📌App sa rele « ICEBlock ». Logo App la se yon glas kap fonn.🧊Moun ki kreye li a rele Joshua Aaron. Anplis de idantifye ajan ICE yo, aplikasyon sa a ka pèmèt ou wè kijan yo abiye, nan ki machin yo ye. Yon fwa ou aktive App la, depi gen ICE a anviwon 8 kilomèt de ou, wap resevwa yon alèt ki di w sa. Joshua di li pa bezwen enfòmasyon pèsonèl moun kap itilize aplikasyon an, li pa vle gen idantite l, ID telefòn li oubyen materyèl li telechaje l la, lokasyon li, adrès IP li elatriye… Ameriken sa di li devlope aplikasyon an, nan lide pou l te kanpe anfas sa kap pase a.🇺🇸Avèk aplikasyon sa ki gratis, Joshua di li espere sa ap ka evite migran yo al kwaze ak ajan ICE sanzatann. Sepandan, Joshua fè konnen objektif App la se pa pou anpeche ICE fè travay li, men pito, enfòme oubyen notifye itilizatè yo sou prezans ofisye federal yo. Aplikasyon ICEBlock la ke ou ka telechaje sèlman sou iOS, deja gen plis pase 20,000 moun kap itilize li | @CNN
@DigicelHT Pou 15 goud la se numero prefére wi nou mete disons nou limete moun pou yo pale ak tout moun wi men hummm kou genw leta serieux mwen ba nou garanti nap fè wòl nou
@Chinayder509@DigicelHT De toute fason mwen prèske cenw semaine sou pa natcom nan laa mwen poko ka reproche natcom anyen pa rapò ak mizèm tap pasé ak digicel