Lè sèvo w toujou ap di w “pa gen ase”, ou ka kòmanse pran desizyon ki ba w yon soulajman rapid olye de yon avni ki pi bon.Ou achte pou kalme estrès paskew pa konn kisa demen ap pote.E ou menm, èske w panse janm pran yon desizyon akoz mantalite mank san w pa t menm rann ou kont?
Pi gwo danje a se pa tèm “Alpha Male” la. Se lè nou pran l kòm yon verite absoli pou defini tout sa gason DWE ye.Lè nou kontinye mete etikèt sou tèt nou oswa sou lòt moun, nou riske kreye yon sik kote nouvo jenerasyon an grandi ak lide ke valè yon gason depann de yon sèl kategori
Pa kite je lòt moun defini valè w. Se pa sosyete a ki dwe deside si w bèl oswa si w lèd. Lè w sispann chèche validasyon deyò, se la vrè konfyans nan tèt ou kòmanse.
Lèm te fenk tande mizik lan m panse se “djonpse” nan menm sans ak “jump” kom se sote lap sote nan dans lan. Aprè m wè se tchanmse. 😂men nan tèt pam m vle kwè ke se sinonim “kolel ladanl”.
M kite “bwa kale” a poum wè sa lòt ayisyen pral di