Dapre DHS, kondisyon nan peyi Ayiti amelyore, e pa gen ankò nesesite imanitè pou pwoteje Ayisyen anba TPS ankò. Yo di kontinye pwogram nan pa aliye ak enterè nasyonal Etazini.
Ayiti bezwen yon plan devlopman nasyonal sou 30 ane.
Yon plan ki pa chanje ak chak gouvènman.
Yon plan kote chak moun ki monte oblije respekte etap li yo.
Yon plan ki mete edikasyon, agrikilti, enèji, dlo, ak lojman kòm baz.