Gen yon femomèn kap deroule nan Okap moun ap mouri nan machin tou fèmen arebò lari, ke otorite yo pran fenomèn sa an chaj paske sa fè 2 ka konsa yo jwenn kote anviron 5 moun ki pèdi lavi yo.
Fenomèn sa kap deroule an fòk otorite yo dekouvri kiyès ki deyèl avan gen plis viktim .
Mete plis disiplin nan la vi w chanje antouraj ou, fè aksyon ki pap pote enpak negatif nan vi w aprann ede moun san w pa atann anyn an retou.
Sa ap pemet ou konstwi pèsonalite w
#psy
Gen de moun ou rankontre nan viw ki vini tankou yon " source de bonheur" genyen tou ki vini nan vi w pou w pote " la peine" li evidan pou w konn kiyes ou vle kite antre nan vi w.
Depi moun lan paka kontribiye nan bonè w elwanye l.
#lebonheur
Gen yon animatè ki tap gade reyinyon an Prezidan Edgard le Blanc live li kouri kritike kote Prezidan tap bwè dlo an men aprè diskou an ou fin tande an m ta renmn ou Di Koman w santi w.
Kriye pou views wap fè pi byen.
Mwen accepté ke Edgard le Blanc pa gen protocole men ann pa gade sousa ann gade sou bel diskou li fè nan reyinyon ONU an li pa bese tèt devant Donald Trump kap pale tenten li menm raple l kisa Haïti reprezante nan endepandans anpil nasyon
Ou bezwen retrouve bonèw pou w viv byen.
•bliye pasew
•kwè nan tèt ou
•apresye tout sa lavi ba ou.
•padone moun ki few mal.
•eksplwate talan w.
•ede moun ki nan bewen.
•pote je pozitif sou tout Moun
•epi pa sispann fè kèw kontan.
#showpam509
Profité chak moman la vi an few kado sezi chak opòtinite aprann de chak leson la vi an aprann ou epi mete yo an pratik.
Chak sa ki rive w nan la vi se yon mwayen pou w avanse. analize tout sa wap fè pou w pa tombé nan echèk.
Showpam509
Leve gade la nati épi souri, kite souri sa grave sou vizaj pandan w ap eseye bliye tout sousi.
Atire saw bezwen nan viw pandan wap médité.
Viv prezan w fason w imajine fitiw pou w ka pi proch saw dezire
Fè tout sa kap few plezi depi l ka metew nan bon direksyon
#Loidatraction
Yap jije w san yo paka fè sa wap fè an, yap pale w mal yap kritike w pou w ka dekouraje.
Pi meyè leson la vi ka ba ou li sòti nan echèk, kritik ak imilyasyon .
Depi w komanse rankontre sa yo sou chemin w goumen plis, paske kanmèm wap reyisi.
#showpam
Bote lanmou sòti nan abitid kite konstwi relasyon an.
Souvan nou konn nan Yon relasyon épi nou wè nou pa alez ladanl, men eske nou panse ak abitid avan yo.
Le relasyon an fenk ap konstwi li gen plis vi, se sak fel évidan pou nou retounen nan pase pou abitid yo pa chanje.
Imilyason pa dwe few pèdi konfyans nan tèt ou, se yon siy ki pou fèw motive plis pou w raproche rèv ou, anpil fwa yon moun konn ap imilye w paske nan yon vye eta oswa paske w pa nan menm pozisyon avel men pi devan se Moun sa ki pral gn pou bezwen w le w fin reyalize rèv ou.
Ou pa gen pou w dekouraje, siw dekouraje wap echwe, siw echwe moun ki tap tann echèk ou yo pral griyen dan sou ou.
Reveye w li lè pou w reyisi.
Paske se siskè w ki pral few gad tout moun ki te vle echèk pou ou yo nan je san w pa bese tèt atè.
Pa bay tet ou problèm paske wap travèsè yon moman difisil nan viw.
Si vi an te fèt san problèm li patap gen sans paske w tap toujou rete jan w ye an ou patap grandi
Chak eprèv vi an pase w se Yon leson w aprann.
Meyè lekol la se nan la vi li ye fok ou pase ladan l pou w aprann.
Viv senp, pa knplike la vi w padan chèche pou fè moun plezi, paske pa gen nan pozisyon w ye yo pap kritike w.
Ou devwe pou w vin sa w vle ye an.
Men aji ak pasyans pandan wap met bon moun nan antouraj ou.
Wap jwenn plis moun vle echèk ou ke siksèw.
#showpam