Cette Coupe du Monde aura pour toujours un goût d’inachevé, car nous méritions de quitter ce tournoi d’une meilleure manière. Nous avons tout donné, pour vous rendre fiers et faire honneur à notre pays.
Mais ce parcours est une première pierre posée pour bâtir quelque chose de grand. Nous sommes sur la bonne voie, gardons le cap. Nous reviendrons.
GRENADYE ALASO !
#WI18 🇭🇹
*Le football, une arme à mieux utiliser pour combattre la pauvreté en Haïti.* [Sortie en 2019]
Le football a été l’une des premières manifestations de la mondialisation avec la coupe du monde, qui remonte à 1930.
Lisez la totalité de l’article 👇
https://t.co/hX4g0zMaib
Cette année,la fête de la musique se mélange avec la fête du football car nous sommes en pleine coupe du monde de football.Ces deux inventions humaines restent les plus grands outils de paix et d’inclusion. La célébration du ⚽️et de la 🎶,c’est la célébration de la race humaine.
Tout sa wap fè nan lavi pou yon pwòch oubyen yon konesans,fè l nan lespri wap jwe wòl pa w ke w bay tèt ou san fòse, wap akonpli misyon pa w ke w bay tèt ou, pa fè l nan lespri èd. Lè se lespri èd aksyon yo pa pwoduiktif ase epi se yon fòm favè wap fè; enèji sa pa pote chanjman.
Gras Bondye ak konkou lanati, revelasyon ki fèt pandan 59 mwa apre asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ pou touyem 7 Jiyè 2021, mete anpil limyè epi lonje dwèt sou asasen yo malgre manèv pou kase fèy kouvri sa. Vijilans pèp la pa kite anyen pase.
Apre tantativ Tibwa oligak ak politisyen kriminèl yo fè pou touye Prezidan Jovenel Moïse, ak sipò yon jij pouchis kasasyon 7 Fevrier 2021, pati nan dwazimen ki kowonpi an #Haiti deklare ke kriminèl ki fè kou sa a, se prizonye politik ke yo ye. Fas a presyon pèp la, 59 mwa apre, pawòl la chanje. Se koulye a dwazimen kowonpi yo rekonèt e aksepte ke sak te pase Tibwa a se te bèl e byen yon koudeta.
Se menm dwazimen sa ki te eseye kraze kandidati marim #JovenelMoise pou prezidan ak fo dosye finansye UCREF. Nan fo dosye sa a, yo pran tranzaksyon goud, yo di ke se dola.
Se sak fè anpil moun sezi, lè yo wè youn nan otè montaj koripsyon UCREF la nonmen kòm jij nan kou dapèl pòtoprens. Menm kou dapèl kote dosye asasina Prezidan Jovenel e tantativ asasina sou mwen ap swiv wout li.
Pèp la, nap veye anwo, nap veye anba!
Dwazimen kowonpi yo pase 4 an 5 mwa ap detwi karaktè Prezidan Jovenel Moïse epi denigre fanmi li jiskaske yo touye l. Menm apre asasina a, yo kontinye ap fè menm travay sal la, a travè pwopagand manti operasyon Bolivi ki pa kanpe.
Yo kontinye ap krache sou kadav Prezidan Jovenel Moïse. Yo te menm fè tantativ pou detwi m e denigre fanmi m sou plizyè estasyon radyo. Sa pat dekouraje nou nan batay la. Nou konnen lajistis gen poul triyonfe.
Kanè Prezidan Jovenel Moise te lakay li e se ladanl li te konn pran tout nòt enpòtan.
Menm si òdonans jij poko ka ekzekite e yo poko ka jwenn dokiman sa a, ki se sekrè deta , la Jistis gen poul triyonfe.
Menm si traktasyon ap fèt pou pwoteje kriminèl ki touye marim, Prezidan nou e ki tirem 7 Jiyè 2021, la jistis gen poul triyonfe.
Menm si 59 mwa apre yo kontinye chache otè finansye e entelektyèl krim grav sa kont nasyon an, kont pèp la, la jistis gen poul triyonfe.
Pèp ayisien, mwen remèsye nou anpil pou lapriyè nou, pou sipò moral nou ban mwen ak fanmi m pandan 59 mwa ke kriminèl yo kontinye ap sible nou.
Pitit tè a kap viv nan diaspora a, mwen remèsye nou anpil pou jan nou akonpaye Prezidan Jovenel Moïse avèm nan tribinal federal Miami.
Map lapriyè pou Bondye kontinye voye
je sou Ayiti sitou sou timoun yo ki vrèman ekspoze.
Jistis Bon Dye se kabwèt bèf, men yon jou delivrans lan gen poul rive.
#Haiti
#Justice
Je crois que le créateur a donné la terre à l’homme sans aucune différentiation, il est légitime que chaque humain trouve sa part et travaille pour protéger la terre č étant notre bien commun. S’il faut dominer,on dominerait č homme non pas grâce à une quelconque couleur de peau.
C’est l’éducation à la reconnaissance de la valeur universelle de chaque peuple qui peut aider à combattre l’idée selon laquelle le destin des peuples serait fixer biologiquement par leur race.
-Anténor Firmin, 1885
De l’Égalité des races Humaines-
Tous les hommes sont doués des mêmes qualités et des mêmes défauts sans distinction de couleur ou forme anatomique.
- Anténor Firmin, 1885
De l’Égalité des Races Humaines-
58 mwa soufrans ak doulè;
58 mwa batay Jistis pou Prezidan #JoveneMoise
58 mwa rezistans ak yon pèp kap goumen pou lavi, pou sekirite, pou lavi miyò;
58 mwa, dosye a kontinye ap vanse nan tribinal federal Miami;
Jo chéri, map soufri anpil de absans ou, men rekonfòm sè ke Jistis ou ap vanse.
Jo chéri, tout kèm se pou wou e ou toujou gen yon gwo plas nan kè pèp ou. Nou pa pèdi yon epizòd nan sa kap pase ki a revwa ak Jistis ou.
Malgre rale mennen vini, kase fèy kouvri sa, gen anpil verite ki jodia, pran lari.
Mwen pap sispann remèsye Gran Achitèk la, tou lè sen lè zanj ak tout guinen yo.
Yon gwo MÈSI a Pèp la, sitou pèp Jalousie, e tout moun kap fè gwo efò, gwo sakrifis pou kamyon Jistis la pa janm kanpe. Chak jou yo leve pandan 58 mwa, se pou Jistis ou yap travay.
Chimen lwen, gonbo di. Men yon jou lap jou. Wap jwenn Jistis Doudou. Fanmi an ap jwenn Jistis, Pèp #Ayiti ap jwenn Jistis.
#JistispouJovenelMoise
23 avril 2026 Journée mondiale du livre.
Lire, c’est apprendre, imaginer, grandir.
Les livres nourrissent l’esprit comme la nourriture nourrit le corps. Pratiquons donc davantage de lecture mes chers compatriotes Haïtiens.
Les colons jadis procédèrent à la décapitation de certains esclaves,mais cela n’empêchait pas d’autres esclaves luttèrent au prix de leur vie pour produire la liberté. En massacrant le Pdt Jovenel Moïse sous nos yeux,les assaillants suivent les anciens colons,mais sans succès.2/2