(0) zero dèt…
Pwa ideal, pat gwo
Sante mantal lan te nan pi bon etal « excellent »
Nitrisyon enpekab😩
0% alcool a lepòk nan sistèm mwen
Se te pi bel moman, m te one top🥳
Nan adolesans mwen
Jodi a m telman nève
Mpran tan’m ak ak sang mw Poum prepare yon kot 3.45 voye bay 3 moun pou yo pa jwe’l 🙇🏾♀️🙇🏾♀️🙇🏾♀️🙇🏾♀️🙇🏾♀️🙇🏾♀️🙇🏾♀️🙇🏾♀️
Epi li pase depi nan premye mitan oui
Bay tout lanmou w kapab nan yon relasyon pap janm garanti w ke moun w avè l ap baw menm lanmou sa tou.
Pa ret tann yo renmen w.
Jis espere ke lanmou grandi nan kè moun w avè l la, e si l pa grandi, ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm.
Paske ou menm lanmou paw la te grandi pou li.💪
Nan moman sa yo la wap rann kont ke tout moun parèt byen e ere , jiskaske w gen yon konvèsasyon pwofon ansanm avèk yo.
Se la wap rann ou kont ke nap viv nan yon jenerasyon ki tris, de moun kap lite pou yo siviv atravè de souri sou vizaj yo e de bèl foto yap poste.
Pi bèl bagay ki ta sipoze rive w nan lavi sa se jwenn yon moun kote pou tout bagay nou resipwòk.
Pou nou gen enterè youn pou lòt.
Pwoteje nou youn lòt.
Pou nou youn konn valè lòt.
Pou nou motive nou youn lòt pou n vin pi bon moun.
Pou nou youn apiye lòt,nan bòn ni nan move moman.
Depiw w remake l li trè byen san l pa wè w, sa pa fè l anyen lè l pa pale avè w, li pa chèche w pandan l pa tandew.
Pandan ke ou menm wap enkyete w tèlman sa fè w mal paske w pa tande l la.🤔
Nan moman sa ou dwe rann ou kont ke plas ou pa la,
Se bon moman pou lage pyew.🚫💔
Sa pap koute nou anyen si nou admet erè nou fè pafwa...
Sa pap koute nou anyen si nou kite ògèy de kote epi nou mande padon.
Fè #Erè se #Defo tout moun genyen, men mande #Padon aprè yon #Erè se yon #Kalite ke yon ti kras moun genyen nan mond sa.🚫📌
Avan yon fanm kitew;
Li gentan pakouri separasyon sa mantalman...
Se poutèt sa lè yo deside kite w fizikman an li deja trò ta.
Donk fè atansyon ak jan nap trete yo nou menm gason.
Parce qu'une fois ke nou pèdi koneksyon ak yo nan kondisyon afektif, nap tou pèdi prezans yo nèt.
Mwen asire w ke ou menm; malgre pèsonalite w,
Fòs ak feblès ou,
Kapasite w ak limit ou,
Ensekirite w ak konviksyon w,
Blag ou ak seryozite w,
Karaktè ou ak eksperyans ou,
Ou se #Limyè nan #Fènwa yon moun kanmèm!!!
Mwen tèlman renmen fanm sila yo ki toujou prè pou yo goumen pou relasyon yo e pou yo pa pèdi nèg yo gen nan vi yo an🥺
Se de mèm pou nou gason yo tou, goumen poun pa pèdi madanm nou📌
Toujou goumen pou sa nou renmen pou n pa regrèt li demen, kuz demen kapab trò ta.💯