa konprann kiyès ki fè nou kwè bagay sa, ni kòman nou ka panse nou ka rete dèyè yon telefòn, epi deside kiyès nap mete Prezidan ou pa », se kesyon sa a Loreya Eloquentia a poze. Jèn entèlektyèl la raple, plis pase 60% popilasyon kap viv Ayiti,🇭🇹genyen ant 18 a 35 lane. Alòske, nan 109% sitwayen ki enskri sou lis KEP a, se sèlman 39% jèn ki enskri pou al vote. « Sa vle di, majorite moun ki pral vote yo,🗳️abitye vote deja, e yo pa two jèn. San dout, gen yon pati nan yo ki gen relasyon ak kandida nou menm jèn, nou pa swete reprezante nou yo. Si nou pa aji, sa nou pa vle wè a, se li nou riske wè », se sa Abigail deklare. Li di, kòm eleksyon pa jèn yo se sou Facebook ak TikTok, lè sa rive, yo pral retounen sou platfòm rezo sosyal yo pou yo al manifeste pou di se pa moun sa yo te vle kòm Prezidan. Pou chanje reyalite sa a, Abigail Alexandre presize : « si nou menm jèn nou vote an mas vre, nou afiche dèyè kiyès nou kanpe, nou plis lejitim pou nou defann vòt nou ». Abigail raple, jèn ki fèt nan lane 2000 yo, se premye fwa yo pral gen chans chwazi kiyès yo vle pou reprezante yo. « Chwa nou pral fè nan pwochèn eleksyon yo, pral detèmine 10 lane kap vini yo. Ann fon depoze telefon yo, pran lari a, al enskri kòm elektè. E pou yon fiwa, ann al oze chwazi avi nou, e avni peyi nou », se konsa jèn inivèsitè a fini videyo a | LSV
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : https://t.co/b1PKjnwCNT
Nan ti kominote n ap viv la, si w kwè gen moun ki ka bare wout ou pou anpeche w reyisi, petèt se paske ou poko kwè ase nan pwòp talan w, nan kapasite w, ak nan travay ou kapab fè pou rive kote w vle ale a.
Moun ka mete obstak sou wout ou, men sa pa vle di yo gen pouvwa pou deside ki kote w ap rive.
Pa bay lòt moun plis pouvwa sou avni w pase sa ou bay tèt ou. Kwè nan tèt ou, travay, pran disiplin ou oserye, epi kreye pwòp opòtinite w.
Jèn yo ap leve kanpe nan mond lan. Nou menm ann Ayiti, ki kote nou kanpe?
Ann pa kite ti privilèj fè nou bliye batay pou diyite tout moun. Rete fidèl ak Desalin, se refize dominasyon ak enjistis.
Okenn nan nou pa lib toutotan nou tout pa lib.
🇭🇹✊🏾
🚨 À seulement 16 ans, le prodige belge Laurent Simons est déjà docteur en physique quantique et fait partie des plus jeunes docteurs au monde.
Son parcours est exceptionnel : école primaire terminée à 6 ans, secondaire à 8 ans, formation en ingénierie à 9 ans, licence en physique quantique à 11 ans, puis doctorat obtenu à 15 ans. Aujourd'hui, il poursuit un second doctorat dans le domaine médical.
Depuis l'enfance, Laurent rêve de développer des organes artificiels pour prolonger la vie humaine, une ambition née notamment des problèmes cardiaques de ses grands-parents. 🧠 (via RTBF)
J’avais passé une heure à la banque avec mon père, car il devait faire un virement.
À un moment, je n’ai pas pu m’empêcher de lui demander :
— Papa, pourquoi tu n’actives pas la banque en ligne ?
Il m’a regardé et a répondu :
— Et pourquoi je ferais ça ?
Tout enthousiaste, je lui ai expliqué :
— Comme ça, tu ne perdras plus ton temps ici. Tu pourras tout faire depuis la maison. Même les courses peuvent être livrées, et Amazon t’apporte tout ce que tu veux !
Sa réponse m’a cloué sur place :
— Depuis que je suis entré dans cette banque ce matin, j’ai croisé quatre de mes amis. J’ai discuté avec les employés qui me connaissent bien. Tu sais que je suis seul… Et c’est ce contact dont j’ai besoin. J’aime me préparer et sortir. J’ai le temps, et c’est le lien humain que je cherche.
Puis il a ajouté :
— Quand je suis tombé malade il y a deux ans, le marchand de fruits est venu me voir à la maison. Il s’est assis à mon chevet et a pleuré avec moi.
Et quand ta mère est tombée l’autre jour, c’est notre épicier qui l’a aidée, qui l’a ramenée en voiture car il savait où nous vivons.
Est-ce qu’un écran m’aurait donné tout ça ? Est-ce qu’Amazon livre aussi l’amitié, l’entraide, la tendresse humaine ?
Je suis resté silencieux.
Et j’ai compris.
La technologie simplifie nos vies… mais elle ne remplace pas la vie.
Passez du temps avec les gens.
Pas seulement avec des écrans. ❤️
Yo te di tout vye pawòl sou aparans Marie Kemlyne Félix. Men pandan yo t ap gade fizik li, yo te rate istwa li, travay li ak sa li reprezante pou anpil jèn fanm ayisyèn.
Mwen fè yon breakdown prezantasyon li fè Head-to-Head Challenge nan Miss World 2026 la. 🇭🇹