@cadely2024@KimHaiti93 Nenpòt fòk eleksyon fèt nan peyi a. Men fòk ta gen referandòm avan pou chanje konstitisuon an. Sinon,apre eleksyon nap tonbe nan menm gagòt yo,menm pwoblèm yo!
@nalhie Ou genlè pè! Match sa sanble tèt koupe ak match Arabi Sawoudit 2022 a. Li sekre Ajantin,fèl konnen bagay yo pa piyay. Scaloni se neg ki entèlijan,li pral retire Mc Alistè ak Almada nan 11 lan.
Se vre sa mal pase nan Mondyal la,malgre nou te gentan konn sa depi avan. Mwen panse avèk yon bon antrene,gwoup sa a ka reve au moins yon final Gold cup,epi kalifye pou pwochen mondyal la!
@Caleb_Jephte Epa Migné se yon rès moun li te ye? M pa gen pwob ak 5-4-1 an,men koman 1 an se Pierrot sou Isidor ak Lenny an? Misye ak sè Pierrot kanmenm!
@jpehaiti De ki animasyon misyon ap pale? Sèl li menm ki wè animasyon sa! Si te gen animasyon tout pèp la pa tap mandel poul chanjel. Ayiti pat dwe kite opotunite sa pase,ak bèl jwè sa yo pou yo pat akonpanyel ak yon antrenè ki gen non,ki gen eksperyans!