Jodia fè 62 mwa depi yon kowalisyon oligak ak politisyen kriminèl kowonpi touye marim, Prezidan #JovenelMoise e tirem.
Nou sonje Prezidan an te di nou jan oligak blakawout te menase touye l si li kontinye nan afè bay pèp la kouran.
Yo touye l vre.
Lajistis fè manda pou yo depi 9 Jiyè 2021.
62 mwa apre oligak achte yon pati nan jistis la e okenn nan yo pa mete pye.
Nou sonje gen moun ki di se yo ki fè Prezidan Jojo antre nan politik. Yo te menm voye militan yo di ke se yo sèl ki ka garanti sekirite prezidan an. Blakawout met kòb atè, e se yo ankò ki livre Prezidan Jojo.
Bon tann mwen, moun sa yo panse ke jodia, Ayiti tap bliye mal yo fèl!
Nou sonje jan opozisyon radikal la rantre nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè pou fè rezolisyon koudeta.
Nou sonje tantativ koudeta yo fè kont konstitisyon peyi a ak jij kasasyon Joseph Mécène.
Nou sonje jan jij kou kasasyon Ivickel Dabrésil fè tantativ pou touye Prezidan an pou oligak blakawout yo 7 Fevrye 2021.
Nou sonje apre lapolis te mete yo anbakòd, jan pati lajistis ki kowonpi a lage yo rapid vit.
Nou sonje jan Wendelle Coq Thelot nan mawon paske l gen avi de rechèch dèyè l depi mwa Jiyè 2021 pou enplikasyon l nan touye Prezidan an. Jodia pwotektè dwazimen li nan primati ap fè fowòm sekirite e nonmen pòl jidisyè kowonpi.
Se menm pati lajistis kowonpi sa ke #gang yo te vle bay pouvwa an Novanm 2024. Se menm pati lajistis sa ki nan operasyon Bolivi selon temwayaj ki sòti nan tribinal federal Miami. Se menm pati lajistis kowonpi sa kap trafike ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou mwen. Se menm pati lajistis sa a kap chache fè koudeta bisefal jodia.
Nou sonje skandal ti kanè Prezidan yo jwen nan men dwazimen kriminèl.
Pèp la wè klè. Pèp la pa egare, pèp la pa pèdi bon sens li, menm lè nap maspinen l, nap touye l.
Bay kou bliye pote mak sonje.
Nou sonje tout sak sòti nan tribinal federal Miami. Pèp ayisyen an ak diaspora a te tande konfesyon asasen operasyon Bolivi yo ke lajistis jwen koupab e kondane pou pase rès vi yo nan prizon. Genyen kriminèl yo deja rekonèt koupab ki pral resevwa santans yo pou krim yo fè kont Ayiti, kont Prezidan Jovenel, kont mwen menm ak fanmi m.
Pou mare tout kriminèl yo, nou bay tout kolaborasyon nou ak jij ki pa nan koudeta, ki pa nan tranzaksyon e koripsyon ak kriminèl e ki respekte manda yo bayo. Nou pap kanpe jiskaske tout kriminèl yo mare. Yo mèt depanse tout kantite kòb yo piye nan leta a, sèvi ak pouvwa pou fè vyolans, kraponnen, entimide, menase, pèp la konnen defèt dwa, defèt lalwa, defèt lajistis toujou pwovizwa.
Nou sonje sakrilèj kriminèl yo ki te oze vyole lokal mozole Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2026 nan 60èm mwa komemorasyon asasina a. Yo te retounen apresa pou esaye met dife ladanl. Nou kondane sa ak tout fòs!
Nou obsève tou nivo mepri gouvènman ki la genyen pou soufrans pèp Mibalè, Kenscoff, Leogane, Kwadèboukè, Delmas e latriye. Pèp la bouke fas a vyolans sovaj, fas a koripsyon yon klas moun ki gen mepri pou li. Pèp la bouke pou jan dirijan ap tretel pi mal pase bèt.
Nou remèsye pèp ayisien an pou kouraj li, sipò li, lapriyè li nan goumen sa pou jistis la. Ayibobo pou nou tout! Fanmi m ak mwen menm trè rekonesan pou tout sipò sa yo. Mèsi anpil!
Veye anwo!
Veye anba!
Operasyon Bolivi a la pirèd!
Pèp ayisien avni nou se nan men nou l ye.
Tantativ koudeta elektoral kap pare la, pwal fouye peyi a nan yon tou ki pi fè nwa.
Pare pou nou defann tèt nou, pare pou nou defann tè nou.
Pa gen lòt opsyon. Se kanpe goumen li ye!
#VivAyiti
#JistispouPèpAyisyen
#JistispouJovenelMoise
#Haiti
Jodia 7 Daout 2026, fè 61 mwa depi oligak ak politisyen kriminèl #Ayiti touye Prezidan #JovenelMoïse e tirem.
Lajistis pral kondane 4 kriminèl nan tribinal federal Miami e sanble gen kèk nouvo kriminèl ki pral jije. Lakay, se oligak toujou ki kontwole lajistis. Pèp la rete vijilan. Lap chaché wout poul pase. Li konnen asasen yo gen pou mare kanmenm.
Pandan 61 mwa sa a, enjistis ap fwape pèp nou tribò babò. Plis pase 31 teritwa livre, mete 1 milyon 500 mil sè, frè nou nan soufrans, kè koupe. Ensekirite programe a fwape tout moun. Mizè, grangou pèp la pa konsèné responsab leta yo. Politik ti rès la pou pèp la disparèt. Resous leta fè oligak ak anplwaye yo vin pi rich.
Nan tout kalamite sa yo, mwen di moun #TPS yo kouraj, se ayisien nou ye. Nou se rozo, nou pap kase. Gen kèk kote nan mond lan konpasyon, lanmou Bondye sanble disparèt men kòm kretyen an nou kenbe flanbo lespwa a wo.
Apré 61 mwa, sistèm peze souse e kraze zo a ap chaché renouvele tèt li a travè yon panzou elektoral. Pèp la pa dakò. Pèp la se sekirite lap chache pou bonjan eleksyon kapab reyalize nan peyi Dayiti.
Kanta pou lajistis, nou dwe kontinye goumen pou lalwa kapab triyonfe. Yo mèt fè sa yo vle, tout moun konnen ke defèt dwa toujou pwovizwa. Chimen delivrans lan ap rive.
#Jistis
#JovenelMoise
Le gouvernement haïtien a annoncé, ce mardi 7 juillet, le départ d'une mission médicale de solidarité vers le Venezuela, à la demande du Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé. Conduite par le ministre de la Santé publique, Dr Sinal Bertrand, cette délégation est composée de 31 professionnels de santé chargés d'apporter une assistance médicale et humanitaire aux victimes des deux violents séismes survenus le 24 juin dernier.
À travers cette initiative, les autorités haïtiennes entendent exprimer leur soutien au peuple vénézuélien, tout en réaffirmant les liens historiques de coopération et d'amitié entre Haïti et le Venezuela. Le gouvernement a également présenté ses condoléances aux familles des victimes et souhaité un prompt rétablissement aux blessés.
Dans le respect de la loi, dont j'ai toujours défendu l'application stricte, j'ai procédé, ce mardi 7 juillet 2026, moins de trois jours après la cessation de mes fonctions à l'@ULCCHaiti, au dépôt de ma déclaration de patrimoine de sortie au greffe du Tribunal civil de Port-au-Prince.
Par cette démarche, je réaffirme que la déclaration de patrimoine est une exigence de transparence et d'exemplarité dans l'exercice des fonctions publiques.
L’ingénieur Jacques Rousseau, ancien ministre des Travaux publics, Transports et Communications (MTPTC) sous la présidence de Michel Martelly, est décédé le vendredi 15 mai 2026 à Port-au-Prince. Il souffrait depuis un certain temps de problèmes de santé, notamment de diabète et d’hypertension, selon des informations confirmées par ses proches et anciens collaborateurs.
La jeunesse ne manque ni de talent, ni de vision. Ce qu’elle demande, c’est une vraie opportunité : être écoutée, valorisée et impliquée dans les décisions qui façonnent son avenir.
Elle veut construire, innover, transformer. Elle veut se réaliser tout en contribuant à un projet collectif plus grand qu’elle-même. Elle cherche un cadre où ses idées comptent et où son engagement a un impact réel.
EDE incarne cet espace d’expression, de croissance et d’action.
Le livre seul est libérateur. Si je pouvais aider à transformer la fougue, la fièvre et l’élan incandescent de la jeunesse en une véritable demeure vivante au cœur des livres… Je crois que c’est là, grâce au livre, que la politique peut se réinventer : non plus dans l’oubli des erreurs passées, mais sur le socle des leçons apprises, guidée par la connaissance, la mémoire et la sagesse accumulée des générations.
Selon des informations dont nous disposons, le parti Pitit Desalin, dirigé par Moïse Jean-Charles, réclame le Ministère de l’Intérieur, la Direction générale des Douanes, ainsi que le maintien de Vernet Joseph à l’Agriculture avant de signer le Pacte national pour la stabilité et l’organisation des élections. Ce parti, qui se dit « pro-peuple », semble avoir pris goût au pouvoir, et ne souhaite négocier que pour préserver sa place au sein du gouvernement.
Une tentative de kidnapping a été déjouée ce matin par la police dans la zone comprise entre Delmas 31 et Delmas 33. Les suspects se trouvaient à bord de deux véhicules et portaient des uniformes de la police. Deux individus armés ont été abattus lors de l’intervention, tandis que trois autres ont pris la fuite. La victime a été récupérée par les forces de l’ordre.