@UBHaiti silvouplè, jere koze gichè chofè 71 a djoumbala yo, li pa nòmal pou kite moun vin kanpe ap tcheke chofè pou pase avè yo, espas la pa pou pyeton On peyi frajil konsa. San konte moto k ap foure tèt yo devan moun ki la depi douvan jou lan liy epi chak gen 3 moun sou yo
@moniclesca@richardsenecal Pa m lan pèdi enfòmasyon yo paske fim ki sou li a dekole, mwa me 2025 mwen fè demand pou onlòt, an jiyè yo voye imel di m li ale lan pwodiksyon, men nou an fev 2026, li lan pwodiksyon toujou
@ncimeon Sekirite a moto k ap bay pwoblèm. Sekirite ap mande chofè mete moun pou yo pou fè tranzaksyon, moto se foure tèt yo devan moun ki lan liy depi douvan jou
@UBHaiti dezòd lan gichè chofè delmas 71 lan se pou nou mete fem a li wi, ajan sekirite yo bliye wòl yo. On moun rive a 4:30-5h am, li 3e machin, 2 sa devan yo pran 2 moun anplis devan baryè a, 3 moto antre a 3 moun lan konplisite ajan yo, nou wè fistrasyon a pwoblèm sa ka bay
@NickandDo Depi m fèt cha pa t janm pase matisan, se te toujou Sarthe, Cazeau, Cite Soleil, La Saline, paske se la yo te konn soti pou rive devan lameri pou fè granri, channmas, desann bò stad, tounen lameri