Si nou pako soufri sa yo rele “asasinen karaktè”, ou pa ko konn soufrans. Lè yo kalifye w, trete w, pou sa w pa ye. W ap konprann ke se yon bagay ke w pa dwe janm fè yon lòt moun. M aprann pou m pa pale sa m pa gen evidans pou yo, sitou lè se asasinen karaktè yon lòt.
Men kòman Ayisyen kap chanje peyi a nan yon ti tan. Nan chak katye ak chak zòn, tout moun dwe kolabore pou sekirite, ak byennèt chak moun nan zòn la. Viv ansanm, fè konbit pou sove yonn lòt. L’union fait la force pour la stabilité et la justice.
@Ayibopost Se yon dosye ki fasil. Arete moun ki responsab pou resevwa konntenè yo. Si se pa yo, yo menm yo konn vrè mèt zam yo. Fòk yo bay vrè kliyan. Moun k ap resevwa konntenè yo, pa kapab inosan. Enposib.