Mwen salye efò, kouraj ak detèminasyon grenadye nou yo pandan patisipasyon Ayiti nan mondyal 2026 la. Malgre nou elimine, nou montre valè nou nan mond foutbòl la. Nou espere @fhfhaiti nan pral travay pou nou toujou patisipe nan konpetisyon intènasyonal yo.
Se avèk anpil tristès mwen aprann lanmò plizyè dizèn jèn konpatriyòt ayisyen nan moman yo te prezan nan Sitadèl Laferyè yon patrimwàn mondyal yon espas sakre.
Nou ekzije yon ankèt sou sa ki pase a.
Mwen voye senpati m bay tout fanmi,zanmi ak moun nan nò ki touche pa trajedi sa.
Biwo Politik Depite THANIS kore tout mouvman popilè k'ap fèt pou fòse gouvènman defakto ki gen nan tèt li Alix Didier FILS-AIMÉ retounen sou desizyon anti pèp sa kote yo ogmante pri gaz yo. Biwo a apiye grèv k'ap fèt lendi 13 avril 2026 la. Pèp la paka soufri ankò ! #GrèvJeneral
Biwo Politik Depite Thanis kondane ak tout fòs li arestasyon militan politik Rebel Corneille nan vil Okay nan moman li t'ap fè pase revandikasyon li ki se yon bagay ki lejitim. Li nòmal pou yon sitwayen revandike sa li genyen kòm dwa.
Le temps est révolu !
Aba diktati !
Radyo Tele Ginen se yon patrimwàn materyèl. Radyo Tele Ginen se yon ikòn nan zafè laprès nan peyi Dayiti.
Mwen swete bon anivèsè ak Radyo Ginen ki t'ap fete 32ème anivèsè li mete ak Tele a ki se 22ème li menm.
#3Avril2026#BiwoPolitikThanis@RTGHaiti
Mwen felisite pèp ayisyen an ki te desann nan lari a pou fè revandikasyon yo pase jodi dimanch 29 mas la, nan okazyon 39 ane konstitisyon an.Biwo politik Thanis renouvle angajman li pou akonpaye pèp ayisyen an.Mobilizasyon jeneral pou respè Konstitisyon an.
Konstitisyon,Kasasyon
La voix du peuple c'est la voix de Dieu !
Mwen pral entèvni aprè midi jedi 26 mas la, 6h15, sou antèn Radyo Regard fm 92.7 fm, nan emisyon REGARD ACTUALITÉ.
Mwen p'ap trayi batay pèp la !
Nou menm aktè konsekan ki rete koyeran pou genyen yon tranzisyon refondatris atravè konstitisyon an, nou te rankontre laprès jedi 26 mas la, nan lide pou n enfòme pèp ayisyen an k'ap mande Lakou Kasasyon konsènan dat 29 mas la k'ap make 39 ane konstitisyon an. #Sitin29MasDèlma34
Mwen te reponn envitasyon Fwon Komen jounen madi 17 mas la, nan sousi pou n tabli yon gouvènans enstitisyonèl, konstisyonèl, jirispridansyèl ak konsansyèl. Alix Didier Fils-Aimé Premye minis revoke, defakto pa gen okenn lejitimite ak legalite. #Kasasyon#Enstitisyon#Konstitisyon
Jodiya libète lapawòl ak libète ekspresyon menase aprè aksyon ajan enterimè Petyonvil la Kesner Normil agrese nou ki te devan lokal @OEA_oficial pou di non ak Pacte Chaos ki kont pèp la. Biwo Politik la pote solidarite li bay Me Winder Bernard ki viktim anba menas Kesner Normil.
Mwen te kontan chalere sa moun Dèlma 19 te banm jedi aprè midi 12 fev 2026 la, nan kad mache kontre Biwo Politik Ansyen Depite Jean Fenel THANIS ap fè fas ak sitiyasyon gouvènans peyi a ak yon premye minis defakto revoke ki se Alix Didier Fils-Aimé.
Batay pou Bisefal li ye !
Jounen madi 10 fev 2026 la atravè Biwo Politik mwen, nou te chita pale ak direktwa #OpozisyonPliryèl la. #BiwoPolitikAnsyenDepiteJeanFenelTHANIS ak Opozisyon Pliryèl k'ap prezide pa Me. Jeantel Joseph, nou mete n dak�� pou n fè yon sèl pou n batay nan enterè pèp ayisyen an.
Jounen madi 10 fev 2026 la atravè Biwo Politik mwen, nou te chita pale ak direktwa #OpozisyonPliryèl la. #BiwoPolitikAnsyenDepiteJeanFenelTHANIS ak Opozisyon Pliryèl k'ap prezide pa Me. Jeantel Joseph, nou mete n dakò pou n fè yon sèl pou n batay nan enterè pèp ayisyen an.
Eksperyans peyi a sot fè ak Konsèy prezidansyèl la, se yon katastwòf pandan 22 mwa a. Enjerans peyi etranje vle enpoze nou yon pratik ensousyans, enkonsyans tankou ansyen Premye minis Ariel Henry te konn fè li nan ekzekitif monosefal li a. Mobilizasyon jeneral ! @USEmbassyHaiti
Batay la pa fasil, li pat janm fasil sistèm nan gen anbranchman nan anpil sektè, men revandikasyon pèp ayisyen an ap respekte. Nou prale nan Lakou Kasasyon ! Nou kontinye denonsye mannèv @citoyendidier ak tout ekip li ap fè pou akapare pouvwa a aprè 7 fev. @CARICOMorg fè respè w!
Biwo Politik Ansyen Depite Jean Fenel THANIS salye gwo jefò ki fèt atravè plizyè gwoupman politik ki tande demand pèp la ki mande pou gouvènans peyi a dirije atravè Lakou Kasasyon apati 7 fev pwochen. Initiative 24 Avril 2025, Akò Karibe, Opozisyon Pliryèl, DEFHI... Bon travay
Biwo Politik Ansyen Depite Jean Fenel THANIS salye gwo jefò ki fèt atravè plizyè gwoupman politik ki tande demand pèp la ki mande pou gouvènans peyi a dirije atravè Lakou Kasasyon apati 7 fev pwochen. Initiative 24 Avril 2025, Akò Karibe, Opozisyon Pliryèl, DEFHI... Bon travay
Gwo randevou istorik sa pèp ayisyen te mande m pou m pran atravè biwo politik mwen jounen mèkredi 14 janvye 2026 la te respekte. Gouvènans peyi a dwe dirije atravè enstitisyon pou n rete tou pre konstisyon an. Yon jij nan Lakou Kasyon pou ki dirije tranzisyon an se demann pèp la
Antanke manm inisyativ 24 Avril 2025 lan ki angaje nan batay pou rapatriye souver��nte peyi a nan sousi pou genyen yon tranzisyon k'ap sòti nan Lakou Kasasyon pou dirije tranzisyon refondatris la.Mwen te akonpaye pèp ayisyen an nan dat 7 janvye a k'ap mande Kasasyon.
@Inative25391