Tout ti jeune ki entelijan, ki ka reflechi, ki kwe nan fe recherche, ki eklere piga nou okipe moun isit kap pale kaka pou anpeche nou fe politik, anpeche nou panse ak peyi, anpeche nou cheche solisyon enklizif.....
Kanpe goumen li ye
Men on Minis Defans 👏🏾
«l’uniformisation stricte de la tenue des militaires»
Se pati sa mwen tap tann nan 👏🏾.
Militè yo twò depaman. Tankou chak moun ap fè pwòp afè yo.
"Esprit de Corps" kòmanse avek aparans. Mete sèjan an chaj sòlda nan lari a pou prezève chèn kòmandman ak disiplin.
@MDefenseHT
Le Ministre de la Défense, Mario Andrésol, a effectué ce mardi sa première visite au Grand Quartier Général des Forces Armées d’Haïti (FAD’H), où il a rencontré le Haut État-Major.
Cette démarche s’inscrit dans le cadre de la mission qui lui a été confiée visant la restructuration et le renforcement de l’institution militaire. À cette occasion, le ministre a participé à une réunion d’évaluation afin de mieux cerner les besoins du personnel et les priorités opérationnelles des FAD’H.
À l’issue de cette rencontre, plusieurs instructions ont été transmises aux officiers supérieurs, notamment en vue de renforcer la discipline et l’organisation des troupes, parmi lesquelles :
- l’uniformisation stricte de la tenue des militaires ;
- l’identification claire des véhicules militaires, notamment à travers des plaques d'immatriculation désignées.
Cette visite marque une première étape dans la dynamique de réorganisation institutionnelle et de consolidation des capacités des Forces Armées d’Haïti.
#MarcheLongueMedia
Le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé, en visite au Chili, a rencontré le président élu José Antonio Kast lors d’une réunion bilatérale, en présence du ministre entrant des Relations extérieures Francisco Pérez Mackenna. La délégation haïtienne comprenait également la ministre des Affaires étrangères Raina Forbin. Une rencontre axée sur le renforcement de la coopération entre Haïti et le Chili.
Yè Rudy deklare ameriken kanpe operasyon PNH yo pou jous tan Fòs Represyon gang nan vini epi maten an la menm Lapolis ap opere Kwadèboukè.
Chak jou n ap pale de pwoblèm klas politik la genyen men gen yon lòt danje nan pèsonalite ki prezan nan lavi kotidyen n ki se klas lidè opinyon an.
Se pa premye fwa Rudy ap bay dezenfòmasyon sa yo, li annik wè gon bann jounalis k ap fè elòj Paraison chak jou li menm l al kanpe anfas.
Kanpe anfas Paraison pa pwoblèm men se bay manti ak fo enfòmasyon an.
M espere Rudy verifye sous li plizyè fwa epi trete enfòmasyon lè l resevwa yo.
Pwojè pou kontwole Dwàn ak fwontyè yo se pi gwo pwojè k ap fèt nan peyi an la, paske l ap abòde 2 prensipal pwoblèm leta ayisyen ap fè fas nan lit kont ensekirite : apwovizyònman zam ak minisyon bandi yo + kontrebann.
Nou tout konnen deja Sekirite pa sèlman chita nan tire kout bal kouri dèyè bandi nan cha blennde, fòk leta kapab koupe apwovizyonman gang yo genyen nan zam ak minisyon.
Sou 110 pwen pasaj machin ki egziste sou fwontyè a leta ayisyen prezan nan sèlman 4, pou yon fwontyè ki apeprè 400 kilomèt.
Sa vle di kisa?
Sa vle di depi ou pa gen kontwòl sou fwontyè an bandi p ap janm manke bal ak zam donk konbat viv ansanm prèske tounen jwèt chat ak sourit.
Ministè finans te sòti yon rapò pou di gang yo takse komèsan pou pi piti 100 milyon dola us pa ane sou fwontyè a. ( Sa vle di lajan leta pa rive kolekte nan kontrebann nan al nan poch bandi yo sa ki pèmèt gang finanse aktivite teworis yo tankou achte zam ak bal, peye sòlda).
Kisa Leta ayisyen ap benefisye de Evergreen ?
Ebyen pou rezoud pwoblèm sa yo konpayi an ap itilize teknoloji avanse tankou dwòn, elikoptè, imaj satelit pou kontwole moun ak machandiz k ap rantre-sòti sou Fwontyè Ayiti/RD lan pou koupe pwovizyon bandi yo nan bal ak zam epi fè komèsan peye ladwàn korèkteman lè y ap rantre Ayiti ak machandiz ( depi sou prezidan Preval gen etid ki montre leta ayisyen pèdi 350 milyon us pa ane akoz kontrebann).
Men yo p ap sèlman rete sou fwontyè a yo prale nan ladwàn maritim tou, y ap enstale skanè pou kontrenè k ap rantre nan peyi a sa ap pèmèt Leta lite kont trafik zam kèk diaspora USA fè ak gang Ayiti. Men youn nan bagay ki pi enpòtan nan kontra sa se transfè konesans ki pral fèt ant teknisyen Evergreen yo avèk anplwaye leta pou ke lè fim nan pa la ankò nou kapab jere sistèm nan pou kont nou.
Kounyeya malgre tout bon kote kontra sa genyen li enperatif pou gouvènman ayisyen an lanse yon kanpay kominikasyon pou edike pèp lan sou sa, paske ou pral jwenn yon bann politisyen sitou ansyen lejislatè sou zòn fwontalye yo ki pral vinn ak diskou tankou
- Se vann Didier Fils Aimé vann peyi a ak Ameriken pou l ka ret sou pouvwa
- Blan yo ap vin piye resous nou
- Yon gouvènman ki la pou yon tan kout paka ap siyen kontra pou 10 zan
- Kontra sa son kontra kriminèl eks……
Diskou sa yo gen anpil chans pou l mache akoz yo pran asiz sou 2 bagay pa tèlman renmen : Etranje ak moun yo kwè k ap fè lajan nan peyi a.
Objektif politisyen sa yo p ap lòt bagay ke jete gouvènman an, epi koupe kontra pou kontwòl fwontyè ak dwàn nan pou yo kapab kontinye anrichi tèt yo menm si sa favorize gang jwenn plis zam, plis bal epi sitou plis lajan.
https://t.co/MpFEBxgeI5
Pandan nèg a mikwo ap di operasyon yo kanpe an, jodia Task fòs lan ( PNH+FADH+ PMC) pote 2 bon nouvèl.
1. Maten an fòs lòd yo anksèkle yon gwoup gang anlè nan Kenskòf, gen 16 ki mouri nan yo
2. Fòs lòd yo rive nan won pwen bisantnè an ( yon kote gang okipe depi 5 lane) pou fè netwayaj.
Moun nou tande k ap di Operasyon kanpe yo se paske yo vle kraze mouvman fòs lòd yo ap fè dènye 3 mwa sa.
Pa egzanp : Lè Task fòs lan te frape gwoup bandi nan Kenskòf, nèg a mikwo te di se pou defann boujwa
Lè Task fòs te entèvni nan Tabarre 27 operasyon sa ta pral mennen a lanmò ti Lyon ak jpp, nèg a mikwo te di se pou defann Apaid,
Kounia nèg yo vle fè pèp la kwè depi apre 7 fevriye operasyon kanpe paske gouvènman an te vle montre l ap travay pou l ka asire l ap kontinye apre CPT a.
Kòm a chak fwa nèg a mikwo yo ba nou manti, paske nan menm peryòd apre 7 fevriye a operasyon fèt nan mache Salomon, anba lavil ak plizyè kote nan Tabarre 27.
Alò li klè ke pèp la enpasyan e l ap mande pou bagay yo fèt pi rapid paske yo bouke ak sitiyasyon an men fwa sa leta montre ke li kòmanse konprann pwoblèm nan e y ap deplwaye mwayen pou rezoud li. Sa bay yon ti espwa, men van lespwa sa frajil dezenfòmasyon nèg a mikwo ka kraze l fay minit nan kreye enstabilite.
Remaniman gouvènman an se yon nesesite men depi Didier pa byen fè l konnen se wout echèk li l ap prepare, e konsekans yo ap anpil pou peyi a.
An reyalite gen plizyè rezon ki fè remaniman gouvènman an anpòtan. Men 2 rezon pami plizyè lòt:
1. Gouvènman ki la a senbolize diferan sektè ki te konpoze KPT a, yo te okipe pòs ki pi enpòtan yo. Kounya KPT a pa la ankò, sa vle di echikye politik la rebalanse.
Donk li nesesè pou gen yon rekonpozisyon gouvènman an paske minis sa yo te la atravè konseye KPT yo.
2. Didier te aksepte liy KPT a te enpoze l, paske li te wè sak te rive Conille. Ebyen Kounya KPT a pa la ankò. Se moman ideyal pou Didier enpoze pwop vizyon pa l ak liy pa l.
Men depi remaniman gouvènman an pa byen fèt, se wout echèk la ki tou trase.
Didier gen obligasyon poul aji vit e byen. Popilasyon an ap tann kèk bon siyal, yo anvi wè kèk aksyon ki diferan de sa ki t ap fèt sou KPT a, depi popilasyon an pa wè gen yon lòt direksyon ki pran trè rapidman fristasyon yo ap remonte.
Mesye dam ki nan klas politik la yo, se fristasyon sa a y ap tann pou yo chofe lari a. Men depi Didier kòmanse bay ti rezilta popilasyon a pap okipe klas politik la.
Nan sans sa a fòk Didier konsatre l sou objektif ki priyoritè yo, ki se
- Sekirite
- kriz imanitè
- Eleksyon
Pandan li konsatre sou objektif sa yo li kapab toujou poze lòt bon aksyon ki pou fè popilasyon an santi gen yon lòt direksyon li pran ki diferan de KPT a. Egzanp
- koze sirèn ofisyèl kap nwi moun
- Elimine vye dekrè KPT a te pran
- Redui tay gouvènman
- Mete lòd nan BSAP ak Brigad
- kèk mezi pou konbat koripsyon
- Relans ekonomik
- Elt…..
Pou koze remaniman gouvènman an, fòk li fèt otou de pi gwo objektif moman an ki se SEKIRITE.
Nan sans sa a, akò politik Didier ap eseye jwenn ak pati politik yo fòk li pa priyorize pataj gato. Akò a ka fèt sou baz prensip, objektif priyoritè, delè gouvènman, finansman pati politik ki reprezantatif, eleksyon. Elt…
Donk se gouvènman an ki dwe mete minis li, ( pwoch li) sitou nan pòs regalyen yo tankou ministè ekonomi ak finans, Enteryè, Defans, Jistis, Afè etranjè.
Pa janm bliye sa, Préval te bay rezilta nan koze sekirite a se paske li te gen yon team sou dosye sa a:
- Bob Manuel
- Mario Andresol
- Boulon Fizeme
- Luc Euchere
- Carlos Alberto de Santos
Donk fòk Didier ranfòse team sekirite l ap eseye konstwi a. Pou kounya team sa a gen sèlman:
- Paraison
- Andresol
- Erik Prince
Donk li enpòtan pou minis yo chwazi sou baz konpetans, e sou baz rezilta yo abitye bay nan lòt domèn.
- Minis defans lan dwe yon batisè, se pa yon moun ki just ap vin jere yon ministè, men pito yon moun ki ka konstwi yon enstitisyon, yon moun ki gen yon vizyon laj e modèn de Lame. Yon moun entènasyonal la pa gen pwoblèm avè l paske yon bon pati nan konstriksyon FAD’H la ap chita sou koperasyon entènasyonal. Fòk moun sa a kapab pwofite ouvèti ameriken yo apèn fè pou FAD’H la. Fòk moun sa gen penetrasyon nan milye jèn eklere ki ka pote teknoloji ak nouvèl ide pou ministè a ak pou Lame.
Yon moun ki tankou jan Evans Lescouflair te ye pandan pasaj li
- Minis enteryè a ta dwe yon moun ki gen yon gwo penetrasyon nan diferan kouch nan sosyete a. Yon moun ki vrèman konnen peyi a epi ki gen gwo konpetans nan kolektivite men sitou yon moun ki kapab kòmanse kreye yon bon sèvis entèlijans
- Minis afè etranjè a ta dwe yon moun ki kapab byen defann priyorite nou ak estrateji nou devan entènasyonal la epi jwenn maksimòm soutyen posib. Yon moun ki byen konprann langaj entènasyonal ak priyorite yo,
Se yon fason pou nou kapab ajiste aksyon nou yo an fonksyon de priyorite entènasyonal la ( sitou ameriken) men objektif final la dwe toujou vize enterè Ayiti san nou pa chache konfli ni ak Etazini ni ak Sendomeng
( Paul Altidor se yon egzanp )
Donk an gwo Didier nan yon faz desizif. Remaniman gouvènman an ak kèk aksyon dekla se premye nivo ki pral montre eske lap pase faz sa a.
FÒK LI AJI VIT E BYEN.
@citoyendidier@PrimatureHT
Nan kontèks batay kont ensekirite FADH gen yon wòl krisyal pou l jwe. Se pou tèt sa apre plizyè deseni ameriken yo deside retire verou ki te poze sou èd y ap bay lame an Ayiti (verou sa yo te mete paske nan pase anpil fwa lame nou an te konn fè anpil dezòd). USA chanje konpotman paske nan zafè konba iben ak gè kont gang lame a dwe jwe yon wòl premye plan, apre anons èd ameriken yo pou Fadh se bon momenntòm pou n kòmanse reflechi a konstriksyon epi modènizasyon enstitisyon an.
Lefèt ke nou poko gen yon lame kòrèk, ministè defans fè pati de 5 sa ki pi enpòtan yo ( defans, finans, planifikasyon, jistis, afè etranjè).
Se sak fè nan pwochen remaniman ministeryèl ki ap genyen an premye minis lan dwe chanje minis defans lan paske li klè ke l paka bay rezilta nan wotè defi moman an mande esak fè li ap ekstrèman enpòtan pou @citoyendidier konfye ministè defans bay yon moun ki ka pote refòm anndan ministè a li menm epi kreye LAME ki an jestasyon jiskaprezan.
Nou bezwen yon moun ki p ap sèlman administre ministè a men nou bezwen yon moun ki ka kreye, inove, n ap bezwen mete yon batisè nan tèt ministè defans peyi a e fòk moun sa gen yon CV ki pwouve kisa li fè nan yon enstitisyon li t ap dirije deja.
Si se yon ansyen militè li ap pi bon toujou paske li toujou mye se yon moun ki pase nan lame ki nan tèt defans yon peyi men sa ki primòdyal se abitye kreye, pote refòm, epi gen yon ide klè de ki kote li vle ale Ak Fadh nan 1-2 zan epi pou vizyon sa ka pwojte sou lavni (10-20 an).
Youn nan pi bon desizyon leta pran nan zafè sekirite an Ayiti se siyati kontra avek Erik Prince lan.
Anpil nan nou gentan bliye kijan sitiyasyon an te ye nan mwa Mas 2025 avan dwòn yo te kòmanse opere lè viv avanm t ap fè atak kowodone tout kote an menm tan pou yo ka rive nan Villa d'accueil.
Se dwòn yo ki te anpeche Bbq pwogrese sou Delmas 32, se yo ki te anpeche gang VS la rive dirèk sou Kanapevè.
Bien-sûr gen amelyorasyon ki ka fèt pou bay plis rezilta e yo dwe fèt, gen baliz ki dwe mete tou pou evite twòp domaj kolateral.
Menm si Erik Prince poko pran yon chef numewo 1 yon gwoup gang men Ti Lyon Ak JPP nan kwadèboukè sete #2 Ak 3 yo te ye.
Moun ki ap soufri de ensekirite a pa espere lòt bagay ke pou kontra sa vin pi laj paske Vectus Global ofri byen plis ke dwòn kamikaz.
Chif sa yo ba nou yon ide klè de difikilte leta ayisyen te rankontre nan konba kont gang yo.
Pandan standa efektif nan koze konba iben mande 5 manb fòs lòd pou afwonte yon grenn asayan an Ayiti nou genyen 0.13 fòs lòd pou yon asayan sa ki reprezante anviwon 40 fwa pi piti ke nonb nòmal la.
Se pou sa pwogram tankou P4000+ la ak 2500 nouvo solda nan fadh la enpòtan, nou p ap ka byen adrese pwoblèm ensekirite a san nou pou ogmante konsiderabman efektif ki la pou goumen kont gang yo epi konsolide teritwa leta rekipere.
N ap bezwen anviwon 10000 manb fòs lòd ki byen ekipe pou batay kont gang yo ak yon minimòm efikasite, se pou tèt sa an atandan nou kapab rive nan nonb twoup ki standa a nou bezwen èd nasyonzini via FRG a ( 5500 twoup) epi teknoloji ki depase kapasite pa gang yo ( Erik Prince ).
Anplis de sa gen lòt avanse ki dwe fèt nan kontwòl sou sa k ap rantre nan peyi a atravè ladwàn elatriye.
Men sa ki pi domaj nan ekstrè sa se ke anbasadè ameriken montre li plis ap chèche konprann pwoblèm gang an Ayiti a pou pote solisyon ke pifò aktè an Ayiti.
Jodia li klè ke sak fè fòs Didier se li ki tou feblès li, si misye pa gen yon ansanm ti aksyon a kou e mwayen tèm ki ka bay ti rezilta vizib nan pwochen 3-4 mwa menm si yo pa gwo se li k ap wè l paske nan moman li frajil e se rezilta ki ka konsolide pouvwa l.
Didier dwe veye anpil pou gang yo pa fon bòt sou li nan pwochen semèn ou mwa k ap vini yo paske chak Jou gang yo plis konsyan de enfliyans yo jwe nan politik Ayiti an, menm jan Ak Ariel epi CPT a se yo ki pi gwo faktè ki ka jete yon gouvènman nan peyi a.
Si tout bon nèg yo gen yon plan solid yo dwe kominike l ak pep la menm jan Conille te fè l nan dyalog li te reyalize Kenskoff lan.
Jodia pi gwo sèvis Didier ka rann peyi a se reyisi paske se konsa n ap ka tou antere vye klas politik la apre echèk yo nan CPT a. Klas politik la pran Yon gwo kou se vre men yo p ap bay vag pi devan yo pral fè yon sèl vwa opozisyon menm jan Ak sa te ye sou PM Ariel.
Se premye aksyon gouvènman ki pral detèmine kijan sitiyasyon politik lan ap ye nan 3-4 mwa, se yo menm ki ka antere klas politik la se yo menm tou ki ka reba l vi. Premye gwo tès lan kote Nou pral jwenn repons a preske tout kesyon n yo se ramiman ministeryèl la Ak bidjè rektifikatif lan.
La Police nationale d’Haïti (PNH) est désormais dotée de véhicules blindés de combat destinés à renforcer ses capacités opérationnelles dans la lutte contre les gangs armés. Selon des informations concordantes, le directeur général de la PNH se trouve actuellement à la douane de Port-au-Prince afin de procéder à la réception de ces engins, équipés d’un blindage de très haut niveau. Il s’agit d’une première historique depuis la création de la PNH, marquant une avancée significative dans le renforcement des moyens de l’institution.