@manmanmyel@AdoAdo02@ItsYaBoy_minick Sa ki pase se depi yè yo deside desann anba a? Depi kilè anba sa abandone?Di pawòl la jan li ye wi,nou pa nan voye monte. M poko ka bay Seza sa ki pou Seza nan fènwa.
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Mwen panse nou te sispann tonbe pou aparans depi apre madanm lan te di yo pra l chanje Petyonvil epi se fasad bidonvil Jalouzi ki te pentire a wi.😩🙊
Nou sanble vle jis bay vòt nou pou bèl vizaj, bèl ti souri, bèl ti koulè de ouf?
Kisa ki lakoz yon kandida se bon chwa w? Fè liste kisa yon kandida dwe pote epi gade kiyès ki gen plis check nan liste ou a.
Pa apiye moun sou aparans, zanmitay ou kòkòday.
NON OU PAKA DESIDE VOTE YON KANDIDA JIS PASKE LI PA AL ENSKRI AK BANN RARA. SA PA YON KRITÈ KI SIFI.⚠️⚠️⚠️‼️‼️‼️
Ou ka aplodi ak felisite sa, pou ankouraje lòt yo sispann fè simagri nan adopte vye abitid depi lontan sa ki se peye fo militan pou rele avi pandan yo pra l depoze pyès.
Men ou paka deside yon kandida san bann rara ase pou dirije fiti w. Li dwe gon w plan, li dwe gen prensip ki mache ak ideyoloji pa w.
Yon VÒT son w gwo responsablite, li pèmèt ou chwazi moun ki pou ranje peyi w ak rann li vivab ase pou ka viv ladan l.‼️‼️‼️🗣️🗣️🗣️
@pnh_officiel Tchuiiiiiippps kote nou te ye? Nou te aranje nou ak Eric pou nou bafle lajan fè toutè pou bandi! Nou poko ap jwenn kredi n ap chèche a bann raketè...
@SteevMibalezyen@Brana Sa vle di distans pou Desanm se prestige ekspire yo pral monte kès yo 5000 epik goud,pou moun bwè! Yo pral ekoule Prestige ekspire.
#YONJOULAPJOU#AYITI
Pandan @Brana anonse li fèmen an mesye dam, gen vye Prestige ki make 50 ans sa,li san gou. Me se kounya anpil moun ap konstate tout sa ki la yo ap ekspire nan mitan mwa Novanm nan la.
Kilè n ap sispann viktim nan peyi sa❓️🤔
Tanpri souple,moun m wè ki anvi pran app sa pou plezantri a nou ka toujou fè blag nou ranse gen moman pou sa! Men gen peryòd app sa pa ka gen twòp griyen dan sou li. Lemond reyini laaaaaaa,tout sa n ap pale revandike gen pwojektè sou yo! Tout gran kreyè mond lan la.👌🏿
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.