Étudié à l'Université d'État d'Haïti (UEH)
/IERAH-ISERSS/ Histoire
/Étudié à L'ISNAC/ Com/
Co-fondateur COPODEC
/Rêve d'un jeune garçon, une immense motivation!
Chak etap ou sote ap tann ou pi devan. Chak move chwa gen yon pri. Chak moun ou swiv kapab mennen w kote ou pa t janm planifye ale. Lè w prese rive, pafwa se nan fen w ou rive anvan destinasyon w.
Rezo sosyal yo ba nou enpresyon siksè se yon bagay ki fasil. Tout jenès la vle rive rapid vit, san efò, san moral. Lè yo jwenn yon obstak, yo pran nenpòt ki chimen dekoupe, san konplèks. Se pou sa m anvi ri lè nou di m se jenerasyon sa poukont li k ap vin sove Ayiti.😀
Bro to everyone :
Rive yon etap nan lavi w, w ap wè ou plis bezwen patnè serye pou fè pwojè, biznis epi envesti. Olye zanmi k ap rele w tout lasent jounen pou pale de sa lòt moun ap regle ak pwòp vi pa yo.
Pi gwo fòm richès la se pa kantite lajan ou genyen.
Se kantite chwa ou genyen.
Lè ou ka di “non” san ou pa pè.
Lè ou ka kite yon travay ki pa respekte w.
Lè ou ka mache kite yon relasyon ki kraze w.
Lè ou ka chwazi lapè olye dezespwa.
Se lè sa a ou kòmanse vrèman lib.
Paske anpil moun pa rete kote yo ye paske yo vle.
Yo rete paske yo pa gen lòt chwa.
Bat pou ou pa janm rive nan pwen sa.
Nou viv nan yon sosyete ki renmen sa yon gason pwodui.
Lajan li.
Travay li.
Sakrifis li.
Pwoteksyon li.
Men anpil fwa, menm sosyete sa pa enterese nan pri emosyonèl li peye pou bay bagay sa yo.
Nou selebre rezilta yo.
Nou inyore chay la #SanteMantalgason
Minis Vijonet Déméro, poukisa se inikman moun CFEF ou aksepte rankontre ? Pandan gen plizyè etidyan ki te nan estaj nan lane 2023 ki ekri w, ou pa janm reponn. Nou voye 2 lèt : youn 22 mas, lòt la 22 me. okenn repons. Minis, nou paka mouri, nou paka bay ensekirite bat nou.
@MENFP_Education Minis Vijonet Déméro, poukisa se inikman moun CFEF ou aksepte rankontre ? Pandan gen plizyè etidyan ki te nan estaj nan lane 2023 ki ekri w, ou pa janm reponn. Nou voye 2 lèt : youn 22 mas, lòt la 22 me. okenn repons. Minis, nou paka mouri, nou paka bay ensekirite bat nou.
@MENFP_Education Minis Vijonet Déméro, poukisa se inikman moun CFEF ou aksepte rankontre ? Pandan gen plizyè etidyan ki te nan estaj nan lane 2023 ki ekri w, ou pa janm reponn. Nou voye 2 lèt : youn 22 mas, lòt la 22 me. okenn repons. Minis, nou paka mouri, nou paka bay ensekirite bat nou.