@madox_211@carelpedre@pietiennehaiti Sim konpran byen rive nan mondyal kote neg sa yo banm okazyon premyè fwa nan vim ap gade Haiti kap patisipe nan mondyal pa anryen pou ou?
Li t fasil konsa pi nou sot pase 52 ane san nou pat la.
Gen de bagay m wè nap mande neg yo se joure menm nou bezwen al joure yo aprè wi
Tout pale anpil sa yo montre gen nan nou ki poko reyalize vrèman nan ki nivo Ayiti rive jodi a. Mwen te kwè reyalizasyon istorik sa a t ap mete nou ansanm, menm si se te sèlman pou yon mwa.
Kijan nou espere enspire pwochen jenerasyon an si se konsa nou trete moun ki rive fè sa okenn lòt jenerasyon pa t rive fè pandan 52 ane?
Pa gen moun ki pafè. Nou pap janm nan plas Grenadye yo sou teren an. E mwen garanti nou yon bagay: pèsonn pa gen plis anvi fè gòl, genyen match, epi fè Ayiti fyè pase jwè sa yo. Se ak motivasyon sa a yo te rive kalifye, pandan yo pa t menm gen chans jwe nan peyi, e pandan majorite nan nou pa t menm konnen kiyès yo te ye.
Kritike se yon dwa. Men rekonèt efò, sakrifis ak grandè reyalizasyon ti mesye yo se yon responsablite tou.
Pou Ayiti. 🇭🇹
@RalphEFrancois Sil gen yon bagay m pè nan patisipasyon Haiti nan mondyal lan se sa m wè Almay fè Curaçao jodia nan 2 match ki rete yo.
Jan m wè près nan peyi Bresil ap atake seleksyon yo m pè pou yo pa fè nou peye movè rantre yo nan mondyal lan
@heizenheim Ou menm a avoka pèp lan e media sa t nan menm sa nou t rele opozisyon pliryèl anfas Jovenel pou t jwen nan tranzisyon koupefyel sa jodia.
Pa vin montre ou diferan de yo lè w wè yo anfas interè ou,gwoup ou ki sou pouvwa jodia.
Dayè biennèt peyi t janm interese nou vre
@lau__rah Oo m panse se fan Haiti ou t di wi epa football an jeneral ou di.
M jis gade klasman FiFA 3 lot ekip ki nan gwoup nou yo e wè nou nan 83 em epi m di m ta renmen pou Haiti tout sa nou swete yo men m panse fò nou pa ale two lwen pou n pa joure ekip lan aprè
@lau__rah Bon sim Haitien m pa fan Haiti ebyen fan ki ekip pou m ye la ankò.
Canada sot fè premye match nil li la aprè 3 patisipasyon nan mondyal se fèt yo fè wi.
Yèswa m jis kontan lè m ouvri tele epi m wè map gade Haiti kap jwe nan mondyal.
@Jeanmary_simon Bellegarde se youn nan ra jwè ki jwe yèswa ke majorite près intènasyonal lan di kifè pi gwo skò,ki rive fè 7.
M swete nou jis admire e ankouraje ti mesye nou yo ki mennen nou nan mondyal lan.
Pa vin espere twop de yo pou n pa al nan joure yo e manke yo dega aprè
@ingSavio25 Ou gen pou wè sitoyen konsekan wap pale a se moun ki nan kanw wi,moun tankouw yo ki t prè pou afwonte tout moun ki di non Didier lè nou tap inpozel sou pouvwa malgre tout sitoyen ki pa konsekan daprè ou menm t di nou misye echwe a KPT e li inkapab.
@Roudy_Jeune Paske m gen tweet ou t konn fè sou Jovenel yo kote pou ou pat gen anryen kap mache ou kap reyalize epi jodia wap repwoche lòt moun de sa ou t konn fè.
Al gade X e siw vle m ka share sam t screenshot yo pou wè sawap di jodia pou defann kanw san otorite
@Roudy_Jeune Men ou pa diferan de moun kap joure Patrice yo non.
Ou pa aksepte ide kontrè,depi moun lan pap di Viv kanw lan malgre yo ap detwi Haiti li krab.
Dim kisa yon moun ka di de byen kap reyalize la sou pouvwa w lan la ?
Sak pired lan pa gen anryen wap souteni la kew pat kont avan
@Roudy_Jeune Gade jan yon Haitien wè yon lòt haitien ki gen dezakò avel,li tretem de krab .
Epi ou gen pou wè moun etone lè yo tande Haitien kap joure Patrice paske li bay opinon sou yon jwè haitien nan seleksyon
Nou jis pa aksepte ide kontrè e sa yo ki fè n touye Jovenel pou tranzisyon an
@GuerLouis@RalphEFrancois Sòf ke pa gen anryen kap fèt la yon moun ap defann kel patap kritike si se yon moun ki pa moun pal ki tap fèl.
Pa gen anryen pou wè a bon san e bon sans pa vle kom se moun kap fèl.
@CiviqueEtmoral M doute fò moun kap joure Patrice sou zafè football lan se respè yo pa gen pouli.
Pwoblem lan pi pwofon ke sa,nou jis pa aksepte lòt moun gen ide kontrè a jan nou wè bagay yo,nou intoleran e se grav pou yon sosyete
@windyphele Sak parèt biza e ki pou mwen pi grav si se yon prezidan ki t demokratikman eli ki ta fè saw wè Alix fè a anpil nan moun ou wè swa ki pa di anryen ou kap souteni Alix yo tap al fè pil dèryè KPT pou di se KPT ki gen otorite legal pou fè dekrè a e bay pibliyel nan monitè
@ricardo_8_4@Herold_JF Didier wi men KPT se moun tranzisyon yo ki t pwopoze fòmil sa .
Yo tout t bezwen prezidan e se yon sèl pòs prezidan ki t disponib
@ricardo_8_4@Herold_JF KPT a DIdier se blan yo ye?
Moun ki ap pwofite de tranzisyon an la nan siyen vye kontra a leta m pa kwè se blan yo ye.
Dayè nou tout t deja konnen tranzisyon egal a gagòt.
@ricardo_8_4@Herold_JF Kisa kap fèt jodia pou montre nou sou fè eleksyon ke Jovenel pat fè plis ke sa?
Ou bliye moun tankou nou t rele KEP Jovenel t monte a de kRÈY epi nou t bloke tout demach li yo.
Moun ki t mete l t sèvi a moun tankou nou pou blokel lè yo wè Jovenel ap atake interè yo