Genyen Ayisyen ki gen privilèj (paspò ameriken, green card) oswa ki abite nan kominote kote pa gen anpil Ayisyen, ki panse yo “pa konsène” pa sitiyasyon tankou sa kap pase nan Springfield, Ohio. Sa montre kijan anpil nan nou pa toujou wè tèt nou kòm yon kominote. Lè yon moun nan kominote a sibi yon atak oubyen diskriminasyon, se tout kominote a ki febli. Twò souvan, se nou menm ankò ki fè tripotay, vann move naritaf sou lòt frè ak sè nou, kraze youn lòt olye pou nou soutni youn lòt.
Sonje kijan jiskaprezan nou wè e diskite sou "Humanitarian Parole" la? Nou menm ankò toujou ap diskrimine tèt nou, alò kòman nou vle lòt moun pa fè menm jan an?
Sistèm rasis nan USA pa chanje selon ki pati politik ki sou pouvwa. Li sistemik, ki vle di li enstale nan tout aspè sosyete a, kèlkeswa ki moun ki prezidan. Donk, menm si apre eleksyon sa, gen moun ki panse pwoblèm sa yo ap pase, sistèm lan li menm ap kontinye egziste. E se pou sa li enpòtan pou nou konprann fòs nou depann de kijan nou ini, sipòte, ak ankouraje youn lòt. Lè nou febli pwòp kominote nou, nou fè l pi fasil pou lòt moun fè nou mal.
📌Direktè minisipal vil Springfield la ki pale ak jounal politik🇺🇸ameriken @thehill, fè konnen, pa gen okenn rapò kredib oubyen akizasyon spesifik ki fèt sou yon kesyon de bèt🐈🦆endividi ta blese oubyen manje. Anplis de sa, Bryan Heck di pa gen ka ki verifye ki montre gen imigran ki nan aktivite ilegal tankou vin mete matla devan pòt lakay yo pou dòmi nan lari a, lage fatra devan pòt moun, elatriye… Nan yon imèl li voye bay medya a, Direktè minisipal la presize, menm kesyon imigran kap fè dezòd nan lari, kap deranje trafik machin… yo pa gen okenn rapò sou bagay konsa | LSV
@dennly109@dennly109 pi gran svp fèm on favè eseye banm on kout men tanpri a plizyè repriz m tante dm ou anyen pa mache, m gen yon difikilte kem wèw konn ede moun ladan deja.