7 an nan lekòl prim��, 7 an nan segondè, 5 an nan inivèsite ak yon metriz, men yo di w pataje yon mesaj nan 5 gwoup pou w ka jwenn 50 jiga entènèt epi ou kwè vre? Humm!!😂😂😂
Mon voisin s’est disputé avec sa femme, le gars a dit prend tout ce qui t’appartient dans cette maison et sort de chez moi, elle a soulevé son mari et puis elle est sortie. C’est tout ce qu’elle a ohhh!😭😂🤣
Se pou w tankou pye bwa, chanje fèy lè sa mande men pa janm chanje rasin ou, opinyon w ka chanje men se pa prensip ou yo. Panse w ap aji sou reyalite w ou bezwen pran swen l jan sa mande.
Moun ki deside byen avèk ou pou yon enterè, pou sa ou ye ,sa ou posede, non ou genyen.
Atann trayizon moun sa lè li fin satisfè oubyen lè li jwen yon lòt moun li ka benefisye plis ☑️
Depi se pou tèt ou w ap fon bagay pa pran plezi nan plenyen, si w ka fè l, jis fè l paske lè w envesti nan ou sa ede w gen plis konfyans, ond pozitif suiv ou e moun p ap wè w nenpòt kòman. Bay tèt ou valè.
Konsistans ou va rale limyè sou ou si w rete pozitif, menm si l pa ou menm men bat bravo pou sila ki reyalize kèk nan rèv ou yo avan w. Pa suiv Mood ou men pito plan w yo paske batay w ap mennen an pa piti.
Kreyativite w ka mennen chanjman ou vle a, oze si w vle konn kapasite w, souvan fwa chemen siksè fèt lè w kite objektif ou gide w. Rèv pa janm twò gran e revè pa janm twò piti.