Pandan 3 jounen travay nan Prizon Sivil Pòtoprens lan ak asistans OPC, Pakè Pòtoprens ki sou direksyon Mèt Edler Guillaume, pwosede ak liberasyon 82 prizonye soti lendi 18 pou rive mèkredi 20 desanm 2023 a.
Moun sa yo libere pou deli minè tankou vòl telefòn, vòl bèt, goumen elt.
Pakè a pwomèt operasyon sa ap kontinye pandan tout fen ane a nan objektif pou kontinye konbat « détention préventive prolongée » a, jan Gouvènman an, espesyalman Minis Jistis la Emmelie Prophète Milce, mande sa.
J'invite M. Luckner Désir dit Louko à venir répondre aux questions relatives à sa promotion du gangstérisme généralisé en incitant les jeunes à chercher des « emplois rémunérés à au moins 15 000 gourdes par semaine », selon ses révélations.
114 prizonye, pami yo 22 kondane, se kantite moun ki twouve yo nan prizon « Cermicol » nan Dèlma 33 ki loje fanm ak timoun.
Nan kad yon vizit nou rann nan prizon sa a jodi samdi 24 jen 2023 a, aprè nou konstate eta detni yo, sitou medam yo, nou pwomèt trè byento n ap òganize yon klinik mobil nan espas la.
Aprè vizit « Cermicol » la kote nou libere yon minè, nou te pase nan gadavi Komisarya Dèlma 33. Nou libere 2 lòt moun ki te komèt ti enfraksyon lejè.
Ni detni nan « Cermicol », ni detni nan Komisarya Dèlma 33, tout sila ki pako kondane yo ap gen pou pase devan jij nan jou yo pou konn sò yo.
Aprè Komisarya Pòtoprens, Petyonvil, Dèlma ak Sou Komisarya Kanapè ak Dèlma 62, seri vizit sa yo ap rapousuiv nan tout lòt komisarya nan Lwès la nan lide pou nou kontinye lite kont « détention préventive prolongée » a.
Sou plis pase 60 moun mwen tande jodi samdi 17 jen 2023 a, nan divès Komisarya ak Sou Komisarya nan Pòtoprens, mwen libere 12 ki te swa arete de fason ilegal, swa dosye yo pa koresponn ak pèn y ap sibi.
Jan m te di l nan diskou enstalasyon m nan, zafè ti krik ti krak, jis paske yon moun se zanmi entèl, li chwazi fè arete yon lòt sou enfliyans, san rezon, sa dwe sispann nan jiridiksyon m ap dirije a.
Se sa k fè nan kad batay kont « détention préventive prolongée » m ap mennen an, mwen bay popilasyon Lwès la garanti, mwen pa p tolere pyès abi sou ni gran nèg ni malere.
Jodia mwen pase nan Komisarya Pòtoprens, Petyonvil ak Sou Komisarya Kanapevè ak Dèlma 62. Samdi k ap vini la, n ap kontinye dekrete pèmanans nan tout lòt komisarya yo, pou nou fè konesans ak dosye tout akize yo.
Tout moun ki mal arete dwe libere. Menm jan tout moun ki gen akizasyon ki fonde dwe pase devan jij prese prese pou yo ka konnen, epi pije pèn yo jan Lalwa mande sa.
Jan mwen te pwomèt li nan diskou enstalasyon m nan, nan kad lit kont « détention préventive prolongée » a, mwen reyalize jodi jedi 15 jen 2023 a, yon vizit nan Prizon Sivil Pòtoprens.
Pandan vizit sa, mwen òganize yon seyans travay ak responsab yo pou nou gade ki mekanis n ap adopte pou rann jistis la pi efikas pandan n ap goumen pou tout moun ka jije epi konnen sò yo nan yon ti tan tou kout.
Jiska 13 jen 2023, sou 3 750 prizonye, gen sèlman 334 ki kondane. Genyen ki gen plis ke 5 - 10 lane nan prizon pou yon telefòn yo te vòlè. Trè byento, yo tout pral nan tribinal.
Nan vizit sa tou, mwen gen chans pase nan plizyè selil pou nou pran doleyans prizonye yo. Mwen pwomèt yo bon jan akonpayman jidisyè ak asistans sosyal, tankou klinik mobil anndan prizon an elatriye.
Egzèsis sa ap kontinye pandan tout tan mwen komisè gouvènman Pòtoprens. Se pou lajistis triyonfe pou tout moun.
Zafè ti krik ti krak ou tande « mandat d’amener » a, sa fini. Sof pou ka flagran deli. Se pou sa mwen menm pèsonèlman gentan pran « full » kontwòl so « sceau » pakè a depi premye semèn mwen kòm komisè gouvènman.
2/2 An atandan, nou mete yon « Check » polis yon fwa pou tout nan Pakè a epi egzije tout moun pran responsablite yo. Se pou koze « kase Pakè » sa sispann nan jiridiksyon m ap dirije a.
1/2 Tout moun ki te dòmi nan Pakè a jou li te kase nan lannuit 23 pou rive 24 me a, ap odisyone sou zak sa a, semèn sa menm. Nou gentan bay DCPJ pouvwa pou travay sou sa.
Nan kad batay kont « détention préventive prolongée » a, mèkredi 31 me a, mwen chita ak tout lòt komisè yo pou n repati tach yo. Nou deja kreye yon selil ki pral travay sou dosye prizonye yo, ki disparèt nan ansyen lokal pakè a ki te sou Bisantnè. Tout prizonye pral konn sò yo.
Jan mwen te pwomèt li nan diskou enstalasyon m nan lendi 29 me a, aprè nou fin fè « état des lieux, suivi d’inventaires » ak jij de pè seksyon « Est », nou gentan mete lòd nan Pakè a sou jan n ap resevwa jistisyab yo.