Jodia yon lot fwa anko Senatè Nenel montre li se yon lidè modèn. Nan emisyon SE SA NOU VLE, Senatè a demonte lidè ki kwè se blan pou yo tann pou pran desizyon pou peyi a. Se nou ki pou konn sa nou vle. Se nou ki pou mete peyi a sou ray.
Tout moun gen dwa pou yo sikile.Siw gen bagay pou repwoche moun nan al devan lajistis. Men si se dakow pa dako ak moun nan pou pozisyonl ou ka jis pote pawol ou te vlel pale a ou menm. Se nan entolerans sa PHTK gansterize peyi a pou anpeche pèp la di sal vle.
Pratik sa rive two lwen. Depi moun nan pa wè bagay yo menm jan avew ou atake yo a. Si peyi etranje yo ak leta ayisyen pa pran mezi kont sa nou riske baskile nan gè sivil. Mw kondane atak kont Rudy Sanon ak Pierre Esperance. An 2025 sa inakseptab.
Pakè Potoprens te klase dosye deja san swit. DCPJ ap travay pou lajistis. Arestasyon sa paret flou.Eske DCPJ toujou ap travay pou lajistis oubyen li devni yon zouti pèsekisyon?Nap swiv dosye a de prè e nou pare poun kanpe doubout poun defann dwa @CassyNenel.
Li regretab ke nap viv sou yon zile epi preske tout ayisyen pa konn naje, Leta pa prezan tou pou pote sekou ak moun kap vwayaje sou lanmè. Nou koube nou byen ba devan kadav konpatriyòt sa yo e nou voye senpati nou bay Inivèsite a ak fanmi viktim yo.
Kòdinasyon Nò Lapè Pou Ayiti aprann ak kè sere lanmò trajik plizyè etidyan Inivèsite Antenor Firmin ayè samdi 29 jen an nan Labadee apre yon tikannòt ki tap travèse yo koule. Dram sa se yon lòt anplis. Se yon lot prèv ke nou pa an sekirite nan tout sans.
L'echec du CPT est celui de toutes les parties prenantes de l'accord du 3 avril 2024. Il faut une autre alternative incluant toutes les forces vives de la nation. La CARICOM fait fausse route. L'accord du 3 avril n'est pas la solution.
FENSEN pran yon desizyon lawont lèl chwazi patisipe tèt bese nan tounwa lapolis san pa gen okenn dispozisyon ki pran pou sanksyone polisye ki te bat mèt #Kraze yo. Avan tout antant fok nou ta egzije jistis ak reparasyon pou kamarad la. #diyitepwofyoavantou
Batay pou reklame pi bon jan kondisyon travay la pap kanpe. Nominasyon, aryere salè, kat debi, ogmantasyon, refòm nan sistèm asirans sante a se sa anseyan yo mande. Anseyan se poto mitan. Pa ka gen chanjman san bonjan lekol.
Nou denonse ak tout fos nou zak briganday lapolis sou Mèt Williamson St Fleur. Sa montre yon lot fwa enstitisyon ki rele lapolis la malad e se yonn nan pi gwo mal peyi a. Nou mande prese prese pou tout mezi pran pou polisye yo reponn de zak sovaj sa a.
Ego,enkonpetans ak kipidite bloke KPT a.Apre 1 lane, bilan an katastrofik.Poutan nou tap atann ak yon kole zepòl pou sove Ayiti paske se nan lide sa KPT a te monte.Yon lot fwa anko klas politik 86 la echwe.Nou bezwen lot figi,lòt konpetans ak lot altènativ.
Konparisyon Senatè Cassy devan Pakè Potoprens jodia montre aklè li pa gen anyen pou kache lajistis. Nou dwe kesyone mòd operatwa DCPJ. Okenn enstitisyon nan peyi a pa dwe sèvi pou pèsekite okenn sitwayen. Yo dwe travay nan limit lalwa fikse.
Selon une source proche du CPT ,le renvoi de Normil Rameau est acté. 5 des 7 CP ayant droit de vote lui reprochent son manque de résultats. Une rencontre est prévue incessamment pour le vote et les suites administratives.
Mw fini pa konprann dosye sa yo rete DCPJ paske yo pa gen okenn prèv solid pou yo ta prezante devan lajistis. Chak otorite enkapab, an mank de rezilta itilize yo pou pèsekite ansyen Senatè a psk li pa danse kole ak enkonpetan, amòf, enkapab. #goumensankanpe!
Pozisyon mèt @SamuelMadistin an se yon pozisyon kòrèk kòm avoka men li manke kòm politik. Poukisa dosye @CassyNenel pa janm transfere swa nan pakè oubyen kabinè denstriksyon? DCPJ pa yon jiridiksyon jijman. Li travay pou lajistis. Poukisa yo kenbe dosye yo?
Normil Rameau sispann fè diversion. Konstate echèk ou nan tèt lapolis la epi demisyone. Plis PNH la ap jwenn materyèl se plis yap pèdi teritwa. Se 2 sanksyone selman ki gen? Kot avi rechèch pou lot yo? Se repons solid kont bandi yo pèp la ap tann.
Mouvman anseyan yo dwe entansifye nan 4 kwen peyi a. Se yon batay diyite. Koman gouvènman fè di yo rekonèt travay yap double kob tikat polisye epi nou menm yo refize bay nou tikat. Sa vle di nou pap travay. Ebyen ann montre yo peyi pa ka fèt san nou.
Tout moun konstate echèk KPT a paske apre preske yon lane menm yon tèritwa yo pa rive rekipere nan men bandi yo mete sou sa anpil soupson koripsyon. Men apre deklarasyon L. Baltazard a mw konprann moun ki anvi ranplase KP yo pa ni pi moral, ni pi entèg ke yo.