🔊 Avan eleksyon an tanmen, banm pran yon titan pou m pale nou de medya isi, la mwen pran mo medya kòm parapli ki kouvri kèlkeswa zouti ki itilize pou moun kominike, kèlkeswa lajè odyans lan tou. Ti rale sa pral ede nou konprann medya epi toujou pran sa yo di ak fouchèt yon fason pou tou kapab filtre yo.
Avan w kritike sa m pral di an, background mwen se kominikasyon sosyal, nan epòk mwen tap etidye sa se te 123 kredi pou pran yon lisans nan kominikasyon, kidonk mwen konn sa map di an, “journalism” se yon kou pou yon moun ki fè kominikasyon sa vle di li ka ale pi lwen ke sa tankou analiz sa.
Ann ale! Medya isi panche anpil, nou ka menm di yo kite panche dèye, medya isi trè “Biased” nan tout sa yap di, medya yo tankou defansè 2 pi gran pati politik yo.
Banm pran 2 ladan yo kòm ekzanp: CNN ak FoxNews. 2 medya sa yo tèlman “Biased” ou ta di se pòt pawòl 2 pati yo avèk CNN pou demokrat epi FoxNews pou Repibliken.
Pou FoxNews imigran se gwo pwoblèm dayè yo rele yo tout jan: Invaders, Illegal criminal, illegal Alien, dog eaters ( pou tonbe sou dènye sa ki pase Ohio an) san konte lòt ankò ki plis move. Mesyadam yo pa mete dlo nan bouch yo pou salanbe imigran kidonk mwen di nou sa se si tout fwa nou ta wè yo lonje mikwo pa nou pou nou pa di be.
CNN bò kote l pa pale imigran mal daprè lign li men pa panse tou yo pral soulve pwoblèm imigran genyen nan gwo emisyon bèl odyans yo. Kote yo pap pale mal men yo pap vini ak pwoblèm imigran sou plato konsa konsa. Sa m di pou 2 medya sa yo valab pou tout se swa yo panche gòch tankou CNN oubyen adwat nèt tankou FoxNews. Pwoblèm sa vin bay koulye a ou pa vrèman konnen yon “fait” pase paske yo tou 2 gwoup yo ap pran l daprè lign yo.
Pou m fini pandan map mete yon bemòl, medya ki plis oumwens pa panche yo se Associated Press (AP), Reuters, NPR, PBSNews, C-Span pou m rete la, rezon yo senp se paske yo plis bay depèch, yo pa twò fokis sou emisyon kote pou yo bay opiniyon yo.
Avan m ale si w fè tansyon epi ou plis panche Demokrat , mwen konseye nou pran FoxNews ak moderasyon paske sa ki ap di yo ka fè tansyon w monte, pou CNN kwake li “Biased” tou men li miyò paske omwens nan emisyon yo, yo souvan envite yon espesyalis Repibliken akote yon Demokrat. Pa bliye sa m di la yo valad pou polls yo tou, genyen ki gen tandans gòch oubyen dwat. Tout pou di nou, polls yo “Biased” tou pa kouri pran sa yo di a kòm pwen final.
Bon wikenn!
Nan 6 jou se pral eleksyon. Amerika tankou kote yo simen pwav, tout moun ap veye tout moun konsène, anpil gentan mare min yo. Arnold schwarzenegger, ansyen Repibliken gouvène California, kraze lit lan,li rejwenn lot Repibliken ki te deja vin jwenn Kamala pou bay yon leson.
Nan tout jwèt lan, Ayiti komanse jwenn jistis! Nou deja konnen l jistis nou toujou sòti anlè. Nan voye monte yon komedyen voye ti dlo sal sou Pòtoriko, msye di ti zile a sanble yon pil fatra kap flote nan lanmè Karayibeyèn lan , yon pataswèl ki leve plim sou do Pòtoriken ki di yap regle sa nan biwo vòt lan.
Trump move kou konn nan moman, li pa fè eskiz sou tout sa ki te di mal nan dènye rasanbleman nan Nouyòk lan. Li kontinye pouse bourik li san gade deyè.
Nan moman map ekri sa la, li sòt lage yon lòt plon gaye ankò dapre @cnn, msye di li pral mete lame sou fwontyè a kindonk lap chèche genyen "full" atansyon medyatik lan nan ti res jou ki rete yo.👇
Dènye kou ki touye koukou an, msye Joe rale yon move bout domino pou li te fann Trump pak an pak sou dènye pawol rasis ak rayisab kite di nan rasanbleman, move chans pou li, Repibliken tòde sa nan men li epi tou kole mo "garbage" lan sou tout sipotè Trump yo.Moun yo pa kontan menm nan moman, vwazen an monte drapo Trump li pi wo toujou, mwen sot we dyol manzè men longè mwen tou pa di l "How are you doing?" .
Kamala ki pi entèlijan toujou, tou fè yon piwèt, li lave men l kou pilat, li pran distans li ak tout deklarasyon ki gen lide blaze moun sou moun yo vote. Kidonk, moun ki tap mande èske madanm lan se Joe, ebyen nou tou wè, li pran distans li, yon bèl kout pye ki kapab ede l nan moman paske Joe nan moman se yon kòk ki fin bat, li fin vann li fin remèt monnen.
Moun ki tap mande m kòman tansyon an ye, mwen lage l ba nou san tit, na ba li sa nou vle. Annatandan, mwen kenbe yon @BiereEwo nan menm,kat pelouz mwen nan menm map swiv.
#USA2024
#Updates: Men kèk gwo chanjman ki fèt semènn sa nan imigrasyon ou ka pètèt rate men ki enpòtan pou w konnen:
✔️ Aplikan ki pral itilize fòm I-131, fòm sa ki
la pou “travel documents pou TPS ak lòt ankò gen gwo chanjman ki fèt ladan l. Tout moun ki aplike pou dokiman vwayaj epi ki itilize ansyen fòm lan apati jodi a, USCIS ap rejte yo. Ou dwe itilize nouvo an!
✔️ Pou premye fwa depi 4 an, #Etazini resi wè kantite moun ki ap travèse sou fwontyè Meksik lan pou rive nan peyi an tonbe plat atè. Pou mwa ki sòt pase la, rapò ki fèk sòti fè konnen Border Patrol yo dokimante sèlmam prèske 54,000 migran konpare ak 250,000 mwa Desanm ane pase.
✔️Gwo chanjman nan pwosès pou moun ki aplike pou azil, USCIS livre resi ak papye pou fè anpwent otomatik pou moun ki aplike yo ki fasilite yo renouvle pèmi oubyen lòt dokiman aprè anpwent pandan yap tann pou aplike pou yon kat travay 5 an epi solidye estati yo. Chanjman sa fasilite moun kap fè azil yo pou gen yon dokiman legal nan men yo rapidvit avan 150 jou kat travay lan.
✔️ Moun ki sou “Parole” pap kapab renouvle kat 2 an yo a ankò aprè li espire, sa valad pou tout moun ki benefisye pwogram Biden lan (CHNV) . Chwa moun sa yo genyen se aplike pou TPS si yo te antre avan 3 Jen ki sot pase la oubyen aplike pou azil si tout fwa yo estime yo gen rezon pou sa. Aprè peryòd ki sou I-94 an fini si w pa genyen yon lòt estati ak yon lòt kat travay sou nouvo estati sa ou pap kapab travay, ou pap ka gen pèmi, ou pap kapab lwe kay, ou pap kapab fè anpil lòt aktivite ki mande yon dokiman valid.
✔️Administrasyon Biden lan kontinye livre “Travel Authorization “ se sa nou konstate, kwake yo pap renouvle 2 an “parole” lan pou moun ki antre Etazini deja. Kidonk toujou fè yon pase zye nan imèl nou.
👇Ou kapab toujou resevwa “update” sa yo tout dwa sou telefòn si ou vle toujou rete enfòme sou dosye imigrasyon, anpil moun ki bezwen konnen sa ki ap pase ki konsène yo konekte deja. Mwen konseye nou swiv channel sa koulye 👉 https://t.co/wKwNHNDgik
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Yè, Kamala Harris te fè yon kout pye sou fwontyè a nan #Arizona.
Bèl linèt nwè li byen chita sou nen li, yon bèl djin nwa byen chita sou li, dwat kou ‘I’ ou ta di se lè @Mario_Andresol te chèf. Bon! m pa anvi pale de djakèt mawon sa ak yon bèl chènn an nò 18 kara lò jòn frape Tiffany&co, mwen pap ba nou pri an nonplis pou n pa voye jete ti bout chèn ki nan kou nou an. Pou m onèt ak nou manzè te fè zye plèzi pou gade l men fòk nou pridan sivil pa bay chèf p*ent pa bò isi.
Men 5 pwen enpòtan li te touche pandan vizit lan:
1. Vis prezidan #Kamala te pwofite fè yon lòt apwòch sou kesyon sekirite sou fwontyè a pandan li jije imigran kap vin sou fwontyè a dwe jwenn trètman tankou moun.
2. Li te pwofite pale sou yon estrateji ki plis klè kote rezoud pwoblèm fwontyè a dwe fèt lè nou ale nan rasin pwoblèm yo. Li te twouve li pa jis nonplis pou yon moun fè 10 zan tann yon jij deside sou ka li, pou li fòk gen wout pou mennen imigran yo jwenn rezidans yo. Li te raple DACA yo kwake
yap sèvi nan lame yo pa gen anyen nan men yo.
3. Zafè dwòg lan te gen anpil atansyon nan vizit lan, pou li, dwòg lan dwe konbat sou fwontyè a oubyen depi Meksik, li te profite bat lestomak li pou l kontinye kwape katèl gang yo ki pa sispann fè fentanyl rive #Etazini paske yo pa pwodwi radòt sa yo isi.
4. Madanm Harris te pwofite pase apwòch Donald Trump lan kèk pataswèl kòmkwa pandan msye tap dirije, li pat ajoute okenn ajan ni bay mwayen pou rezoud pwoblèm fwontyè a. Tout se bobin lap bay pou l fè kanpay li pa gen yon plan vrèman.
5. Madanm lan pat met dlo nan bouch li pou l te siyale Trump kòm yon responsab ki lakòz pwoblèm fwontyè an poko rezoud paske li te pase repibliken nan pati l lan lòd pou yo pat vote lwa ki tap pèmèt yo rezoud pwoblèm fwontyè a nan palman lontan sa.
Pase bon wikenn!
#ImmigrationReform
#LateTweet : Yon dominiken pouse yon pwòch mwen depi sou yon do kay, msye tonbe mwen kwè menm matyè nan vant msye kraze. Sendomeng se kote Ayisyen pase plis mizè paske moun sa yo pa respekte dwa moun.
Anba INAC espesyalman seksyon 208, li klè tankou ekzanp sa depi yon Ayisyen tap viv Sendomeng li kapab kalifye pou azil Etazini sou baz nasyonalite ki se youn nan 5 rezon moun kapab kalifye pou azil pa bò isi, jan nou tout konnen l Ayisyen pa sispann resevwa move trètman nan Sendomeng jous moman map tape tweet sa.
Pou plis konsèy, ou ka toujou mande yon 15 minit oryantasyon ak @web509_llc . Mesyedam sa yo ap pran plèzi pou yo ede w paske objektif yo se wè plis Ayisyen reyisi azil pa bò isi.
An pasan, moun ki plis jwenn sou azil nan ane fiskal sa daprè data yo se Afghan.
Nan yon lòt tweet wap konnen plis detay sou rezon moun jwenn azil plis fasil.
Pou moman amize n ak sa epi rete konekte ak @dennly109 paske objektif nou se enfòme w plis sou imigrasyon pou w kapab pran pi bon desizyon pou avni w ak fanmi w pa bò isi.
-------
Bookmak pòs sa, nap bezwen l!
#immigration
Credit:👇
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Good News! Nou kapab konsidere sa kòm yon bòn nouvèl: #USCIS fè yon bèl pa lè li otorize ajan li yo resevwa doleyans pou mande “experdite “case I-134A ki la lontan sa. Menm kout baton an pou moun ki te jwenn “not authorized “ yo pou yon rezon ou pou yon lòt.
Ou kapab mande konsidere dosye ou an ankò si w asire w tout bagay te byen fèt, si yo twouve l enpòtan epi li konvenkan yap louvri l pou ou, yo ka menm mande w fè anpwent. Eske sa vle di tout moun ap jwenn yon bon repons? Non!
Men sa ki verifye, se tout bon vre , yo resevwa doleyans pou fòm I-134A epi gen dosye kèk dosye yo ouvè ankò pou konsiderasyon.
Bon! Tigason, kòman mwen dwe fè sa? Pataje pòs sa ak sipòtè ou an, fè l reli pòs lan byen epi prepare l pou l esplike rezon ki panse yo dwe konsidere dosye w la ankò.
Di l pa bliye fè sa rapid paske an bon lojik se 30 jou yo konn bay pou mande konsiderasyon menm lè gen eksepsyon.
Pou fini, mete nan tèt nou se chans nap pran paske jouska prezan desizyon #USCIS toujou fèt nan tout diskresyon sa mande!
👉Plis detay swiv @web509_llc
Yon timoun 05 ans krache nan figi papal paske papal mandel tlf ki nan menl lan jis poul ka domi , paran ayisyen yo patap pran sa men timoun lan nn😮😮😮😮😮
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: “ Kòman pwogram Biden lan ye” ? Pèsonn pa gen yon repons klè nan moman men gen kèk aktivite ki ka bay gwo verite sou sa. Glise gwo pous ou anwo sou ekran telefòn ou an pou wè plis mesaj , paske nou pral pale.
✔️Pwogram lan ap pran frap, sa nou tout kapab konstate li. Jan nou konnen l nou a 44 jou eleksyon se nòmal paske janm toujou lage l, imigrasyon isi se yon gwo pyon pati yo toujou deplase pou yo genyen eleksyon.
✔️Pou konekte sa m sòt di anlè a, fwa pase m sòt chèche yon zanmi Ayewopò daprè li moun te ka “faire les cent pas” andedan avyon an san pwoblèm ki pou mwen se yon siy pa gen anpil otorizasyon ki delivre oubyen otorizasyon yo rete “pending”.
✔️ Sa ki verifye, pwogram lan ap mache tipa tipa men fokis lan nan moman pa sou li aprè 2 jounalis te atake li mwa pase sa ki
tè anpil pale anpil. Youn nan chanjman ki fèt, mwen sezi wè USCIS pran doleyans pou “Experdite” case I-134A, yon bagay mwen pat atann ditou. Sa m panse, se paske yo tèlman gen case yo ap gade kiyès ki gen agiman konvenkan pou yo avanse li.
✔️Yon lòt pwen ki enpòtan ankò, aprè #USCIS bay yon desizyon final ki negatif tankou desizyon sou “Travel Document”, dosye a fèmen men koulye a gen posiblite pou mande ouvri dosye a ankò si tout fwa ou kwè desizyon ki te pran pou “cancel “ travel document “ou an pat kòrèk.
Pandan wap kòmanse semènn lan pa bliye pataje sa ak yon lòt tou pou mete l okouran sa kap pase, map pwofite di nou sispann gaspiye kòb nou nan achte vèsyon peye #lawfully an paske li sèlman fè yon estimasyon men li pa yon aplikasyon ki konekte ak #DHS.
#immigration #usis
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Estrateji#Trump pou li kwense imigran ki sou #TPS yo senp. Li kapab pa pouse renouvèlman atan pou tout dokiman w yo espire konsa #ICE kapab rive sou ou.
Sa m esplike la yo te fèt deja sou manda l la epi te lakòz anpil imigran pran wout #Canada.
#Immigration: Men yon lis gwo dega Trump te fè pandan manda li an pou elimine Temporary Protect Status (#TPS):
✔Trump eseye 6 fwa pou li elimine TPS pou Nicaragua ( 2017), Honduras (2020), El Salvador (2018), Haiti (2018), Sudan (2018)
Nepal - (2019).
✔Si kou sa yo te reyisi plis pase 330,000 moun tap twouve yo sou lis depòtasyon kidonk se te monte desann tribinal toutan ki tap fèt ak TPS, move chans pou li anpil jij te voye kèk desizyon jete paske yo manke fondman sou rezon yo.
✔Byenke li pat reyisi elimine TPS li te domaje li anpil sa ki te lakòz anpil moun pèdi travay yo, anpil te oblije travèse lòt kote. Men youn nan bagay li te fè: Administrasyon li an pat janm renouvle TPS nan moman li espire a rapid, sa ki lakòz HR travay ou an ap rele w nan biwo kanmenm.
✔Sou administrasyon Trump lan pat gen zafè kat travay 540 jou pou tann kat travay la se te 180 jou. Administrasyon an konn fè esprè yo livre kat lan aprè 8 oubyen tout 18 mwa TPS lan ki lakòz aprè 180 jou ekstansyon an travay lan oblije revoke ou epi di w tounen lè w jwenn kat travay lan.
✔Konsekans kat travay pa renouvle a te lakòz non sèlman ou pèdi travay ou men ou pat ka fè yon lòt aktivite tou tankou @Uber paske kou kat travay ou pa renouvle lisans ou, asirans ou yo tout pa kapab renouvle.
✔Konsekans lan te rive pi lwen toujou ak konsekans domaj Administrasyon Trump lan te fè a, ou pat ka deplase yon machin paske lisans ou espire, ou pa ka aplike pou “unemployment “ paske ou pa jwenn sa yo lè kat travay ou espire, li te rann Food Stamp trè difisil pou w pa elijib lè ka sa rive ou pat gen lòt chwa jete w yon lòt kote.
✔Konsekans lan toujou te lakòz ou pat kapab renouvle kontra kay ou lwe an paske pou renouvle l fòk dokiman w yo pa espire nonplis. Desizyon sa yo te fòse anpil fanmi sou tansyon paske bri te toujou ap kouri paske Trump ap chèche depòte moun paske l konnen dokiman w yo espire.
✔Pandan tout dega sa yo, li pat ka deranje moun Azil paske moun sa yo kouvri anba yon lòt lwa epi gen yon pwosès diferan, se rezon sa yo ki lakòz mwen toujou konseye nou via @web509_llc pou pran chemen azil paske li pa ka manyen kategori sa yo.
Map fini pòs lan sou sa, si Trump tounen bon ankò lap fè anpil dega nan imigrasyon. Pwoteje tèt nou sa ki ka fè azil (avan 1 an.) konsa gwo van pap ka bouje ou. Ak azil wap gen yon kat travay 5 an ki pi lis pase yon mande prezidansyel epi premye kat travay lan toujou gratis, pèmi kondwi w valid pou 5 an epi posiblite pou jwenn rezidans.
Kontakte @web509_llc pou plis detay sou jan yo kapab ede ou.
#Immigration #AsylumSeekers
Chili🇨🇱 se 5èm pi gwo ekonomi nan Amerik Latin. Men lè n konsidere "revenu par habitant", Chili 🇨🇱 ak Uruguay 🇺🇾 vini an tèt. Chili se yon egzanp siksè ekonomik nan 50 dènye ane yo. Toutfwa li gen anpil defi sou plan inegalite. Pran kèk minit pou gade moso sa nan emisyon ki pase yè a. Pataje l. Mèsi.
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Nou wè tansyon kap devlope la fòk nou pa jwe ak li. Se la tou nou dwe wè longè bann òganizasyon ki konn ap fè pale anpil yo. Si nou pa aji vit epi kanpe kòmansman diskriminasyon sa li kapab gen gwo enpak sou vi nou pa bò isi ak pitit nou tou.
✔️ Pou kòmanse se sou entènèt mwen rete, nan tout forum, tout jounal, tout podcast, tout videyo. Mwen wè, mwen tande, mwen repòte. Mouvman sa kòmanse pran chè epi li tounen viral . Se yon “label” ki trè “hateful” menm nou menm dwe kòmanse repòte yo.
✔️ Aktyèl VP ki ap woule pou vis prezidan Etazini gentan antre tout longè ladan l, fè gwo blag ak li, se trè “hateful” li marye blag lan pou fè moun yo bliye bye mo “cat ladies”, li te itilize pou blaze yon gwoup moun. Li gen enterè ladan l si moun yo pran l pou blag pandan li tou blaze Ayisyen. Poutan, madanm li sòti nan peyi kote moun konn manje chen kwake lwa peyi an kont sa.
✔️Kòm nou souvan san defans, se nou ki pou itilize rezo sosyal kòm zam pou nou antre anba tout pòs repòte yo epi montre yo nou konnen jwèt lan. Si mouvman diskriminasyon sa kontinye pran chè nap tounen yon banm moun endesirab, pou lwe kay kèk kote nou ka viktim prejije.
✔️Nou sonje lè Sida te fèk dekouvri se te 4H li te rele? Youn nan H yo se te pou nou kidonk pa jwe ak anyen ki rasis oubyen diskriminan paske etnisite, koulè po, kote
ou sòti ak lòt ankò se diskriminasyon sou tout platfòm nap itilize yo, nou dwe repòte yo , kanpe kont yo nan laprès oubyen devan lòt enstans ki pi wo.
✔️Si nou jwe ak sa, nap jwenn diskriminasyon nan travay, nan lekòl, tout kote nou pase. Kale zye nou, pran laprès, defann nou, mande òganizasyon yo pou kanpe tou paske yo gen plis vwa.
Pòs sa merite rive nan tout gwoup , nou dwe kòmanse pran bonè paske rasis lan pran tout fòm, tout koulè ak tout karakteristik.
#stopracism #stopdiscrimination
Pita nan emisyon ÉDUCATION ÉCONOMIQUE nap fè yon prezantasyon sou ekonomi peyi Chili 🇨🇱. Chili ak Uruguay se 2 peyi nan Amerik Latin ki gen pi gwo nivo “PIB par habitant”. Gen anpil nou ka aprann pou inspire nou pa bò isit. Nou te fè yon emisyon deja sou Brezil ak Ajantin. Jodi a nou debake nan peyi Chili 🇨🇱 pou n pale sou fòs ak feblès ekonomi sa, diferan sektè yo epi kòman nou konprann entegrasyon ayisyen yo nan peyi sa. Pita 7h sou Télé Caraibes, Facebook, Youtube, Twitter ak sou divès radyo vil pwovens. Pa rate l. Mèsi.