"Pour connaître les amis il est nécessaire de passer par le succès et le malheur. Dans le succès, nous vérifions la quantité et dans le malheur la qualité."
-Confucius-
On accorde "excepté" quand il est placé après le nom. Les enfants sont venus, Sophie exceptée. Mais on dira : tous les enfants sont venus excepté Sophie.
Nuizans Sonò nan Sosyete Ayisyèn nan: Yon Pwoblèm Ki Mande Ekilib pou Evite Vyolans
Nan anpil kominote ayisyen, nuizans sonò tounen yon pwoblèm ki ap detwi lapè piblik ak relasyon ant vwazen ak vwazin. Moun ki leve bonè pou evanjelize, fè kòwòt, k ap rele ak opalè a 4 rè, 5 è di maten, di se misyon Jezi yo ap ranpli. Lalwa, ki se ekspresyon otorite nan peyi a, pa vle sa.
Dayè, menm Bib yo sèvi a mande pou kretyen obeyi otorite yo: “Obeyi tout otorite nan Leta pandan yo sou sou tè a, paske se Bondye ki mete yo.” (Women 13:1).
Epitou, Bib la mande lanmou ak respè pou pwochen w: "renmen pwochen w tankou w renmen tèt ou." (Matye 22:39). Malerezman, anpil moun inyore sa, yo lage nan fè dezòd san reflechi sou enpak yo sou vwazen yo. Gen moun ki vle goumen ak lòt vwazen, nui yo chak jou oubyen chak semèn ak gwo son megafòn, kreye lagè, jis paske yo panse se konsa yo ka bay mesaj sali a. Se vye pratik.
Se pa sèlman evanjelizasyon ki poze pwoblèm. Nan dans vodou yo tou, gen pratik kote tanbou ap bat depi 7 è diswa rive 5 è nan maten, san okenn konsiderasyon pou moun ki bezwen repoze. Anpil lwa vodou ankouraje amoni, tankou manbo Èzili Freda Dahomen ki senbolize lanmou ak respè, men pratik ki twouble lapè piblik yo pa fè onè kwayans ak fòs sa yo.
Menm jan ak sa Bib la mande, lwa Ayiti di klè: twouble lapè piblik se yon krim, e kòd penal ayisyen an (atik 236) prevwa sanksyon kont tout moun k ap fè bri twòp ki deranje kominote a.
Gen lòt aktivite ki kontribye nan pwoblèm nuizans sonò tou, tankou fèt ak mizik gwo opalè ki dire tout lannuit sou teren foutbòl, oswa DJ k ap fè fèt san respekte lè kominote a ap repoze.
Sitiyasyon sa yo kreye tansyon, fè moun pèdi somèy, epi detwi relasyon sosyal, kreye gwo kont nan seri katye e menm koze lanmò vyolan. Paske okenn moun pa gendwa nui lapè yon lòt. Se pa Bondje ni lwa ki voye moun fè sa.
Lè moun pa respekte dwa pwochen yo nan zafè fè bri a nenpòt lè, sa ka koze anpil dega fizik, mantal, ak sosyal. Twòp bri, oubyen bri k ap fè mpun pantan, bri ki ap nui moun ki pa nan espas sa k ap fèt la, sitou nan lannuit oswa nan lè moun bezwen repoze, deranje sistèm nève moun yo, sa ki ka mennen nan estrès kwonik, ensomni, ak depresyon. Moun ki pa ka dòmi byen soufri de fatig, difikilte pou yo konsantre, e menm maladi tankou tansyon wo ak pwoblèm kadyak; pa dòmi bay pwoblèm andirans seksyèl ak pwoblèm bann.
Anplis sa, bri twò souvan vin sous konfli ant vwazen, kreye divizyon ak tansyon nan kominote yo. Sa ka mennen nan diskisyon ki fini nan vyolans oswa lakòz moun pèdi respè youn pou lòt. Bri ki kontinye nan yon espas fè moun pè rete lannuit lakay yo san trankilite, epi sa ka mennen moun kite zòn nan. Pa respekte dwa chak moun jwi lapè ak repo endividyèl se pa sèlman yon pwoblèm etik; li detwi bon jan relasyon sosyal epi ogmante difikilte lavi nan kominote a.
Pou tout relijyon yo ak aktivite yo, yon ekilib dwe fèt. Wi, chak moun gen dwa adore Bondye pa yo oubyen pratike tradisyon yo, men dwa sa yo pa dwe vyole lapè ak trankilite kominote a.
Solisyon yo ka jwenn si gen konstriksyon espas izole kote son pa deranje moun ki deyò espas sa yo, mete regleman strik sou lè ak entansite son, epi fè edikasyon sou respè dwa pwochen yo, pou pi bon amoni sosyal.
Relijyon, tradisyon, ak kilti dwe sèvi pou fè moun viv an amoni. Leta, ansanm ak lidè relijye ak kominotè, dwe travay ansanm pou kreye yon balans kote tout moun ka jwi dwa yo san yo pa twouble lapè lòt, ni pwovoke lòt.
Se konsa nou ka konstwi yon Ayiti ki pwòp, trankil, epi ini.
Ameriqueinfo7
“Vite” est un adverbe, il modifie un verbe et se place après ce verbe. Je parle vite.
“Rapide” est un adjectif. Il modifie un nom ou un verbe d’état comme être, paraître, sembler. Cette voiture est rapide.
Le verbe "s'asseoir" (ou "s'assoir") se conjugue au présent de l'indicatif sous deux formes : l'une avec "ie", l'autre avec "oi."
On peut donc indifféremment dire "je m'assieds, il s'assied, nous nous asseyons" ou "je m'assois, il s'assoit, nous nous assoyons."
"Quelques fois" ou "quelquefois" ?
On utilise "quelques fois" comme un synonyme de "plusieurs fois." On emploie "quelquefois" au sens de "en même temps, parfois."
Quarantenaire, cinquantenaire : anniversaire d'un événement célébré au bout de quarante / cinquante ans.
Il faut donc éviter de les utiliser pour des personnes. On utilisera quadragénaire ou quinquagénaire.
Quoique ou quoi que ?
Quoique est une conjonction de subordination et peut être remplacé par bien que.
Quoi que en deux mots est une locution conjonctive et peut être remplacé par "peu importe ce que."
Avoir tord❌
Avoir tort✅
TORT s'écrit avec "T" et désigne une faute, le contraire de la raison, de la morale. Il vient du latin "TORTUS".
Ex.: J'ai eu tort de ne pas affronter l'évidence.
TORD vient du verbe "tordre" = soumettre à une torsion.
Ex. : Il m'a tordu le bras.
“Ès” est une préposition signifiant “en les.”
Elle ne s’emploie que devant un nom pluriel. Il est docteur ès sciences.
L’expression “ès qualités” signifie “en tant que” ou “à titre de.” Le maire est mis en examen ès qualités.
Elle s'est rendue compte❌
Elle s'est rendu compte✅
Le participe passé de l'expression "se rendre compte" reste invariable. Ici le COD "compte" se place après le verbe "se rendre".
Ex.:
-La présidente s'est rendu compte de la manoeuvre.
-La dame s'est rendu au travail.