Nan ti kominote n ap viv la, si w kwè gen moun ki ka bare wout ou pou anpeche w reyisi, petèt se paske ou poko kwè ase nan pwòp talan w, nan kapasite w, ak nan travay ou kapab fè pou rive kote w vle ale a.
Moun ka mete obstak sou wout ou, men sa pa vle di yo gen pouvwa pou deside ki kote w ap rive.
Pa bay lòt moun plis pouvwa sou avni w pase sa ou bay tèt ou. Kwè nan tèt ou, travay, pran disiplin ou oserye, epi kreye pwòp opòtinite w.