Se pa ou pouki vin dim antre vodou katolik pwotestan kiyès ki pi bon,kite'm viv kote'm santi lespri'm lib la,paske Jezikris te vin bay libète ak lapè nan lespri,li pat bay relijyon...nou ka wè li te chwazi 12 disip deyò tout relijyon.E li ba yo lanmou kòm sèl doktrin pou yo swiv.
BnDye siyen yon jou pou chak moun remèt li souf li te prete yo an,e lè jou sa rive pèsòn paka di li p'ap remèt souf BnDye te prete'l la,lwa ak bitasyon pa bay pwoteksyon vre,se jou'w la ki poko rive,epitou BnDye mete yon anj gadyen pou pwoteje tout moun tou natirèlman.
Mwen ka konprann ke chak nasyon gen bndye yo,men gen yon BnDye ki se BnDye tout nasyon,e ki BnDye bndye'w la tou,met sa nan tèt ou ke BnDye'm nan gen pou jije bondye'w la,BnDye pam nan pa yon relijyon,ni gen yon relijyon,men li se nanm tt bagay,li se lavi, limyè,lanmou ak verite.
Lè'w sal ou pè limyè,si'w vle yon chen mechan prive'l de moun,se nòmal pou nou violan konsa fas a verite,paske mantè yo prive nou de li. Nou di Jezi se Jezi blan, pa gen pwoblèm se trè byen, men kisa Jezi te di ki pa bon,ki te kont nwa yo,ubyen ki sèlman nan enterè blan yo?
Si labib mande pou moun fè byen,poukisa nou gen pwoblèm avèk yon moun k'ap pratike byen,tankou zansèt relijye nou yo te konn fè'l avan ak Jan Batis, Jezikris, apot yo elatriye...Li kraze tanp lòm te pran 46 ans pou bati ya,e li konstwi tanp BnDye vivan an nan 3 jou.
Bag ou ka pèdi ou rejwenn li ankò,ubyen'w achte yon pi bèl, men vijinite'w pèdi yon sèl fwa,ou p'ap janm rejwenn li,ni ou p'ap janm ka achte'l tou,kòman pou yon bag ta fè pi enpòtan pase'l?
Lòm pale de wòb maryaj, BnDye pale de dra maryaj, lè'n gen konprann na konprann.
Pa twò lontan n'ap konprann,antiKris pat lòt ke konesans imen ki soti anndan sa yo rele teyoloji yan,Sol teyolojyen (pèsikitè legliz)e ak prezans sentespri(apot Pòl)Gamalyèl,yonn nan akizatè Kris yo,Anne ak Caïphe fè tiye Kris pou 2fann konesans teyolojik yo,Jezi di Nikodèm...
Angajman yon vrè bèje(pastè)pou pèp li, Moïses di BnDye; M konnen pèp la peche kont ou,men tan pou detwi yo retire nom'm nan liv lavi yan. Kote bèje pèp Haytien yan?
Kiyès k'ap pran defans sa ki san sekou yo?
Hayti bezwen yon lòt bèje (pastè) tankou Jovenel Moïses...
Angajman yon vrè bèje(pastè)pou pèp li, Moïses di BnDye; M konnen pèp la peche kont ou,men tan pou detwi yo retire nom'm nan liv lavi yan,kote bèje pèp Haytien yan?
Kiyès k'ap pran defans sa ki san sekou yo?
Hayti bezwen yon lòt bèje (pastè) tankou Jovenel Moïses...
Bèje se pa tit,se fonksyon(Sòm 82.)Moïses te pran defans pèp li,David,menm bagay la. Jean Baptiste te pran defans yo,Jezi ak Apot yo te fè menm bagay la tou...Kiyès ki bèje pèp Haytien yan?
Hayti pa gen bèje,son bann lidè relijye ki la,yon bann ras oksidan kap pike talon pèp la.
Sa m' plis pa konprann nan Haytien,yo pa renmen tèt yo,yo bezwen moun renmen yo,yo pa respekte tèt yo,yo bezwen etranje respekte yo,yo pa kwè nan tèt yo,yo bezwen moun kwè nan yo...nou p'ap janm sispann manje nan fatra,tout fwa nou panse batay la se batay yon sèl moun li ye.
Mwen pa janm santi'm koupab de sa moun di,ni sa moun panse de mwen,sinon de sa konsyans mwen repwoche'm.Mwen se yon Nasyonalis,yon Kretyen,e anti relijye tradisyonèl yo,misyon'm se defann verite,renmen,ak jistis BnDye sou latè menm jan avèk Jean Baptiste,Jezikris, ak apot yo.
Inimitié antre pitit fanm nan ak pitit sèpan an,sa fè 400 zan w'ap pike talon pye nou,U itilize de pi gwo zam kont nou ki se;relijyon ak yon sistèm edikasyon bidon,U kreye pwòp Israël ou pou chanje identité nou,men fwa sa letènèl frape pyel,vle pa vle pèp la ap libere farawon...
M'ap gade kantite chen,k'ap souke lake yo bay mèt yo ki vin grese chèn ki nan kou yo an,franchman sa grav.Epi y'ap grate pis sou yo voye sou moun ki pa vle aksepte chèn nan menm jan ak yo.E yo tèlman jape fò sou moun ki vle kase chèn sa pou yo,yo menm panse se chen etranje yo ye.
Fè mesaj sa rive jwenn yo pou mwen svp! Paske fwa sa nou p'ap pran nan entimidasyon,2026 pa 1915,e jan sa te ekri yan,zèl aigle la ap fini pa kase an Hayti,w'ap fini trè trè lèd nan peyi ya,e w'ap fini trè wont koz fwa sa viktwa se pou pèp Haytien yan l'ap ye. 400+40+1=viktwa.
Kanpe n'ap mouri,pa kanpe n'ap mouri,sa vle di nenpòt fason y'ap tiye nou,paske plan an se pou asasine tout pitit peyi ya. Men nou p'ap kite yo tiye nou pou granmesi,si n'ap mouri! Ann fèl tankou solda pou jenerasyon k'ap vini yo, pou yo pa janm agenouillé devan kenn salte blan.
Si yo rayi nou,sonje yo te rayim avan.Gen kote y'ap mete nou deyò nan asanble yo,y'ap tiye nou atestan ke se BnDye y'ap defann.Tout bagay te deja predi anyen pa etranj pou mwen,paske satan pa 6pann dirije kè moun sa yo jan Jezi te di'l la,se sa'k fè yo toujou mechan,e ipokrit.
Evanjelis Telor te di fòk sezaryèn nan fèt nan sektè evanjelik la,prezidan Jovenel Moïses te di fòk sezaryèn nan fèt nan sèk politik la pou sove peyi yan,sa vle di pa gen wout pa bwa revolisyon tèt dwat,sou plan politik e relijye,levanjil verite ou lanmò,Hayti ou lanmò.
Jezi mande yo,kisa lwa nou an pèmèt moun fè,byen ubyen mal?
Sa vle di depi sou Jezikris oksidan te gen yon sistèm antipèp yo kreye.Yon koulèv 2 tèt pou souse san sa ki pi fèb yo,yon tèt politik,yon tèt relijye,e ansanm yo kontwole sèvo mas la pou mete yo anfas moun ki vle ede yo