Nou tout gen pou mouri on jou. Mpa swete se koronaviris ki ale ak youn nan nou, pandan n gen tan devan n pouki nou pa rekonsilye deja ak tèt nou e tout moun nou te gon pwoblėm ak yo? E sitou ak AYITI cheri pou jan n maltrete l.
Touswit apre 12 janvye ayisyen te panse se lafen dimond ki te rive anpil moun te fè solidarite. Lè n gade n wè se pa sa, nou vin pi mal. Kote sa soti? Lot peyi ki vanse, moun yo wè peyi anvan tèt yo. Bon kouraj tout moun.
Si nou rete nan chen manje chen, nou ye la a, 50 ane apre Ayiti pap chanje non. Bal la nan pye n !!! Se tèt ansanm nan respè, youn pou lòt sa ap rive chanje. Anpil kouraj ak detèminasyon rèv ap tounen reyalite.
Poukisa nou chaje ak tout èn sa yo
Pou
1- peyi n
2- pou lot moun parey nou?
Nan ane 2020 an, ann fè jefò pou chanje sa! Aprann renmen se sèl wout kap mennen n nan on lot fòm lavi! Renmen se pi gwo fòs nou!!!
Yo di jezikri se on moun ki te vin pou sove n, jis jounen jodi a nou kontinye a trimen nou wè pa gen sovè! Pa fè m kwè sa, m p ap di amen. M pa al legliz ankò pou n pa repete nan sa m pa kwè. Sof pou fè mal nou met tèt ansanm. Mta pito di lanmèd.
Leve tout ayisyen mete yo nan on peyi ki deja devlope, n ap wè nou fini ak tout sa ki te la epi n ap di anyen yo pa fè pou nou. Pran on lot pèp met la a talè yo devlope Ayiti. Nou pral rele anmwe di yo vòlò byen n. Se nou ki pwoblėm nan.
Ki lès ki gen tounvis pou retire "pil" ki nan kontwòl a distans la? Kap brase brase bil mond lan. Anpil peyi sou planèt la TÈT ANBA. Ann rasanble fos nou POU RELE Anmweeee.
On fi, fè manje li koupe bout sosis yo. On jou mari a mande cheri, pouki ou koupe sosis yo? Fi a di ee manman konn fè sa. Mari a di mande manmanw! Manmanl di manman pal te konn fèl konsa. Yo al kot grann, lè sa grann di chodyèl te piti. Medite anpil!!!!