@pnh_officiel Popilasyon an pèdi konfyans nan La polis. Mwen panse fòk nou ta chèche bay bon Jan Rezilta Pou Popilasyon an ta oujan REFÈ nou KONFYANS. Haïtien PA ENBESIL. Depi yon yon moun ou byen yon Antite kanpe Sou FOULAY, Pèp la pap pran tan Pou li konprann sa.
@Radio_Metronome Anben se Ayiti ki pwodwi moun sa yo. Se Pou nou remèsye tout sa ki te la nan Epòk Joseph tap Grandi yo(sa ki tap Kalbende Sou Pouvwa yo, ...). Se sa Rekòlt la bay. Se pa yon Aza.
Se Pou nou gade WO(HAUT)Pitit sòyèt ki arive fè yon Efò Pou li pa nan Ti nivo sa a nou ap Gade la a.
@drgrego@AmeriqueInfo7 Eske depi sa rive, se sèmante ke ou te sèmante ki lakoz? Sa rive deja nan lòt Peyi. Moun sa yo ke sa rive nan lòt Peyi yo, eske se sèman yo fè ki lakoz sa rive yo?
Mwen ta renmen konnen : "Èske se yon Fenomèn Natirèl ki ka rive nenpòt moun ou byen se Sèman an ki ka lakoz li rive?
@vantbefinfo Nou(Ayisyen) gen Moun ki Ekstrèmeman malad Mantalman an Ayiti. Mwen panse gen de nivo de Kriminalite ki rive nan yon Pwen Ekstrèm e gen de seri de swadizan moun ki pa sipoze ap sikile libreman nan mitan yon Sosyete. Fòk yo fèmen yo yon kote.
@vantbefinfo Ki Leta? Yo ka entèvni Pou fè wè ke yo ap Travay Vre wi(yon moun pa janm konnen). Men mwen pa panse pou nan Fason Peyi sa a ye la a pou moun ta ap mete Lespwa ou sou Leta toujou. Sa a se nan Manti ou ye ak tèt ou.
@pnh_officiel - Poukisa LA Polis pa janm mete la PÈ DEFINITIF(PAIX DEFINITIF) nan zòn ki afekte pa BANDI YO?
- Eske se yon Bagay ki fèt VOLONTÈMAN ou byen se ENKONPETANS ki lakoz sa?
Mwen panse ke mwen pa sèl moun ki ta renmen konnen REPONS KESYON sa yo.
@TheNancyRoc@pnh_officiel@nouvelliste Celà ne sert à rien de lancer un appel. J'estime que la majorité des Haïtiens sait déjà que d'habitude, nos responsables font semblant de résoudre un problème lorsqu'il y a forte pression (violente manifestation) provenant de la part de la population. Notre réalité est ainsi.
@fanmtitwou@carelpedre Retire Bondye nan Mechanste lèzòm chwazi fè Moun parèy yo silteplè. Se pa kras do li vire bannou, li PREZAN(Li vini) kote ki prè Pou resevwa li. Lè Moun ki Sou Pouvwa yo Chwazi bay Peyi an Bon Direksyon epi sispann Jwe wòl ti rèstavèk ak Entènasyonal la, wap wè si li pap prezan.
@rtvgalaxie@commeilfautsa Nouvèl sa a manke presizyon. Eske se yon bal mawon li pran? Eske se yon moun ki kagoule ki parèt nan lakou Travay la ki tire l'? Kijan sa te pase? Mwen panse gen Ti Enfòmasyon ki Pou ta tyeke toujou de Fason Pou nou pi byen Lage sa nou Anvi Poste a(se jis yon konsèy).
@Radio_Metronome Ala kote gen Chat!!! Prè de 105 menm!! Hm. Kòm TONTON SAM gentan konnen ki SIBALTÈN li ap mete, donk pifò se FIGIRAN. Mwen ta swete mwen nan vivan m toujou pou m wè lè Maryonèt ki Sou Pouvwa an Ayiti yo ap sispann fè Foulay. Nou poko prèt Pou n fè Peyi.
@AmeriqueInfo7 Van Espwa yo ap pale a, se Espwa Pou yo ak Fanmi yo avèk manniguèt Anba tab yo konnen yo ap regle wi. Se pa Pou Peyi a non. Moun sa yo pa konn nan enterè Peyi. Aprè yon bann tan ak kalite Atoufè sa yo nan tèt Peyi a, mwen panse li lè Pou nou ka kòmanse dekode Pawòl Atoufè sa yo.
@carelpedre@lucioLouis259 Èske se Pwen Entèwogasyon(?) ke ou sanble bliye mete dèyè Kesyon w' lan ki lakoz ke Mister Lucio pa reponn ou @carelpedre? Mwen tèlman ta renmen wè repons Kesyon sa a!!! Mwen te ka byen reponn Pou @lucioLouis259 si m te Sou moun ou byen si m te gen pwoblèm ak Post ou a. Podyab!
@iamlaurie_@JosueCeant Anpil Ayisyen gen Tandans lage pwoblèm Peyi a Sou do Popilasyon an. Popilasyon an Sibi Konsekans move desizyon ak Koripsyon Dirijan l yo. Se pa Polpilasyon an ki kreye sa ki ap pase an Ayiti yo. Mwen panse ke Popilasyon Ayisyènn nan gen ase pou pote nan Moman an.
@JosueCeant@iamlaurie_ Tout Peyi ki ap Pwogrese, se Dirijan yo ki met Stucture an PLAS Pou sa. Se pa San Rezon kifè ou wè Majorite Ayisyen gen yon Konpòtman Diferan lè li Haïti ak lè li Etazini. Nan yon epòk(kote pèp la pat Visye epi pat gen mizè konsa), Haïtien te konn fè Manifestasyon San Finansman.
@AmeriqueInfo7 Eske se pa paske Gen twòp polisye Gang anndan la polis ki lakoz? Gen yon ekriven(Philippe Joyaux ki te di "UN HOMME AVERTI EN VAUT DEUX, UNE FEMME TROIS". Èske se pa paske Anpil enfòmasyon Sou Operasyon ki gen Pou fèt rive jwenn Malfra yo ki lakoz Polisye yo ap Viktim konsa a?".