Ti Moso Listwa – Rèn La Gonave
1859, jeneral Fabre Geffrard mete do Faustin Soulouque atè e fose l kouri kite peyi a. Lè sa a, Anperè a ak tout fanmi li pral blije lage kò yo Jamaique, pou yon ti bout tan. Kòm jamayiken yo pat aksepte yo rete sou teritwa a, yo pral pouse bourik yo pi lwen an Europe, kote y ap pase yon ti tan an France. Bon chans pou yo, fanmi Soulouque pral jwi jantiyès Guillaume III, ki te Wa “Pays-Bas”, ki ap pèmèt yo kite fredi kontinan ewopeyen an, pou vini viv nan chalè peyi Guyanne, nan renyen Karayib la.
Fabre Geffrad pap rete etènèl sou pouvwa a. Li menm tou, l ap pran so kabrit e lè sa a, fanmi Soulouque la, ki te nan kanpe lwen, pral tounen Ayiti nan lane 1867. Se yon neve Anperè a, Sylvain Salnave ki pral dirije peyi a lè sa a, k ap bay lòd pou yo antre e pou pèsonn pa oze touche yon plim cheve nan tèt yo.
Kèk semèn aprè li tounen an Ayiti, Faustin Soulouque pral vale batistè li. Salnave prezidan se vre, se li ki genyen pouvwa politik la, men kouzin li, premye pitit fi Anperè a, Olive Soulouque ap eritye tit Rèn, kòm desandan “Empire” a.
Lè rebèl kanpe anfas Sylvain Salnave, atak kòmanse ap fèt sou twoup li yo nan lane 1870, fanmi Soulouque yo al refijye yo sou zile La Gonave. Anpil patizan fanmi enperyal la ki te deja ap viv la, pral retire kò yo nan zafè Ayiti a, y ap deklare tèt yo se yon peyi apa, kote y ap mete Olive kòm Rèn La Gonave. Rive jouk lane 1880, okenn dirijan ayisyen pap deranje fanmi Soulouque la nan La Gonave.
Nan lane 1875, Félicité Faustine, ki se dezyèm pitit fi Anperè a, pral mouri, li te genyen sèlman 30 lane. Li kite dèyè, yon pitit fi, Prensès Timemenne. Se twazyèm pitit fi Soulouque la, Celita, ki pral adopte ti demwazèl sa a ki te twouve li san manman. Men, move nouvèl yo pa kanpe la. Nan lane 1877, sèl pitit gason Rèn Olive la, Prens Faustin-Elvérius de Vil-Lubin, mouri tou. Sa ki lakoz, fanmi an pa rete gason ankò. 3 lane pita, kidonk an 1880, Rèn Olive mouri tou, li te gen 40 lane sou tèt li. Se sou tèt Celita, dènye pitit Anperè ke kouwòn nan vini tonbe.
Yo te rele li Celita, men vrè non li se te Célestine Marie Françoise. Li fèt nan Port-au-Prince, 13 fevriye 1848. Si n ap gade sou bò manman li, Rèn Adelina Levêque, li se pitit pitit papa nasyon an, kouzin Cincinnatus Leconte ak Florvil Hyppolite. Sou bò papa l, li se kouzin Mainville-Joseph ak Sylvain Salnave.
Jou ki fè li 21 lane, Celita marye, nan vil Cap-Haitien, ak Jean-Henri Nord Alexis, premye pitit gason jeneral Pierre Nord Alexis, ki te pote tit “ duc de l’Avancé epi comte de Mirebalais”. Celita te pi byen konprann politik pase gran sè li, sa te pèmèt li mete estrikti pou zile a kapab okipe tèt li pou kont li. Abitan yo, ki t ap viv anba lobedyans li te wè nan li, yon seyè, pa jis yon moun tankou yo. Yo te sèvi li menm jan yo te sèvi Loa.
Li pat wè tèt li kòm yon chèf tou pisan, se pou sa, li te pataje pouvwa a ak plizyè manm nan fanmi an. Li te menm chwazi nyès li ke li te adopte a, pou ta ranplase li, jou li ta gen pou travèse dèyè mòn nan.
Nan lane 1896, le Tirésias Simon Sam pral pran pouvwa a, Ayiti pral koupe fache ak Wayòm La Gonave la. Men okenn atak pap fèt sou zile a. Premye gwo fwap Rèn nan pral pran se bò pè li, Pierre Nord Alexis, ki pral deside ke se yon konsèy militè k ap pran kontwòl La Gonave nan lane 1902.
Aprè 6 lane lwen palè, Rèn Celita pral tounen an fòs, lè bò pè li pral pèdi pouvwa a. Se pitit gason li, Pierre-Henri Faustin ki pral vini Wa pou rive nan lane 1910, lè li mouri. Celita pral kenbe pouvwa a jiskan 1912, lè li menm tou li pral mouri e se Timemenne ki pral vini Rèn La Gonave.
Florida man swallows $769K stolen diamond earrings from Tiffany & Co, asks cops if he’ll be charged for ‘what’s in my stomach’
Source: New York Post https://t.co/6CbJAcB4B8
Real Madrid made Champions League history as soon as the first leg of their round of 16 tie kicked off against Atlético Madrid.
Source: SI
Shared via the Google app https://t.co/xVGwzOxA9v
Haiti - SCHOLARSHIPS : Anténor Firmin doctoral mobility program 2025-2026, Call for applications
Source: https://t.co/kCvHJC40vv
Shared via the Google app https://t.co/t9H79q9tql
Vers le déploiement des troupes ougandaises🇺🇬 en Haïti🇭🇹 ?
"J'ai reçu de nombreux appels de nos frères et sœurs en Haïti. L'armée de l'Ouganda (UPDF) est prête à se déployer là-bas. Que l'ONU ou les États-Unis nous fassent une invitation officielle. Nous serons là et nous mettrons fin à tous les problèmes en Haïti", a écrit le chef de l'armée de terre, Muhoozi Kainerugaba, sur son compte X, le week-end. Plus loin, le fils du président a assuré qu'en un mois, ses troupes aurions éliminé tous les criminels qui sèment la terreur dans le pays. "Barbecue devra se rendre à nous dans les 24 heures s'il ne veut pas de Kandoya !", a lancé @mkainerugaba . #PIP
Dans une interview sur Color Visión🇩🇴, l'historien dominicain🇩🇴 Juan Daniel Balcácer a révélé que le père de la patrie dominicaine, Juan Pablo Duarte, admirait le peuple haïtien🇭🇹 pour le courage qu'il a montré dans sa lutte pour obtenir la liberté. @josephlunieOFF@ListinDiario
📌Sitwayen kap viv nan zòn Kanape-Vè, Bwa-Vèna, Tijo, anba lavil… di nou yo tande bri a pandan 2 a 3 fwa. Sa pase zòn 6-7è nan aswè, dimanch 2 Mas 2025 lan. Jiska moman nap pale la a, nou pa an mezi pou nou verifye oubyen bay presizyon sou kisa li ye. Sepandan sitwayen nou pale ak yo nan kapital la di yo pa abitye tande kalite son sa yo. Nap siyale, eksplozyon sa yo fèt, alòske enfòmasyon ki rive jwenn nou fè nou konnen, bandi yo ap òganize aswè a yon kanaval nan komin Kafou, kote Chèf gang Village de Dieu a, Izo 5 Segond, gen pwòp cha pal kap defile, ki soti Matisan | LSV
Santé du Pape François :Le Saint-Père a connu deux crises respiratoires aiguës dans la journée de lundi indique le Vatican .Le pronostic demeure réservé a fait remarquer le Vatican .@Pontifex_fr#RFMINFO
Le Commandant de l’armée Ougandaise le Général @mkainerugaba manifeste sa volonté de déployer des troupes en Haïti pour intégrer la @MSSMHaiti .Le Général dit « vouloir répondre aux appels de ses frères et soeurs en Haïti »souhaitant ainsi une invitation formelle des @UN ou des États-Unis .Le Général a indiqué que « dans un mois il pourrait éliminer tous les criminels en Haïti ».#RFMINFO
DGPNH-Coordination de Presse et des Relations Publiques/ Décès: Le Directeur Général a.i de la PNH salue les dépouilles de l’écrivain Frankétienne ce vendredi 28 février 2025, à l’église Saint-Pierre de Pétion-Ville.
Bank error in your favor: Citigroup admits it mistakenly credited a customer $81 trillion - instead of $280.00
Source: The Independent https://t.co/6qD9DsA1re