@dimitrivorbe Repiblik Dominiken se kote chak lè nèg fin vòlè kòb pa bò lakay yo ale sere l oubyen kay lòt bò se nòmal pou li gen mwayen pou konstwi lopital tankou Lachin. Bann san wont.
@avokapepla Se kounye a malpwopte sa sonje pitit pèp la. Se kounye a ou reyalize si se te barikad ki te avni w ou pa tap ka kanpe pou w ap pale nan figi moun.
@Popo62636451@dimitrivorbe Ta sanble ou pa nan peyi a, yo gen tan mete haytrac deyò ni Tigwav, ni Okay, anplis de sa, lòt 2 konpayi yo pat nan vòlè menm jan ak moun ki mawon yo. Depi w ka nan mawon konnen w annafè paske pwovèb kreyòl la di « Annafè pa dòmi ».
@dimitrivorbe Atis yo fin pran kòb la vre se yon sèl jou yo sòti, sèl dimanch gra, yo kite lòt 2 jou gra yo. Yo pa gen kolòn vètebral vre. Mwen salye Izolan sou track sa.
@ILuvHaiti@Jacquiecharles@pnh_officiel Anplis de sa, eske ou pa remake jan nèg yo ap fè l la se tankou se enjenyè ki manje tout kòb petrocaribe a, ou pa tande non pyès moun ankò, gen nèg ki te mete Direktè nan BMPAD jis pou yo te ka souse ti rès kòb la. Kounye a yo pwosede plisyè ponp gazolin.
@ILuvHaiti@Jacquiecharles@pnh_officiel Nap rive sou tout. Nou komanse konbat moun kap fè divèsyon, moun ki pa ta renmen pwosè petrocaribe fèt tout bon, moun ki mete gwo lajan deyò pou yo ka jwenn tranzisyon paske tranzisyon ak kòripsyon se marasa. Map regrèt sa pou enjenyè si li te manje mal lajan petro a.
@ILuvHaiti@Jacquiecharles@pnh_officiel Se vòlè pou yo sispann vòlè wi, aprè sa yap rive sou tout nèt. Bagay la twò fasil pou vòlè, kidnapper, kadejakè ap rele pote kòb pou mare moun ki pi pwòp pase yo. Tann pou nou wè nan jou kap vini yo lè M. Claudy G. komanse travay.