Kap #Ayisyen/ #Lameri/ #Edikasyon : paran , elèv, direktè, enspektè, ak tout lòt moun nan lòt sektè nan vil okap ayisyen bat bravo pou desizyon Majistra Michel ST Croix pran pou leve mache devan lekòl yo, paske l wè li pa nòmal pou elèv chita nan mache pou yap aprann .
Kap #Ayisyen/#Edikasyon; Nan Kad preparasyon relouvèti ane eskolè 2026-2027 la , direktè lise nasyonal Filip Gerye( LNPG) Me Frandy Louis nan vil Okap bay tout pwofesè lise a randevou vandredi kap 28 dawout 2026 la ,nan yon gran rankont ouvèti epi yon atelye travay nan matyè yo .
#MENFP/ #Ayiti : #Depatman#nò/ #Edikasyon/ #Bakaloreya ; Direktè Adjwen Edikasyon Nò a Me #Sadrack#Ordena, Fè pye sòl epi vizite plizyè sant egzamen nan nò ,nan dènye Jou egzamen NS4 yo, li mete fen ak tout dout ki te genyen sou dewoulman egzamen NS4 yo nan nò.
#Kap#Ayisyen/ #laprès / #Edikasyon : Emisyon Sosyo edikatif OPEN EN ACTION sou Radio oxygène FM 103.3 , Voye tout paran al achte Liv nan IKOFA Librairie,rue 5 M okap ayisyen.
#Depatman#nò/ #Egzamen#ofisyèl#9ème#AF : Egzamen ofisyèl 9ème AF yo ap fini Jodi jedi 2 jiyè a a 4h30 mn PM . Nan sans sa nap mande Lapolis, ak Magistrat Michel ST Croix, komisè Eno Zephyrin pou yo pran tout dispozisyon pou evite derapaj, ak vye defile ak mizik raboday.
#Depatman nò/ #Egzamen#ofisyèl 9ème AF : Jan sa te anonse a pou bon dewoulman egzamen ofisyel 9ème AF yo nan nò, se etidyan UPNCH ki pral fini syans edikasyon, pwofesè, siveyan, direktè, avèk lòt moun ki okipe lòt tach nan edikasyon kap jere egzamen ofisyel 9ème yo nan peyia.
Kap Ayisyen/Egzamen ofisyèl 9ème AF : #Majistra#Michel#ST#Croix ( majistra chapelèt la ) , mobilize pou pèmèt dewoulman egzamen ofisyel 9ème AF yo byen fèt , avèk operasyon libere a ,elèv yo pral sikile alèz, Majistra a mande tout moun rèspèkte limit yo bay yo .
Micro peyia
Kap #Ayisyen/Librairie : Librairie #IFOKA ki twouve l nan rue 5 M nan vil okap ayisyen, se la pou elèv yo al achte katab , bwat jewometri, Likid pepè elatriye ( pou yon ti kal monnen).
Nou se Librairie IFOKA, nap kontinye bay pèp la sèvis , vin pran twonpèt nou la pou n chofe .
#Depatman nò/ #politik : Ayè dimanch 7 Jen 2026 la , sipòtè Senatè Franck Delmas nan depatman nò a reyalize yon rasanbleman tèt chaje nan komin plezans toujou nan Kad pwojè sektè Edikatif nò a genyen pou mennen Me Franck Delmas nan eleksyon pou senatè nò, nan pwochen eleksyon yo
Kap Ayisyen/Edikasyon : estaf direksyon Lekòl nasyonal fondamental complè Oswald Durand nan vil okap ayisyen selebre 31 lane egzitans li , vandredi 5 jen 2026 la , nan espas 9h- 11h 30 AM , mès la te selebre nan pawas Fatima a, aprè ta pral gen yon defile ak fanfa pou rive rue 8.
Département Nord/ Fête des mères : Souhaît du futur senateur du nord "Me #Franck#Delmas"( représentant du secteur éducatif nord) , à toutes les manmans .
#Edikasyon#Nò/ #Nekroloji : Kolektif sipòtè Senatè #Franck#Delmas nan depatman nò peyia ki baze li nan vil okap ayisyen te reponn prezan nan fineray pwofesè Jean Joseph ayé Mèkredi 27 me 2026 la . Mèt Jean Joseph se te yon gran sipòtè. Kolektif la avèk tout pwofesè yo nenpòt..
#Kap#Ayisyen /#minisipalite : Emisyon Sosyo edikatif OPEN EN ACTION salye nominasyon nouvo katèl meri Okap ayisyen an , Me #Michel#St#Croix, #Madame#Edeline Jean, Maître #Micardo Vréus. Men , Emisyon an pa bay kat blanch a nouvo konsèy Sila , vil okap ayisyen malad anpil.
laprès / Nekroloji : Redaksyon média Lakay TV anliy, atriste pa #disparisyon Jounalis fotograf Jean #Marc#Stevenson ki tap travay pou média Ferisport nan vil okay , depi 2 me fanmiy li te lanse avi rechèch pou li , finalman yo twouve li mouri ak yon gwo twou nan tèt li.
#Kap#Ayisyen/#ensalibrite/#revandikasyon : Minis MTPTC a #Joseph#Almath#Pierre#Louis ak rés ekip gouvènman Alix Didier Fils -Aimé a voye okap la , oblije bouche tounen yo tèlman vil la santi ak fatra, labou, elatriye, revandikasyon pèp la ap kontinye jis leta tande larezon.
#Kap#Ayisyen/#ensalibrite/#kontestasyon : pou Jounen jedi 30 avril 2026 la : men kòman vil Okap ayisyen ye ; wout yo toujou bloke, gen Kék zòn abitan yo bare , epi yap voye woch ak boutèy , #lekòl yo louvri pòt yo men elèv pa ka vini.
Malgre prezans Kék otorite nan vil la .
#Kap#Ayisyen ; #kontestasyon : #Minis enteryè a , #Paul#Antoine#Bien -Aimé te vin bwè gwòg li okap ayisyen, ki pouri ki santi, fatra, kanal pa netwaye, Dinepa kraze wout yo ,. Jodia jèn kap batay sou wout yo pap pran okenn pawòl nan bouch vagabon. Nap kontinye Mobilize.
#Dosye#Edikasyon/ #FNE : #Elysée#Collagène ki se direktè jeneral FNE , premye minis Alix Didier Fils -Aimé, Minis Vijonet Demero, kòman nou santi Nou pou Pitit malere ap chita anba tonèl pou yo swiv kou , pandan ke lajan FNE a ap fè fon nan pòch chak ane, kama egziste pou tout
#Depatman#nò/#Milo/#Dram : Emisyon Sosyo edikatif "OPEN EN ACTION" aprann avèk anpil tristès lanmò plis pase 30 moun nan Dram ki pase sitadèl nan yon aktivite kiltirèl ki tap fèt avèk jèn tiktokè , samdi 11 Avril 2026 la . Nou voye senpati nou a tout fanmiy ki viktim epi egzije