To take down an empire, rise as one. From visionary filmmaker Gina Prince-Bythewood, watch the New Trailer for Children of Blood and Bone - only in theatres and IMAX January 15, 2027.
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
#Haiti: An jeneral, Ayisyen gen yon respè patikilye pou sa ki sakre. Respè sa a anrasinen nan edikasyon ak kilti nou depi nou tou piti, men, teworis yo pa respekte menm kote moun konsidere kòm sakre yo. Zak yo raple fè sonje metòd gwoup ekstremis vyolan tankou Boko Haram ak Al-Shabaab, ki deja komèt atak kont kominote relijye yo kote yap feraye.
Nan dat 1e Avril 2021, yon gwoup teyoris te voye youn nan yo antre nan yon legliz Advantis nan Diquini, (Kafou), pandan yon sèvis adorasyon ki tap retransmèt an dirèk, pandan yo menm tap chanje :".Le nom de Jésus est si doux" yon bèl chan ki nan "Chant D'Esperance" fransè an, mesye yo te kidnape Pastè Audalus Estimé ansanm ak twa lòt moun.
Zak sa a te yon gwo kou pou kominote kretyèn nan. Li te simen laperèz nan mitan fidèl yo, ki te vin gen rezon pou yo pè menm anndan kote yo te konn al chèche lapè, gras ak rekonfò espirityèl.
Lè teworis rive vyole sakralite yon legliz, se pa sèlman fidèl yo yo atake, se libète relijyon ak diyite tout yon sosyete yo menase. Misyon @nayibbukele an dwe kontinye se sel espwa pou kanpe aktivite kriminel sa yo.
Letènèl frape yo!
@nayibbukele manyen yo!
Depi 29 jen 2026, OFAC, ajans ameriken ki jere sanksyon finansye yo, mete yon mekanis ofisyèl disponib pou moun ki anba sanksyon yo mande revizyon desizyon sa yo. Mekanis sa a pèmèt yo prezante prèv ki montre akizasyon yo pa gen ase fondman, oswa sikonstans ki te jistifye sanksyon yo pa egziste ankò.
Kidonk, si Martelly konsidere akizasyon ki fèt kont li yo san fondman, poukisa li bezwen angaje yon konpayi lobbying (125 mil dola depo epi 50 mil dola pa mwa), pou eseye enfliyanse responsab politik Washington yo?
Nou tout konnen poukisa. Nou fè peyi a twòp mal. Sa p ap pase.
Li kite sigarèt la limen nan tou 2 pwent yo pou ONU ak Leta Ayisyen😊
Kòm yo t ap mande l Poz, ebyen l lage yon videyo ki montre volonte l pou detwi Gang sal sa yo
La Kounya😊 si ONU ak Leta Ayisyen egzije poz sa, n ap konn kiyès y ap defann.
#EchecEtMat