🇭🇹⚖️ Ou di mwen pa konnen wòl ULCC. Ebyen, ann pale de lalwa olye nou fè atak pèsonèl!
ULCC te kreye atravè dekrè 8 septanm 2004 la. Misyon li se prevni ak konbat koripsyon, mennen ankèt, rasanble prèv epi transmèt dosye bay otorite jidisyè yo.
ULCC PA YON TRIBINAL! Nou konnen sa byen.
Se pa ULCC ki gen pouvwa kondane moun. Men èske sa vle di yon direktè jeneral ULCC pa gen obligasyon rann kont sou jesyon li?
Hans Joseph te dirije ULCC pandan prèske sis lane. Dapre bilan li, enstitisyon an te transmèt 68 rapò ankèt bay lajistis.
Nou rekonèt travay sa a. Men nou gen dwa poze kestyon tou!
❓ Ki kalite ankèt ki te fèt pandan administrasyon li an?
❓ Ki obstak politik oswa administratif ULCC te rankontre?
❓ Ki demach enstitisyon an te fè pou garanti endepandans li?
❓ Ki swivi administratif ki te fèt apre transmisyon rapò yo?
❓ Ki refòm Hans Joseph te pwopoze pou amelyore batay kont koripsyon?
Mande Hans Joseph rann kont pa vle di nou pa konprann atribisyon ULCC. Okontrè, se paske nou konprann diferans ant ankèt administratif ak pouswit jidisyè nou mande chak enstitisyon reponn pou travay pa li!
Si ou panse nou mal entèprete yon dispozisyon legal, site atik lalwa a epi eksplike nou ki kote erè a ye. Nou pare pou yon deba serye.
😂 Men rele moun inyoran pa yon agiman legal, epi defann Hans Joseph pa dwe tounen yon egzamen fidelite politik!
🇭🇹⚖️ ULCC DWE RANN KONT SOU ANKÈT LI YO. LAJISTIS DWE RANN KONT SOU SWIVI DOSYE YO. PÈP AYISYEN AN GEN DWA MANDE TOUDE!
🇭🇹🚨 Hans Joseph, ou di dezòd nan Leta ak briganday nan peyi a dwe fini. Men ann pale de bilan ou nan ULCC!
Ou te dirije Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC) soti jiyè 2020 rive jiyè 2026, prèske sis lane.
Dapre pwòp bilan ou, ULCC te transmèt 68 rapò ankèt bay lajistis pandan administrasyon ou.
Men kestyon pèp ayisyen an merite poze:
🔴 Konbyen nan 68 dosye sa yo ki rive devan yon tribinal?
🔴 Konbyen moun lajistis kondane?
🔴 Konbyen milyon goud Leta rive rekipere?
🔴 Konbyen gwo responsab ki te akize de koripsyon ki finalman rann kont devan lajistis?
🔴 Ki obstak ULCC te rankontre pou fè dosye yo avanse?
Nou rekonèt ULCC se yon enstitisyon ankèt, li pa yon tribinal. Se lajistis ki gen responsablite pou pouswiv, jije ak kondane.
Men yon rapò ankèt pa menm bagay ak yon kondanasyon, epi denonse koripsyon pa menm bagay ak elimine enpinite.
Ou te gen prèske sis lane pou kontribye nan batay kont koripsyon nan administrasyon piblik la.
Jodi a, anvan ou mande pou dezòd nan Leta fini, li enpòtan pou ou esplike ki rezilta konkrè travay ULCC te bay, ki dosye ki bloke, epi kiyès ki responsab blokaj sa yo.
🇭🇹 Ayiti pa bezwen sèlman diskou kont koripsyon. Li bezwen transparans, lajistis ak responsablite!
Pandan wap di se Martelly ki kreye gang yo, vin dim :
1) konbyen teritwa kite pèdi sou Martelly?
2) ki komin ki pat gen komisarya sou Martelly?
3) ki ane kanaval ak lot aktivite nasyonal yo pat fèt?
4) ki moun ki tap di kanpe dèyè barikad yo?
#TwouMantiPaFon
Ayiti pral bezwen moun ki fò nan konstriksyon pou refè kapital sa m wè la. Dyaspora ki nan branch lan, peyi a pral bezwen nou. Bòs tèt mato pap ka vin kole pyese la 😩
Bro menmsi tt pase non konsomasyon it’s a good thing for treasury.
Last year nearly 5 billions dollars of remittance was sent to the country. Tt sa ou achte ou peye TCA ki se 10% ki jwenn leta. If we take 5 billions * 10% that gives you 500 millions. Do you think it’s negligible?
@ymlx__@johnronard Exactly… You got to be realist in life… There is no way you can pretend billions of dollars is nothing.A lot of people rely on that money and they also pay taxes (TCA) with the same money they received every time they buy something,which is good for the country.
@johnronard@ymlx__ M Viv Ayiti, m viv non lot peyi. M pa Ayiti aloe ensekirite, so sa m am ekri a se pa pou m defann anyen. Men si diaspora chak ap voye milya dola kòm transfè , di li pa itil anyen se yon inyorans nn sa ki gen pou we ak finans…
Ebyen frem lem di iroshima son fason pale ex... Vilaj espas sa yo ta dwe tou efase wiii Vilaj son kote t dwe elimine net menm yon tras kay pa dwe ret la non
Si on jou sa t a vin pi mal, ke m pa espere, ou pra l jwenn kek endividi ki pra l di w moun sa yo te gen kob nn men yo e ke se yo ki reponsab jan peyi a vin ye la….