Nan epòk sa n ye la, gen twòp moun ki bliye yon bagay esansyèl ki se : kreyasyon mande kouraj, sesi anpil kouraj! Li pa fasil pou yon moun soti nan tèt li, pran risk, met yon vizyon sou tab epi ekspoze l devan tout moun.
Mwen pèsonèlman, m fè pati moun ki kwè nan valorize efò ak kreyasyon, Yeah! Ou ka pa renmen sa yon moun fè, sa nòmal… men respè a pa opsyonèl.
KREYE PA T JANM FASIL.
Jodi a n ka di klèman Baky fè yon mouvman ki pa piti ditou, Li pran yon risk ke anpil lòt RAPÈ pa t janm pran, Li kraze yon baryè, li eseye yon lòt direksyon.
WI, SE YON GWO BAGAY POU RAP KREYÒL.
Avanse pa t janm vle di ret menm jan🫡
Evolisyon pa konn nan mande pèmisyon📈
Men n konn kijan kritik yo toujou ye e pral ye… gen moun ki pral di:
li pa t sòldawout, “Li pa rapè ankò”, “sa pa rap”, bla bla bla…
Men kesyon an se:
Depi kilè yon atis oblije ret fèmen nan yon sèl bwat?
Lè Drake ap chante, lè Akon te konn melanje estil, lè gwo atis entènasyonal yo ap eksplore lòt sonorite… yo rele sa versatilite, evolisyon, jeni…
Men lè se lakay pa nou, n vle met limit.
Yèswa m te wè 🔥
Yon risk☑️
Yon vizyon🧠
Yon etap pou fè mizik ak Rap kreyòl avanse📈
Toujou sonje sa!
San moun ki pou pran risk, pa gen okenn mouvman ki janm grandi…
GOOD JOB BAKY🔥
Men w p ap kouri non Bro! Sa se bif pa m avè w😐
Yon timoun 6 zan:Leta! yon timoun 6 zan mouri nan lanwit 3 me 2025 la, nan Lopital Fontaine tou pre site solèy,aprè vakabon fin fè kadejak sou li nan yon KAN. Timoun 6 zan an mouri, li pat ka sipòte doulè perineal konplè yo.Sitiyasyon nan kan yo pa sitiyasyon moun dwe viv.
200 ans de dette pour avoir osé se libérer. Des banques françaises enrichies. Un peuple saigné à blanc.
Et si, enfin, on parlait de restitution au lieu d’assistance ?
#Haiti#Colonialisme#RéparationsMaintenant