Ruben Providence, meilleur joueur du match de ce soir face aux dominicains ! ⭐️
⏰ 82 minutes
🎁🎁 2 passes décisives
🌪️ 8 dribbles tentés (plus que tout autre joueur)
Bravo à lui pour cette bonne performance sur le côté gauche des Grenadiers. 👏🏽🇭🇹
Lè m kontre ak moun ki bon jan konn li yo nan nenpòt lòt kominote ki pa kominote pa nou an, mwen toujou wè yo saj e konsyan ke yo toujou gen anpil pou aprann. Map pale de moun ki a pibliye liv, kap ekri atik syantifik, ki se pwofesè inivèsite elt.
Men nan kominote pa nou an, chaje jeni ke w Pa janm konn grad akademik yo ni kisa yo janm pibliye ni kisa yo itil kominote yo a ki toujou pare pou rele moun SÒT!
Lè w edike vrèman ou pa rabese moun pouw ka leve tèt ou!
Depi w oblije fè sa kontinyèlman, wap viv ak yon konplèks ke sèlman yon pwofesyonèl sante mantal ka edew konbat.
Klase fanatik atis , se bagay moun ki ensanse. Kelke swa atis la, li gen fanatik moun legliz, vodouyizan, moun ki gen doktota, moun ki pa konn li, moun ki renmen di betiz , moun ki pap fè yon kòmantè , bandi , gang, etc .
Pa gen okenn atis nan mond lan ki gen kontwòl sou kalite fanatik li. Sof ke moun renmen sipòte moun ki sanble yo , swa nan istwa, nan stil , nan vayb, etc
Alò Mezanmi bagay nap di fanatik tel atis tel jan , fanatik lòt tel jan nan fason poun montre gen yon fanbase ki gen pi bon kalite pase yon lòt pa kanpe sou anyen. Se tou senpleman refleksyon premye degre , oubyen nan bi pou manipile moun .
Mizik ,atizay , divètisman nenpòt moun ka renmen . Mezanmi otan .
E lè moun lan renmenw antanke fanatik, lap goumen pou ou selon tanperaman li❤️
OTAN