"Ak Lavalas
Fòk tout moun,
San distenksyon,
Pale san kè sote,
Dòmi san kè sere,
Leve san kè kase.
Nan Site Solèy, Raboto, Lafosèt Okap,
Fòk gen lapè nan tèt, lapè nan vant!"
SHALOM 2004, Dr Aristide
#nouvleviv#diyite#pouvwapèpla
Salè minimum vs pri Gaz: travayè SONAPI yo di ase!
Manifestasyon nan SONAPI: travayè yo leve kanpe pou mande ogmantasyon salè minimum nan, denonse jan lavi a vin twò chè sitou pri gaz la ki depase sa yo touche. Leta dwe pran responsablite li.
Èske ou te konnen nan peryòd kote se pèp la ki t ap dirije, lekòl te konn fèt nan twa vakasyon? Tout raje, tout ti kwen se te lekòl Alpha. Tout ti machann, aprè l fin vann, anvan l rantre lakay li pase nan lekòl Alpha. Tout lekòl Leta te konn fonksyone nan 2 vakasyon.
TMSM
#DJ

Èske ou te konnen epòk prezidan Aristide t ap dirije, Palè Nasyonal, kote l te ye, te pwòp anpil? Te gen gwo jefò ki te fèt pou repare anpil wout anndan peyi a. Kanta pou plas piblik yo menm, se pa pale. Sou plas yo, te konn gen deba, tout kalite konesans pat sispann pataje.
#JD

Li lè pou n goumen pou n rekonswi lakay nou. Rekonstriksyon an dwe
pase pa yon chanjman radikal, k ap ranvèse tout pwofitè, tout akaparè ki pa sispann itilize pouvwa politik pou regle zafè pèsonèl yo ak zafè pwòch yo. Jan Prezidan Aristide toujou
di l : « Lakay se lakay🇭🇹».
JD
Chak jou neyokolon yo ap parèt pi sovaj, pi sovaj pase zannimo sovaj yo.
Sa kap pase nan peyi a gen anpil konsekans sou avni pèp Ayisyen an. Se yon kout ponyan an plis pou Memwa zansèt nou yo ! Fòk nou di NON! Pa dwe gen plas pou sistèm sa renouvle tèt li.
#paobeyi

"Kisa nou fè ak lajan ransèyman an ?
Kisa nou fè ak lajan Taks pèp la ?
Kisa nou fè ak Bidjè ki alwe ak zafè sekirite nan peyi a ? Kisa twoup ki prezan sou sòl la ap regle? Jwèt mètdam kap jwe nan bouske tout avantaj nan Leta a san bay sévis la, pèp la wè l e li pap pranl."
#CG

Fas ak rezilta koudeta 2004 la, fas ak rezilta kontra sosyal la, nou plis pase konvenki fòk gen plis dòz vaksen konsyans pou moun ki san konsyans yo. Depi prèske 20 lane Ayiti ap kriye.
#🇭🇹 #paobeyi#vaksenkonsyans#sekiritenouvle