📣Lapolis nan vil Okay🇭🇹arete, lendi 12 fevriye 2024 la, militan politik Marcelin Myrtil, tout moun konnen sou non « Arab ». Se Pakè nan jiridiksyon sa a ki arete li, aprè yon manda Lajistis nan Pòtoprens te mete dèyè l, paske lap monte tèt moun pou fè vyolans. Yon arestasyon Komisè gouvènman Okay la Ronald Richemond konfime pou @vantbefinfo. Chèf Pakè a di, lè kondisyon transpò yo retabli, yap remèt militan Arab bay otorite Lajistis yo nan kapital la, pou rès pwosedi legal yo. Mèt Arnel Remy ki se avoka akize a, anonse li pral pwodui yon demann an « Habeas corpus », anfavè kliyan li an.
Programme Biden: «Contrairement à des rumeurs véhiculées par certains médias en ligne,aucune demande n’a été formulée auprès du Gouvernement américain par le Gouvernement haïtien visant à empêcher les policiers haïtiens qui choisiraient de laisser le pays», informe le @MJSPHaiti.
Ofisye, souzofisye, sòlda, èske nou pare pou nou met men nan batay sa a kont ensekirite ?
Èske nou pare pou nou travay lamen dan lamen ak fòs polis yo nan batay kont ensekirite a ?
Èske nou pare pou nou sèvi peyi nou pandan n ap respekte dwa tout moun ?
#Ayiti
Anbasad🇺🇸USA Sendomeng di tout sitwayen Ameriken, imigrasyon Dominikèn ap kenbe migran ki gen po nwa, fè yo sibi gwo entèwogasyon nan pwen dantre yo. Yon sitiyasyon ki preokipe gouvènman Ameriken ki denonse jan yap depòte moun yo spesyalman Ayisyen, ki pafwa konn gen stati legal.