@ElMaestroPedri M pa nan demach minize peyi a, ni pa yon fwa m pa p rantre ladann. Men vle atire atansyon sou nivo betizè kèk nèg nan enstitisyon yo menm lè yo devan kamera.
Pestel pa gen yon lekòl ki bay fomasyon siperyè, li pa gen yon bon lopital, si w bezwen fe yon retrè labank swa w ale Okay oswa Jeremi, Li pa gen wout, menm se pa sa yo vle, se fèt chanpet, danse Rara. Si n gade potansyèl kandida yo kibò yo ale, kisa yo pwomet se bagay tèt chaje.
Yon nèg ki paka yon bon djip wè yon bakop ap pase, l ap di bizbol. Epi yon medya tèt anba rele sa vyolans, paske polisye yo ap montre misye « les bonnes manières » vin yon polisye, se pa yon bagay ki revyen a tout endividi ki panse yo ka di ak fè tout bagay san kenn konsekans.
Daprè plizyè temwanyaj ak enfòmasyon, yon gwoup jèn gason ki te sou plaj Laye (komin Dame-Marie) sibi zak vyolans ak imilyasyon nan men kèk polisye ki t ap patwouye nan zòn nan paske yo t ap di "Bizbòl"
@zantrayla@Peet_paterson Sa rantre nan dwa w, anmede yon ajan fos lod? Nan fè apoloji zak bandi fè konfrè l? Mesye si nou vle nou met di sa nou vle anba pos la pa p reponn anko.
@Peet_paterson Tout moun ka sibi vyolans polisye, tout moun ka sibi abi anba men yo polisye. Men mwen pa p janm al repete yon neg bagay yo t ap fè l di oswa fè l fè sou kontrent. Sa t ap rele anmède kò, Epi pòs sa paka anpeche m defann dwa m ni dwa lot moun se bazik.
Bon sans patizan