@ankourajem@VICE2K Ou ekspire! Kounye-a menm bouki fè filo ou paka bal kk poul blan pou ze ankò. Kidonk bagay wap di la-a tout moun vin eklere kounye-a, yo ka wè sa-a pa sanble ti mesye @VICE2K. OU RAZZZZ ! OU EKSPIRE !!
@ColeRebelle@PeggySalomon6@AlensDelice@carelpedre Pou kisa nou wè li pa konprann la-a? Li konprann! Li jis poze yon lòt kesyon pou mwen ki gen sans. Menmsi mwen dakò ke li poze kesyon-an ak move moun.
@mannobeats Bèl bagay brother.🔥🔥🔥😍🙏... Sèl sam santi ki manke se promotion. Mwen pa tèlman branche de nos jours. Men nan ti branche mwen fè yo se kòmsi mwen pa remake ou bay okenn entèvyou sou nouvo mizik la ki soti-a.
@mannobeats Men sa'm tap tann nan... Nèboule'm! 🏆🏆 nou pati pou nenpot 4 koup setfwasi. Si'w te ka envite timoun Ghetto Kids yo danse sou li se tap sa netttttt. https://t.co/OPJrgDBerm
@VICE2K Se vre @VICE2K poste kèk ti sekans de bal la... Men poukisa Klass li pa satisfè de poste kèk ti sekans sèlman, men li poste tout prestasyon pal la? Mwen kwè se paske yo konnen se yon mèyè fason pou yo vann tèt yo. Li ta sipoze menm bagay la pou djaz pam nan tou wi.
@VICE2K Se kòmsi mwen santi djaz la ap mal jere vizyèlman. Poukisa aprè bal KLASS vs T-VICE la, mwen wè full prestasyon klass la sou Youtube epi full prestasyon pa T-vice la pa eziste okenn kote? Klass bezwen pwomote tèt li vizyèlman men T-vice li pa nan nesesite pou sa? 😔
Gade valè grapyay imoral santi ki ap pwofite vin fè @mikaben la moral aprè sa li di de @AlerteAnie la. M pa di Mika gen rezon non men kisa grapyay sa yo ye pou se yo ki ap prese vin fè moun la moral la? Anpil nan yo konn ap bat fanm. Yo gen kkrèl nan bouch tèlman yap fè la moral.
@MickaelMarabou Kite moun yo regle koze yo tande Atis. Poukisa ou pa pwofite lage mizik ou ak Davido a pito pandan pa gen anyen serye kap fè bri deyò-a ? Si mizik la fini lage'l ! Fòk ou pwofite de momentum tou pou'w lage yon mizik. Deyò-a pa gen anyen serye jis lage mizik la si li fini. 👊
@Berlin_Avril@RClacky Kisa wap konpare la-a ak yon kanaval jiskaprezan ki rete yon klasik nan HMI la ? Kanaval Ti kriye djakout la se yon klasik li ye nan istwa mereng kanaval Ayisyen ?
@TMMEnter@carelpedre@LeJerson Mwen menm mwen pa konn ki strateji pwomosyonèl staff management @VICE2K mete kanpe pou albòm majestic la. But pou'm ta gen yon bèl albòm no skip konsa nan men'm pou yon nèg ta menm oze eseye bloke'l, ebyen se sou kannkès ou blòk sa-a tap oblije tonbe.
@TMMEnter@carelpedre@LeJerson Wi li ka di yon bagay pa bon. Men lè wap mennen tout yon kanpay sou tout entènèt la pou di sa kounye-a li vin sanble ou gen yon lòt ajanda. Tankou Reynaldo te di-a Carel pa gen djaz, ki enterè li genyen pou ap mache fè kanpay pou fè konprann ke album yon djaz pa bon ?
@jtaylorlouis@VICE2K Ou fèk parèt ou menm ? Tann dat @carelpedre ap fè ZEN pou do albòm sa-a poukisa sa pat janm te ka fè moun al chèche konnen de kisa, pouksa li tap fè tout ZEN sa yo??? Poukisa se kon @VICE2K mete kaka chat yo deyò-a sa rive? Di pito ROBERTO ouvè je anpil moun ke yo tap pete je.
@jtaylorlouis@VICE2K 4 mwa lòt la fè lap fè tripotay, lap kreye zen sou do albòm @VICE2K poukisa kounye-a se ta li menm ki ta koz moun al chèche konnen T-VICE fè yon albòm nan ??? Si se vre se ta kounye-a gen moun kap chèche konnen albòm T-VICE la, pito se gras ak ROBERTO ki deside debloke blokaj la.
@carelpedre Lè yo di'w TROPICANA, SEPTAN wap mete chapo ba devan yo pa vre ? Alòske yo tou yo rapwoche yo de jenès la nan stil yap jwe epi ak nouvèl jenerasyon mizisyen yap rekrite. Djaz sa yo pa fè pou kilti Ayisyen-an a letranje pase @VICE2K. Epi se T-VICE ki pa merite respè ?
@carelpedre Ou poko janm chita pou'w tande yon TROPICANA, yon SEPTAN ane 70, 80 yo ? Si oui, eske se menm TROPICANA menm SEPTAN sa-a wap tande kounye-a ? Eske ou pa trouve yo rajeni stil yo ? Malgre sa ou pa gen respè pou yo???... Si oui, poukisa @VICE2K pa gen menm respè-a tou ?
@carelpedre Si yap pale de TABOU COMBO wap met respè devan nom'l... PA VRE ? Ebyen kòm ou di se paske @VICE2K di ke yo rajeni albòm nan, se sa swadizan ki ba'w pwoblèm. Ebyen map aprann ou TABOU COMBO te fè pi mal avèk albòm AUX ANTILLES la. Animatè te krache sou TABOU pou sa ?
Respekte @VICE2K nan menm nivo ak Tabou Combo, Septan, Tropicana. Ane 90 yo TABOU COMBO fè yon koub 90degre avèk albòm AUX ANTILLES la pou'l te ka rivalize ak Zouk la (Kassav). Malgre sa Ayisyen toujou bal respè. Se menm respè sa-a T-VICE merite pou sal fè pou kilti Ayisyen-an.