#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Si ou te vini isi san ou pat konn vire yon volan machin se petèt youn nan pi gwo erè ou te fè pandan ou pat pwofite pandan ou te #Ayiti pou w te aprann kondwi.
Sa ki nan wout yo, li pa twò ta pou kòmanse fè kèk vire sou terèn bò lakay ou a depi koulye a.
Sa ki la deja yo, ou kapab toujou aranje ou men konnen ou te fè yon erè paske w te amize w mete 2 pye w sou dash machin zanmi ou an oubyen mennaj ou an olye ou te mande l montre w kòman pou mete pye sou fren ak gaz lan pito. 😂
Kòm li pa twò pou byen fè, kontakte @Acdrivingsch pou ba w direksyon, tou mande yo kòman ou dwe pran premye tès pou demare paske ou pat genyen yon bout pèmi kondwi. (Permit Prep-Test Online)
Pou kòmanse pwosès pèmi kondwi w tyeke google epi tape : “dmv near me” kelkeswa kote ou ye a wap jwenn yon biwo ki tou prè ou an epi kòmanse prepare tès lan, gen #State ou kapab pran tès pèmi an Kreyòl tankou Florida , ou ka telechaje ti liv sa pou kòmanse prepare w , li gratis, gen moun ki pase l yon sèl fwa: https://t.co/9rc0zzB5EQ
Kou fin pase tès sa, mete rapid yon lòt randevou pou pase tès kondwi an paske se 2 tès li ye, youn pou pase tès teyori an lòt lan pou pratik lan.
Banm ba w yon ti kado pou fè ti bouda monnen sa, si ou pouse byen ou kapab fè $500 dola alèz. Gen yon zanmi ki fè $1000 fwa pase. Itilize kòd sa dayè depi w konekte ou gentan fè $10: 👉https://t.co/Kcys4ZP2TD
Pa bliye telechaje ti liv la pou kòmanse prepare kondwi w pa bò isi, pa fè tankou Madanm Bwa ki fè 25 an isi ki pa ka mennen yon machin pou rive pran yon dlo nan #Walmart.
#Immigrants #Haiti #Resources
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Jodi a mwen pa bwè pou m pale dosye sansib ak nou, dosye menm yon fanmi oubyen zanmi pap pran chans pale ak nou. Men map fè figi m byen di pou m nou reyalite. An bon lojik gran moun pa ret kay gran moun pou anpil tan, nou tout dakò sou sa.
Plan sa mwen pral esplike la, si ou swiv li byen nan 6 mwa ou 7 pou plis ou ka remèt bòfrè w la kle a, di l bèl mèsi pou bourad la, ba li bèl akolad epi ou mache cha!
▪️Depi jou ou te antre isi an, ak paspò ak I-94 ou, ou te kapab fè yon kat bank. Pa di m ak ki lajan paske ak $25 ou ka louvri yon kat men ann rale lòt kat pou jwèt la pi bèl. Nan menm bank lan, mande yon kat kredi ki ap ede w bati kredi ou, sa ka koute $200 konsa. Si w jwe byen ak code sa ou ka fè ti monnen sa, gen moun ki fè $1.000 ak li 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Pa bliye ou ka ouvri yon kat ak plis kòb toujou men se yon kat pou kontwole abitid ou kòman w jere lajan. Pa depanse anpil sou li epi toujou peye l bonè, si ou byen fè sa, nan 90 jou ou plis bank lan ka pouse w kòb ou te louvri kat lan epi fè l tounen yon kat kredi ak plis kòb sou li.
▪️Menm jou sosyal ou tonbe a (paske depi ou byen fil kat lan wap jwenn yo menm lè, wè ak yon pwofesyonèl pou plis detay @Acdrivingsch ) ale nan bank lan pou ajoute sosyal ou kèk jou aprè wap kòmanse wè kredi “score” ou ap monte.
▪️Depi a 600 ou kòmanse gen kredi nan men w, pa sispann travay sou li se enpòtan. Ak kat travay ou kòmanse chèche travay, konekte ak zanmi se premye kote ou jwenn koulwa travay. Bim! Ou jwenn yon travay nan Walmart oubyen Amazon. Koulye a kòmanse fè plan ou. Pa bliye Telechaje 7 kesyon ak repons yo plis poze nan yon entèvyou, li gratis ou ka fè yon donasyon tou si ou vle 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Ekonomize 3 mwa travay, karese kredi an toujou, avanse! Avanse! Si tout sa yo fèt mwen pral montre nou pi bon kote pou nou jwen yon bèl chanm pou òganize nou. Pou solidifye estabilite ou, ou kapab jwenn ak yon zanmi pou nou viv ansanm ( Roommate).
▪️Wap jwenn yon bèl chanm a $900 a $1000 sou https://t.co/Y0syUInil2. Avantaj li genyen ou pa oblije nan premye ak dènye mwa depozit, epi pil lajan pou kalifye, se rantre tèt dwat. Ou ka jwenn yon chanm tou nan https://t.co/EXtCVbIfZk anpil ladan yo konn tou meble kidonk wap « save » anpil lajan. Mwen pa nou 2 sa yo men gen toujou men sa yo se garanti.
▪️Ou gen kredi , mwen montre w kòman pou fè sa, ou gen "saving ", ou gen travay mwen montre w kòman pou chèche e jwenn youn, mwen montre w teknik pou solidifye paske si youn nan nou pèdi travay 3 mwa « saving » lan ak kredi w kapab ede ou batay, mwen montre nou kòman pou jwenn yon bèl chanm tou meble. Jwèt la nan men nou.
Koulye a, pa bliye janm fonksyone, map sèlman tann nou #pataje paske enfòmasyon sa yo kapab ede yon lòt.
#Integration #Haiti
🚨Kòman ou kapab itilize CANVA PRO Gratis ?
Canva se yon zouti konsepsyon grafik popilè ki itilize pa pwofesyonèl pou kreye dizay epoustouflan a divès fen.
Canva pro se vèsyon premium zoutiy la ki ofri divès fonksyonalite, modèl ak resous siplemantè pou pèmèt pwosesis konsepsyon an pi efikas.
Gen plizyè fason yon moun ka benefisye Canva pro gratis Men se pou 3èm fason an nou pral moutre w astis yo...
1- Si w fè pati de yon asosiyasyon a bi non likratif, ou kapab benefisye de canva pro gratis, wap sèlman ranpli yon fòmilè pou demand lan.
2- Si w se yon elèv, etidyan ou pwofesè de yon etablisman eskolè, ou kapab benefisye Canva pro gratis SEPANDAN metòd sa pa gen posibilite pou fonksyone si w AYITI...
3-Ou kapab itilize Canva Pro gratis, Gras a envitasyon EKIP.
Pou fè sa, Fòk moun ki fè pati Ekip ki ap envite lòt moun yo gen yon abònman Canva Pro, Aprè lap kapab voye envitasyon pou yon lòt moun pa email, ou pa yon lyen...
Nou ap itilize 3èm fason an paske li pi senp😁
Etap 1: Wap moute sou google epi tape "Tingo bingo Canva" epi wap klike sou premye lyen an.
👉https://t.co/P0FAiW2mTH
Etap 2: Lè w fin moute sou sit la, wap desann anba nèt, wap pran 60 segond avan w klike sou telechaje.
Etap 3: Aprè w fin klike sou telechaje, wap wè yon nouvo paj, ou dwe klike sou "Get Here"
Etap 4: Aprè w fin klike wap rive sou paj akèy Canva pou ajoute kont ou aside, si w potko kreye yon kont ou kapab fè sa.
Lè w fin reyalize tout sa m di w yo, wap wè yon nouvo paj ki di: Byenvini nan ekip, Canva an ekip...
NB: Chak Ekip gen yon kantite itilizatè yo ka pran ki se 500, Si tout fwa ou klike sou "Get Here" Epi w paka antre nan ekip la se kantite a ki atenn.
Ou dwe pran anviwon 2h a 24h pou lyen an kapab chanje sou sit la.
Lè w fin antre nan yon ekip, aprè kèk jou ou kapab pa gen aksè ankò, ou dwe moute sou sit la pou antre nan yon lòt Ekip...
To my followers : Si tout fwa nap chèche konekte sou kont #USCIS nou li pa konekte pa kontinye voye demann pou nou pa bloke kont nou. Se yon pwoblèm mwen remake ki nan platfòm yo an ki dwe rezoud. Mwen siyale #glitch lan deja, an nou rete tann. 👇
———-
Pataje mesaj sa kapab ede anpil moun ki ap itilize website lan evite bloke kont yo. Mèsi
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Avan mwen poste 7 pi bon website/ kote pou nou chèche travay, map enfòme nou tou, jwenn yon travay kòmanse ak yon bon rezime. Pa bliye tou tout esperyans konte, se pa isi nou vin kòmanse viv sa vle di, si w tap travay yon kote deja esperyans lan konte.
Men lis la, kòmanse #google yo:
✔️ Indeed: Pi bon nan tout sans
✔️ZipRecruiter: Pi bon pou anplwayè.
✔️LinkedIn: Pi bon pou koneksyon.
✔️Glassdoor: Pi bon nan montre salè
✔️AngelList: Pi bon si w fèk kòmanse.
✔️USA Jobs: Pi bon pou jwenn job Leta.
“Koneksyon”, mwen pa mete l nan lis anlè a men se li ki pi enpòtan. Yon moun ki ap travay yon kote souvan konnen kilè yap anplwaye moun, li konnen tou ki pi bon estrateji pou jwenn travay la, kèk fwa yon bon referans konn ede w men wap toujou swiv pwosès lan tankou aplike, voye “resume” epi fè entèvyou.
Nan yon lòt pòs mwen ap ba nou kèk teknik entèvyou ak kòman pou nou fè yon bon “resume”. Ann atandan, rete konekte, pataje, epi bay lide pa w.
---------
#jobseekers #JobSeekersSA #Jobs
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Janvye a pa lontan mete pye, anpil bous pral tonbe. Plis ou aplike pou plis, plis chans pou jwenn plis. Sòti nan pi piti rive nan pi gwo, gen etidyan ki jwenn 9 bous ki evalye a $150K. Pou m onèt ak ou pa bò isi sèl moun ki gen estati “citizen” ak “resident” Leta bay èd pou ale lekòl.
Pa mande m poukisa paske mwen pa konnen! Bon chans pou anpil lòt gen kèk bon kretyen vivan / ONG ki konprann imigran dwe ale lekòl pou bati avni yo jan yo vle, pou tèt sa gen plizyè milyon dola ki bay gratis chak ane pou ede moun ki bezwen ....peye paske lekòl isi peye chè ($300 a $400 In-State)
($1000-$1200 out of state) pa klas depann de #State ou ye.
Yon jou lè vant mwen plen ma ba nou plis detay sou “In state” ak “ out of state” sa epi m a ba nou kèk tenik pou nou aplike epi benefye bous.
🔴 Ebyen website sa yo ki anba se 7 motè rechèch pou chèche bous ke ou te #Etazini oubyen ou te an deyò Etazini, pran chans epi wa banm nouvèl.
✔️ https://t.co/GfavUxBJHx
✔️ https://t.co/EeTL4XXdN3
✔️ https://t.co/muCwkv9FQv
✔️ https://t.co/mpPHoYWykF
✔️ https://t.co/Usn8KMMyJB
✔️ https://t.co/aDi8pUWdYf
✔️https://t.co/oARwowTPfp
Ou twouve tweet sa itil? Pataje l ak lòt, komante l, poze kesyon anba li.
Bon lendi tout moun!
#scholarship #grants
🔍Siw vle aplike pou🪪 VIZA epi fè ✈️VWAYAJE nan youn nan peyi sa yo, rele I&N Global Services.
+509 2914 2626
+509 4409 2191
+509 4073 7982
Oubyen pase vizite yo nan Adrès sa : #34, Delmas 77, Autoroute de Delmas. (Premye Batiman ki Agoch Nan rantre Delmas 77 la, Rantre nan Pòt anvit la).
Klike sou Lyen sa kounya pou ou rezève paske plas yo limite :
https://t.co/E2uPYTp4ou